YouVersion Logo
Search Icon

Levitik 6

6
1Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
2— Si #Egz 22.7,10; Lev 19.11,13; Nonb 5.6 yon moun fè peche, si li fè bagay Senyè a pa vle moun fè, si li bay yon moun pèp Izrayèl parèy li manti sou bagay li te mete an depo lakay li, sou bagay li te ba li kenbe pou li an zanmi, ou ankò si li vòlò l, ou ankò si li twonpe l, 3ou #Lev 19.12; Det 22.1-3; Zak 5.4 ankò si li jwenn bagay lòt la te pèdi epi li manti, li sèmante li pat jwenn li, pou tout bagay mal sa yo yon moun ka fè, se pou yo fè yon ofrann. 4Lè yon moun fè yon peche konsa, li koupab, se pou li renmèt li, kit sa li te vòlò oubyen li te pran anmètdam lan, kit depo yo te ba li, kit se bagay pèdi li te jwenn lan, 5osinon #Nonb 5.7; 2 Sam 12.6; Lik 19.8 sa li te sèmante li pa te jwenn nan. Wi, se pou li renmèt tout, plis ven pou san, bay mèt bagay la, jou l'ap fè ofrann pou peye sa li te fè ki mal la.
6Apre #Lev 5.18 sa, l'a pran yon belye nan bèt li yo, yonn ki san okenn enfimite, l'a mennen l bay prèt la ki va ofri l bay Senyè a pou li peye pou sa l te fè ki mal la. Y'a kalkile pri belye a dapre sa yo gen pou yo peye pou ofrann konsa. 7Prèt la va fè ofrann lan pou li bay Senyè a. Bondye va padonnen l nenpòt kisa li te fè li pat dwe fè.
Sakrifis yo boule nan dife
8Senyè a pale ak Moyiz, li di l ankò:
9— Men lòd pou ou pase Arawon ansanm ak pitit gason l yo. Men ki jan pou yo fè ofrann pou yo boule nèt pou Senyè a. Se pou ofrann lan pase tout nwit la ap boule jouk denmen maten sou lotèl la. Se pou dife sou lotèl la pa janm mouri. 10Nan #Lev 1.16; 16.4; Eze 44.18 maten, prèt la va chanje rad sou li, l'a mete yon chemiz fèt ak twal fen blan, ansanm ak yon kalson ki fèt ak menm twal la, l'a wete sann ki rete apre ofrann lan fin boule nèt sou lotèl la, l'a mete l sou kote lotèl la. 11Apre #Eze 44.19 sa, l'a chanje rad ankò. L'a mete rad òdinè sou li. L'a pote sann lan kote ki rezève pou sa a lòt bò limit kote moun yo rete a. 12Fòk #Lev 3.3-5 dife ki sou lotèl la toujou ap boule. Pa janm kite l mouri. Chak maten prèt la va mete bwa ladan l, epi l'a ranje ofrann pou boule a sou li, epi l'a boule grès ofrann yo fè pou di Bondye mèsi a. 13Se pou dife a toujou ap boule sou lotèl la. Pa janm kite l mouri.
Ofrann rekòt yo
14Men #Lev 2.1 regleman pou lè n'ap ofri grenn ki sòti nan jaden nou. Yonn nan pitit Arawon yo va prezante grenn y'ap ofri a bay Senyè a devan lotèl la. 15Apre #Lev 2.2 sa, l'a pran yon ponyen farin nan ofrann grenn lan tou melanje ak lwil ansanm ak tout lansan an, l'a boule l sou lotèl la pou Senyè a pa janm bliye moun ki fè ofrann lan, ki vle di se tout yo ofri bay Senyè a. Sant ofrann yo boule a va fè Senyè a plezi. 16Arawon #Lev 10.12,13 ak pitit li yo va manje rès la. Y'a fè pen san ledven avè l, y'a manje pen an yon kote apa pou Senyè a nan lakou Tant Randevou a. 17Se #Lev 2.3,11; 6.25,29; 7.1; Nonb 18.9 pou yo kwit pen an san ledven. Se mwenmenm menm ki ba yo pòsyon pa yo nan ofrann y'ap boule nèt pou mwen an. Se yon bagay ki apa nèt pou mwen, tankou yon ofrann yo fè pou peche yo ak ofrann yo fè pou peye pou sa yo te fè ki mal. 18Nenpòt #Egz 29.37; 30.29; Nonb 18.10 gason nan branch fanmi Arawon an ka manje l. Sa se yon prensip k'ap la pou tout tan. Se va pòsyon pa yo nan ofrann grenn y'ap boule pou Senyè a. Si lòt moun manyen yon ofrann grenn yo mete apa pou Senyè a, malè va rive l poutèt sa.
19Apre sa, Senyè a pale ak Moyiz, li di l ankò:
20— Men ofrann Arawon ak pitit gason l yo va fè pou Senyè a jou y'ap mete yo apa pou sèvis Bondye a. Jou sa a, y'a pote yon liv farin menm kantite ak sa yo ofri chak jou a, y'a ofri mwatye ladan l nan maten, lòt mwatye a nan aswè. 21Y'a #Lev 2.5; 7.12 melanje lwil ladan l, y'a kwit li sou griy. Apre sa, y'a kraze l an ti moso tankou lè y'ap fè ofrann grenn ki sòti nan jaden yo, y'a ofri l bay Senyè a. Sant ofrann yo boule a va moute, l'a fè Senyè a plezi. 22Se #Egz 29.25 yon lòd ki la pou tout tan. Se pou pitit Arawon y'a mete apa pou ranplase Arawon an toujou fè ofrann sa a bay Senyè a. Y'a boule ofrann lan nèt, y'a ofri l bay Senyè a. 23Lè yon prèt ap fè yon ofrann grenn pou tèt pa l, se pou yo boule tout nèt nan dife. Yo pa fèt pou yo manje anyen ladan l.
Sakrifis pou peche iyorans
24Senyè a pale ak Moyiz, li di l:
25— Men #Lev 1.3,11; 4.1-35; 6.17 sa w'a di Arawon ak pitit gason l yo. Men regleman pou yo swiv lè y'ap fè ofrann pou peche moun fè san yo pa konnen. Y'a touye bèt y'a ofri pou kalite peche sa yo sou bò nò lotèl la, kote yo touye bèt yo ofri pou boule a. Sa se yon ofrann yo mete apa nèt pou Senyè a. 26Prèt #Lev 6.16; Nonb 18.9,10; Eze 44.27,29 ki va touye bèt la va manje l kote yo mete apa pou Bondye nan lakou Tant Randevou a. 27Nenpòt #Lev 6.18 moun osinon nenpòt bagay ki touche ak vyann bèt yo konsakre pou Senyè a, li va tounen yon moun osinon yon bagay apa pou Bondye tou. Si san bèt la tonbe sou yon rad, w'a lave rad la yon kote ki apa pou Senyè a. 28Se #Lev 11.32,33; 15.12 pou yo kraze tout veso an tè ki te sèvi pou bouyi vyann lan. Men, si se nan yon veso an kwiv yo te bouyi l, se pou yo grate l byen grate epi lave l nan gwo dlo. 29Tout #Nonb 18.10 ggason nan fanmi prèt yo gendwa manje vyann lan paske se yon vyann yo konsakre nèt pou Senyè a. 30Men, #Lev 4.7,11; 16.27; Eb 13.11 si yo pran ti gout nan san bèt la pou yo pote l anndan Tant Randevou a pou yo sèvi avè l tankou san bèt yo ofri pou repare sa yon moun fè ki mal, yo pa fèt pou yo manje anyen nan bèt la. Se pou yo boule l nèt nan dife.

Currently Selected:

Levitik 6: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in