YouVersion Logo
Search Icon

Jij (Liv Chèf yo)

(Liv Chèf yo)
Nan liv Chèf yo nou jwenn yon seri istwa ki rakonte nou sa ki pase nan peyi Izrayèl la depi lè yo vin pran peyi a pou yo a rive lè yo deside chwazi yon wa pou gouvènen yo. Mouri Jozye mouri, moun pèp Izrayèl yo pèdi tèt ansanm yo te genyen depi lè yo te sòti kite peyi Lejip la. Pat gen chèf tankou Moyiz ak Jozye ankò pou dirije yo. Tout moun t'ap fè sa yo vle nan peyi a. Tanzantan dezòd pete nan mitan pèp la, malè tonbe sou yo yonn apre lòt. Lè yo pa nan kont ak moun lòt nasyon yo, yo nan kont yonn ak lòt.
Men Bondye pa janm lage pèp li a nèt. Se li menm ki tanzantan voye yon chèf, yon gason osinon yon fanm, pou delivre yo. Se chèf sa yo yo te rele jij nan tan lontan. Se la yo pran ansyen non yo te bay liv sa a. Men pou di vre, chèf sa yo pa te jij nan sans moun lalwa ki chita nan tribinal ap rann jistis paske se chèf lame, vanyan sòlda, yo te ye. Ladan yo se Debora ak Barak, Jedeyon ak Samson ki te fè bagay moun te chonje plis.
Liv la fè nou wè si pèp Izrayèl la pa vle disparèt se pou l pa lage pye Bondye. Chak fwa yo vire do bay Bondye, se malè ki pou tonbe sou yo. Men Bondye ap toujou la pou delivre yo depi yo regrèt sa yo fè a, depi yo tounen vin jwenn li.
Men plan liv la
1. Sa ki pase depi lè pèp Izrayèl la antre nan peyi a rive lè Jozye mouri a (1.1—2.10)
2. Istwa chèf yo (2.11—16.31)
3. Lòt ti istwa ki pa gen rapò ak istwa chèf yo (17—21)

Currently Selected:

Jij (Liv Chèf yo): HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in