YouVersion Logo
Search Icon

Jozye 24

24
Dènye koze Jozye avèk pèp la
1Jozye reyini tout branch fanmi pèp #Joz 23.2 Izrayèl yo lavil Sichèm. Li fè rele tout chèf fanmi yo, tout lòt chèf yo, tout jij yo ak tout notab yo. Yo parèt devan lotèl Senyè a. 2Jozye #Jen 11.27-32; 31.30; 35.2 di pèp la konsa:
— Men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Lontan lontan, zansèt nou yo, Terak ak de pitit gason l yo, Abraram ak Nakò, t'ap viv nan yon peyi lòt bò larivyè Lefrat, kote yo t'ap sèvi lòt bondye. 3#Jen 12.1-6; 21.2,3; Tra 7.2-4 sa a, mwen pran Abraram lòt bò larivyè Lefrat la, mwen fè l travèse tout peyi Kanaran an. Mwen ba li anpil pitit pitit. Pou konmanse, mwen ba li Izarak. 4Apre #Jen 25.24-26; 36.8; 46.6; Det 2.5 sa, mwen bay Izarak de pitit: Jakòb ak Ezayi. Mwen bay Ezayi tout mòn Seyi a pou li. Men Jakòb desann nan peyi Lejip ansanm ak tout pitit li yo. 5Apre #Egz 3.10; 4.14; 7.3; 12.29,51 sa, mwen voye Moyiz ak Arawon nan peyi Lejip. Mwen fè gwo malè tonbe sou peyi a pou pini moun li yo. Mwen fè nou sòti kite peyi a. 6#Egz 14.2,9 mwen fè zansèt nou yo sòti kite peyi Lejip, yo rive bò lanmè Wouj la. #24.6: lanmè Wouj la: Nan tèks ebre a, nou li lanmè Wozo yo. Moun peyi Lejip yo pran kouri dèyè yo ak cha lagè yo ak kavalye yo jouk lanmè Wouj la. 7Zansèt #Egz 14.10,20,27,28; Det 2.7,14; 4.34; 29.2; Joz 5.6 nou yo rele nan pye m, mwen mete yon fènwa nan mitan yo ak moun peyi Lejip yo. Mwen fè lanmè a vini sou moun peyi Lejip yo, li kouvri yo. Nou te wè ak je nou sa mwen te fè moun peyi Lejip yo. Apre sa, nou pase anpil tan ap viv nan dezè a.
8Lèfini, #Nonb 21.21-35 mwen fè nou antre nan peyi moun Amori yo, lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve. Yo leve goumen ak nou. Men mwen lage yo nan men nou. Nou pran peyi yo a pou nou. Mwen disparèt yo devan nou kote nou pase. 9Apre #Nonb 22.5; Det 23.4; Jij 11.25; Mi 6.5 sa, Balak, pitit gason Zipò a, wa peyi Mowab, leve vin fè nou lagè. Li fè chache Balaram, pitit gason Peyò a, pou l vin ban nou madichon. 10Men, #Nonb 23.11,20; 24.1,10 mwen pa koute l. Konsa, li te blije ban nou benediksyon. Se konsa mwen sove nou nan men Balak. 11Lèfini, #Joz 3.17; 4.10-13; 6.1; 11.1-3 nou janbe lòt bò larivyè Jouden, nou rive lavil Jeriko. Moun ki te rete lavil Jeriko yo pran goumen ak nou. Moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Gigach yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo fè menm bagay la tou. Mwen lage yo tout nan men nou. 12Mwen #Egz 23.28; Det 7.20; Sòm 44.3 voye yon kantite gèp panyòl devan nou. Yo fè de wa moun Amori yo kouri met deyò anvan nou rive sou yo. Se pat ni banza nou yo ni nepe nou yo ki te fè sa! 13Apre #Det 6.10,11 sa, mwen ban nou tè nou pat janm travay plante. Mwen ban nou anpil lavil nou pat janm bati. Se la nou rete kounyeya. N'ap manje rezen nan pye rezen nou pat plante, oliv nan pye oliv nou pat plante.
14Kounyeya menm, #Det 10.12; Joz 24.2,23; 1 Sam 12.24; Eze 20.7 se pou nou gen krentif pou Senyè a, se pou nou sèvi l ak tout kè nou tout bon vre. Voye bondye zansèt nou yo te konn sèvi lòt bò larivyè Lefrat la ak nan peyi Lejip la jete! Sèvi Senyè a. 15Men, #Egz 23.24,32,33; Det 13.7; 29.18; Joz 24.2; Jij 6.10; 1 Wa 18.21; Eze 20.39 si nou pa vle sèvi Senyè a, depi kounyeya chwazi sa nou vle sèvi a: oswa bondye zansèt nou yo t'ap sèvi nan peyi lòt bò larivyè Lefrat la, osinon bondye moun Amori yo t'ap sèvi nan peyi kote n'ap viv kounyeya. Men, pou mwen menm ansanm ak tout moun lakay mwen, se Senyè a n'ap sèvi.
16Pèp la reponn!
— Nou p'ap janm fè lide vire do bay Senyè a pou n'al sèvi lòt bondye. 17Se #Egz 20.2 Senyè a, Bondye nou an, ki te fè nou sòti ansanm ak zansèt nou yo nan esklavaj nou te ye nan peyi Lejip la. Se li menm ki te fè tout gwo mèvèy sa yo devan je nou. Se li menm ki te pwoteje nou tout kote nou pase, nan mitan tout nasyon sa yo, lè nou t'ap travèse peyi yo. 18Se Senyè a ki te chase tout pèp sa yo pou yo te fè plas pou nou ansanm ak moun Amori yo ki te rete nan peyi a. Nou menm tou, se Senyè a n'ap sèvi, paske se li menm ki Bondye nou.
19#Egz 20.5; 23.21; Lev 19.2; Det 4.24; 6.15; 1 Sam 6.20; Sòm 99.5,9; Eza 5.16; 6.3; Na 1.2 sa a, Jozye di pèp la:
— Nou p'ap ka sèvi Senyè a paske li se yon Bondye ki apa, yon Bondye ki jalou. Li p'ap janm padonnen peche nou yo ak sa n'ap fè ki mal. 20Si #Joz 23.15; 2 Kwo 15.2; Esd 8.22; Eza 1.28; 63.10; 65.11,12; Jer 17.13 nou lage Senyè a, si n'al sèvi lòt bondye, Senyè a pral leve dèyè nou. Atout li te fin fè tout byen sa yo pou nou, la pini nou, la fini nèt ak nou.
21Pèp la reponn:
— Non. Sa p'ap janm rive. Se Senyè a n'ap sèvi!
22#Joz 24.15 sa a, Jozye di pèp la:
— Mwen pran nou sèvi temwen, se nou menm menm ki chwazi se Senyè a n'ap sèvi.
Yo reponn:
— Wi, nou tout temwen.
23Jozye #Joz 24.14; Jij 10.16; 1 Sam 7.3 di yo lè sa a:
— Kounyeya, se pou nou pran tout bondye lòt pèp ki nan mitan nou ap sèvi, voye yo jete. Se pou nou apiye nèt ak tout kè nou sou Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la.
24Pèp la reponn li:
— Se Senyè a, Bondye nou an, n'ap sèvi. N'ap koute tou sa li di nou fè.
25Se #2 Wa 11.17; 2 Kwo 23.16 konsa, jou sa a, Jozye pase yon kontra avèk pèp la lavil Sichèm. Li ba yo tout lwa ak tout regleman pou yo swiv. 26Jozye #Jen 12.6; 28.18; 35.4; Det 31.24; Jij 9.6 ekri yo tout nan liv lalwa Bondye a. Li pran yon gwo wòch, li plante l kanpe anba pye chenn ki te anndan kote yo te mete apa pou Senyè a. 27Epi #Jen 31.48,52; Joz 22.27,28,34 Jozye di pèp la konsa:
— Nou wè wòch sa a! Enben, l'ap sèvi yon mak pou l fè nou chonje paske li te tande tout pawòl Senyè a te di nou. L'ap sèvi yon mak pou l fè nou chonje pou nou pa janm vire do bay Bondye nou an!
28Apre #Jij 2.6 sa, Jozye voye pèp la ale, chak moun sou pòsyon tè ki te vin pou fanmi yo.
Lanmò Jozye
(Jij 2.6-10)
29Apre #Jij 2.7-9 tout bagay sa yo, Jozye, pitit gason Noun lan, sèvitè Senyè a, mouri. Li te gen sandizan (110 an). 30Yo #Joz 19.50 antere l sou tè ki te pou li a, nan zòn Timnat-Sera, nan mòn ki pou branch fanmi Efrayim lan, sou bò nò mòn Gach. 31Pèp Izrayèl la te sèvi Senyè a pandan tout tan Jozye te vivan an, epi apre sa, pandan tout tan chèf ki te konnen sa Senyè a te fè pou pèp Izrayèl la te vivan toujou.
Yo antere zosman Jozèf
32Pèp #Jen 33.19; 50.25; Egz 13.19; Tra 7.16 Izrayèl la te pran zosman Jozèf yo avèk yo lè yo t'ap sòti kite peyi Lejip. Yo antere zosman yo sou moso tè Jakòb te achte nan men pitit Amò yo pou san pyès ajan. Se Amò sa a ki te papa Sichèm. Moso tè a rete pou pitit pitit Jozèf yo.
Lanmò Eleaza
33Apre #Joz 22.13 sa, lè Eleaza, pitit gason Arawon an, mouri, yo antere l sou ti mòn ki te pou Fineas, pitit gason l lan. Yo te ba li ti mòn sa a ki nan mitan mòn ki pou branch fanmi Efrayim lan.

Currently Selected:

Jozye 24: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in