YouVersion Logo
Search Icon

Jozye 4

4
Temwayaj douz wòch nan larivyè Jouden an
1Lè tout moun fin janbe lòt bò larivyè Jouden an, Senyè a pale ak Jozye. Li di l konsa:
2— Chwazi #Joz 3.12 douzòm, yonn nan chak branch fanmi yo. 3W'a #Det 27.2; Joz 4.8,19,20; 1 Wa 18.31 ba yo lòd pou yo chak pran yon wòch nan mitan larivyè Jouden an, kote prèt yo te kanpe a. Y'a pran douz wòch sa yo, y'a pote yo lòt bò larivyè a. N'a mete yo kote nou pral moute tant nou yo aswè a.
4Lè sa a, Jozye fè rele douz mesye li te chwazi pami moun pèp Izrayèl yo, yonn pou chak branch fanmi yo. 5Epi li di yo:
— Ale devan Bwat Kontra Senyè a, Bondye nou an, ki nan mitan larivyè a. Chak moun va pran yon wòch mete sou zepòl yo, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la. 6Wòch #Egz 12.26; 13.14; Det 6.20; Joz 4.21 sa yo va sèvi pou fè pèp la chonje sa Senyè a te fè pou yo. Denmen, lè pitit nou yo va mande nou kisa wòch sa yo vle di pou nou, 7n'a #Egz 12.14; Joz 3.16 reponn yo: Dlo larivyè Jouden an te sispann koule devan Bwat Kontra Senyè a. Wòch sa yo la pou pèp Izrayèl la ka toujou chonje dlo larivyè Jouden an te sispann koule lè yo t'ap janbe lòt bò larivyè a.
8Mesye yo fè sa Jozye te ba yo lòd fè a. Jan Senyè a te di Jozye, yo pran douz wòch nan mitan larivyè Jouden an, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, yo pote yo avèk yo lòt bò rivyè a. Yo mete yo kote yo moute tant yo pou pase nwit lan. 9Apre #Joz 4.3 sa, Jozye pran douz lòt wòch, li mete yo kanpe nan mitan larivye a, kote prèt ki t'ap pote Bwat Kontra yo te kanpe a. Wòch yo la jouk kounyeya. 10Prèt yo te rete kanpe avèk Bwat Kontra a sou zepòl yo, nan mitan larivyè a jouk yo fin fè tout sa Senyè a te bay lòd pou pèp la te fè, jan Moyiz te mande pou Jozye fè l la.
Se konsa, pèp la prese janbe lòt bò larivyè a. 11Lè yo tout fin pase, prèt yo fè rès travèse a ak Bwat Kontra Senyè a, epi yo pran devan pèp la ankò. 12Premye #Nonb 32.20,21,27 moun ki te janbe lòt bòt larivyè a, devan tout pèp la se te gason branch fanmi Riben yo, gason branch fanmi Gad yo ak mwatye nan gason branch fanmi Manase yo, jan Moyiz te di yo a. Yo te tou pare pou fè lagè. 13Jou sa a, te gen antou karantmil (40.000) gason tou pare pou fè lagè ki te janbe al nan plenn Jeriko yo, devan je Senyè a. 14Sa #Joz 3.7 Senyè a te fè jou sa a te fè tout pèp Izrayèl la pran Jozye pou yon grannèg vre. Depi lè sa a yo respekte mesye jouk li mouri, menm jan yo te respekte Moyiz la.
15Apre sa, Senyè a pale ak Jozye, li di l konsa:
16— Bay #Egz 25.16,21,22 prèt k'ap pote Bwat Kontra a lòd pou yo sòti nan larivyè Jouden an.
17Jozye pale ak prèt yo, li ba yo lòd sa a:
— Moute sòti nan larivyè Jouden an.
18Sòti #Joz 3.15 prèt yo sòti nan larivyè a, lè pye yo touche tè sèk sou rivay la, dlo larivyè a konmanse koule ankò jan li te toujou koule anvan an. Li gonfle moute rive jouk sou rivay li yo.
19Jou pèp la te janbe lòt bò larivyè Jouden an, se te dizyèm jou nan premye mwa a. Y'al moute tant yo yon kote ki rele Gilgal, ki te sou bò solèy leve lavil Jeriko. 20Se #Joz 4.3 la Jozye pran douz wòch yo te pran nan mitan larivyè Jouden an, li mete yo kanpe fè yon wonn. 21Lè l #Joz 4.6 fini, li di moun pèp Izrayèl yo konsa:
— Denmen, lè pitit nou yo va mande papa yo poukisa wòch sa yo la a, 22n'a #Joz 3.17 fè pitit nou yo konnen pèp Izrayèl la te janbe lòt bò larivyè Jouden an san pye yo pat mouye. 23Paske #Egz 14.21; Joz 2.10; Ney 9.11 Senyè a, Bondye nou an, te cheche dlo larivyè Jouden an devan nou jouk nou tout fin pase, menm jan li te cheche Lanmè Wouj la #4.23: Lanmè Wouj la: Nan tèks ebre a nou li Lanmè Wozo yo. devan zansèt nou yo jouk yo tout te fin pase. 24Se #Egz 14.31; Det 3.24; 6.2; 1 Wa 8.42,43; Sòm 89.13 poutèt sa, tout moun sou latè va konnen jan Senyè a gen pouvwa, lèfini nou menm n'a toujou gen krentif pou Senyè a, Bondye nou an.

Currently Selected:

Jozye 4: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in