YouVersion Logo
Search Icon

Nawoum 3

3
1Madichon pou lavil ki renmen fè san #Eze 24.9; Aba 2.12 koule a!
Se manti ase l'ap mache bay.
Li plen richès li vòlò nan fè mètdam.
Li chaje ak byen li piye kay lòt.
2Koute #Jij 5.22; Jowèl 2.5 bri fwèt kach yo,
bri wou cha yo k'ap woule vini.
Koute bri chwal yo k'ap galope,
bri cha lagè yo k'ap kouri vini.
3Kavalye yo ap zeponnen chwal yo.
Nepe yo klere kou fèman nan solèy.
Lans yo, ou ta di zèklè.
Moun tonbe kou mouch.
Kadav yo fè pil sou pil.
Ou pa ka konte yo.
Moun ap bite sou moun mouri.
4Y'ap #Eza 47.9,12; Rev 17.2; 18.3; Aba 2.16 pini lavil Niniv, manman jennès la.
Y'ap pini l pou tout dezòd li fè yo.
Li te bèl, li te fò nan pawòl dous!
Li fè yo pran plezi kont kò yo ak li.
Li fè nasyon yo pèdi tèt yo.
Lèfini, li pran yo, li fè trafik ak yo!
5Men #Jer 13.22; Mal 2.9 sa Senyè ki gen tout pouvwa a di:
Se mwen menm k'ap regle ak ou!
Mwen pral leve rad ou anlè jouk nan tèt.
Mwen pral mete ou toutouni pou tout nasyon yo ka wè ou,
pou tout peyi ka wè jan ou san wont.
6Mwen #Na 1.14; 1 Kor 4.9 pral kouvri ou ak salte.
Mwen pral avili ou,
pou tout moun ka wè jan ou pa bon.
7Tout #Jer 15.5; 51.9; Sof 2.13 moun ki va wè ou va kouri byen lwen ou.
Y'a di: Lavil Niniv fini!
Ki moun ki va gen pitye pou li?
Pa gen pèsonn ka vle vin kenbe rèl la avè l.
8Ou #Eze 29.3; Am 6.2 menm lavil Niniv, ou pa pi bon pase lavil Tèb. Atout li chita nan mitan gwo larivyè Nil la, ak dlo toupatou tankou yon ranpa, tankou yon glasi pou pwoteje l, 9atout #2 Kwo 12.3; Da 11.43 li te anvayi peyi Letyopi ak peyi Lejip kifè pat gen limit pou pouvwa li ankò, atout moun peyi Pout yo ak moun peyi Libi yo te mache ansanm avè l, 10yo #Eza 13.16; 20.4; Jowèl 3.3 fè moun li yo prizonye, yo depòte yo nan lòt peyi. Nan tout kalfou, yo kraze pitit li yo jouk yo mouri. Yo mare grannèg li yo nan chenn kou esklav. Yo separe yo, yo tire osò pou bay chak moun pa yo.
11Ou #Sòm 75.8; Jer 25.17,27 menm tou, lavil Niniv, ou pral sou. Tèt ou pral vire. Ou menm tou, ou pral chache kote pou ou kache pou lènmi ou yo. 12#Rev 6.13 ou yo tankou yon pye fig frans chaje fig mi: ou annik souke l, epi fig yo tonbe nan bouch k'ap tann pou manje yo. 13Sòlda #Eza 19.16; Jer 51.30 ou yo, ou ta di yon bann vye fanm! Peyi a san defans devan lènmi ou yo. Dife boule tout ba ki te fèmen pòtay ou yo. Yo rete gwo louvri. 14Al #Eza 22.11 pran dlo mete la, paske yo pral sènen ou anndan lakay ou. Repare miray fò ou yo! Al bat tè ak pye ou pou fè brik! Pare fòm pou fè brik. 15Ou #Jowèl 1.4,6; 2.3 te mèt peple tankou chini, ou te mèt peple tankou krikèt, dife pral boule ou nèt ale. Lagè pral fini avè ou.
16Moun ki t'ap fè kòmès lakay ou te plis pase zetwal nan syèl. Koulyeya, yo louvri zèl yo tankou krikèt vole ale. 17Sòlda #Eza 10.8; Jer 51.27 ou yo ak moun k'ap travay pou ou yo pral tankou yon bann krikèt ki poze sou raje lè fredi. Leve solèy la leve, y ale. Pèsonn pa konnen kote yo fè.
18Ou #1 Wa 22.17; Sòm 76.5 menm wa peyi Lasiri a, faksyonè ou yo ap dòmi. Chèf lame ou yo mouri. Moun ou yo gaye nan tout mòn. Pa gen pèsonn pou fè yo tounen lakay yo ankò. 19Pa #Eza 37.18; Lam 2.15; Sof 2.15 gen renmèd pou ou pou jan ou donmaje a. Pa gen gerizon pou maleng ou a. Tout moun ki va pran nouvèl la va kontan, y'a bat men. Paske, ak tout mechanste ou yo, pa gen moun ou pat fè pase mizè.

Currently Selected:

Nawoum 3: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy