YouVersion Logo
Search Icon

Jozye 3

3
Pèp Izrayèl lòt bò Jouden
1Jozye leve granmaten, epi li menm ansanm ak tout pèp Izrayèl la yo kite Sitim kote yo te ye a, yo rive devan larivyè Jouden an. Epi yo pase nwit lan la anvan yo janbe lòt bò a. 2Twa #Joz 1.10,11 jou apre sa, chèf yo mache nan tout kan an. 3Yo #Det 31.9,25 t'ap bay pèp la lòd sa pou yo fè. Yo t'ap di yo:
— Lè n'a wè prèt yo ak moun Levi yo leve Bwat Kontra Senyè a, Bondye nou an, pou yo pati, n'a fè pakèt nou pou nou ka swiv yo. 4Se #Egz 19.12 konsa n'a konnen ki wout pou nou pran, paske nou poko janm pase bò isit la. Men, piga nou pwoche twò pre Bwat Kontra a. N'a kite yon distans senksan (500) mèt konsa ant li ak nou.
5Apre #Egz 19.10,14,15; Lev 20.7; Nonb 11.18; Joz 7.13 sa, Jozye di pèp la:
— Mete nou nan kondisyon pou nou fè sèvis pou Bondye, paske denmen Senyè a pral fè mèvèy devan je nou.
6Jozye pale ak prèt yo, li di yo:
— Pran Bwat Kontra a, epi pran devan pèp la sou wout la.
Prèt yo pran Bwat Kontra a, epi yo pran devan pèp la. 7Senyè a #Joz 1.5; 4.14; 1 Kwo 29.25 di Jozye konsa:
— Sa mwen pral fè jòdi a pral fè tout pèp Izrayèl la respekte ou tankou yon grannèg. Yo pral konnen mwen kanpe la avè ou menm jan mwen te kanpe avèk Moyiz. 8Ou #Joz 3.17 menm, pase prèt k'ap pote Bwat Kontra a lòd sa a. Di yo lè y'a rive bò rivyè a, y'a antre nan dlo a, epi y'a rete toupre rivay la.
9Lè sa a, Jozye di moun pèp Izrayèl la:
— Pwoche non: Vin tande sa Senyè a, Bondye nou an, gen pou di nou.
10Lèfini, #Egz 33.2; Det 7.1; Sòm 44.2 Jozye di yo konsa:
— Jòdi a, nou pral konnen Senyè a, Bondye vivan an, nan mitan nou vre. Li pral chase devan nou moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Evi yo, moun Ferezi yo, moun Gigach yo, moun Amori yo, moun Jebis yo. 11Bwat Kontra Mèt tout latè a pral janbe lòt bò larivyè Jouden an anvan nou. 12Chwazi #Nonb 13.2; Joz 4.2,4 douzòm, yonn nan chak branch fanmi pèp Izrayèl la. 13#Egz 15.8; Sòm 78.13; 114.3 prèt k'ap pote Bwat Kontra Senyè a, Mèt tout latè a, va mete pye yo nan dlo larivyè Jouden an, larivyè a pral sispann koule desann, dlo a pral gonfle yon sèl kote bò tèt dlo a.
14Se #Tra 7.44,45 konsa, pèp la leve, yo kite kote yo te ye a. Yo pati pou janbe lòt bò larivyè Jouden an. Prèt yo pran devan pèp la avèk Bwat Kontra a. 15Se #Joz 4.18; 5.10,12; 1 Kwo 12.15 te sezon rekòt, rivyè a t'ap desann, li te gonfle moute sou tout rivay la. Lè prèt ki t'ap pote Bwat Kontra a rive bò larivyè Jouden an, yo mete pye yo nan dlo a. 16Dlo #Egz 14.22 ki t'ap koule desann lan sispann koule. Li gonfle yon sèl bò, bò anwo byen lwen, jouk Adam, lavil ki te toupre Zaretan an. Pat gen dlo ki t'ap koule desann nan lanmè Mouri a ankò. Se konsa pèp la janbe lòt bò larivyè a toupre lavil Jeriko. 17Pandan #Egz 14.29 pèp la t'ap janbe lòt bò san tak dlo pa mouye pye yo, prèt yo te rete kanpe nan mitan larivyè a avèk Bwat Kontra a. Pat gen tak dlo kote yo te ye a. Yo rete kanpe la jouk tout pèp la te fin pase nèt.

Currently Selected:

Jozye 3: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in