YouVersion Logo
Search Icon

Nonb 17

17
Mirak branch bwa Arawon an
1Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
2— Pale ak moun pèp Izrayèl yo. Di yo pou yo pote douz branch bwa, yon branch bwa pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la. Wi, y'a pran yon branch bwa nan men chèf chak branch fanmi. Epi w'a ekri non chak chèf sou branch bwa pa yo. 3W'a ekri non Arawon sou branch bwa Levi a. Va gen yon sèl branch bwa pou chak moun ki chèf nan branch fanmi pa l. 4W'a mete #Egz 25.22 yo nan Tant Randevou a, devan Bwat Kontra a, kote mwen ban nou randevou a. 5Branch #Nonb 16.5,11 bwa ki pote non moun mwen chwazi a se li menm ki va boujonnen. Se konsa m'a fè moun Izrayèl yo sispann bougonnen sou do nou.
6Moyiz pale ak moun pèp Izrayèl yo. Epi chak chèf pote ba li yon branch bwa, yonn pou chak branch fanmi. Sa te fè douz branch bwa antou. Branch bwa Arawon an te nan mitan tout lòt yo. 7Moyiz #Egz 38.21 pran tout branch bwa yo, li mete yo devan Bwat Kontra Senyè a, nan Tant Randevou a.
8Nan denmen, lè Moyiz antre nan Tant Randevou a, li wè branch bwa Arawon an ki nan fanmi Levi a boujonnen. Li te menm gentan fleri epi bay fwi mi. 9Moyiz pran tout branch bwa yo ki te devan lotèl Senyè a, li pote yo bay moun pèp Izrayèl yo. Yo wè sa ki rive, epi chak chèf pran branch bwa ki te pou yo a.
10Senyè a #Nonb 16.38; Eb 9.4 di Moyiz:
— Remete branch bwa Arawon an devan Bwat Kontra a. Se pou yo konsève l pou sa sèvi yon siy pou moun tèt di sa yo, pou yo ka sispann bougonnen. Si yo pa sispann bougonnen, y'ap mouri!
11Moyiz fè jan Senyè a te ba li lòd fè a.
Travay prèt yo ak moun Levi yo
12Apre sa, moun pèp Izrayèl yo pale ak Moyiz, yo di l konsa:
— Gade jan n'ap mouri, n'ap deperi, nou tout ap fini. 13Depi #Nonb 1.53; 18.5 yon moun pwoche bò Tant Randevou a, li mouri. Si se konsa, nou tout ap mouri!

Currently Selected:

Nonb 17: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in