YouVersion Logo
Search Icon

Jozye 22

22
Pataj rès tè lòt bò larivyè Jouden
(Detewonòm 3.18-20)
1Lè sa a, Jozye fè rele tout moun nan branch fanmi Riben, nan branch fanmi Gad ak nan mwatye branch fanmi Manase a, li reyini yo, 2li #Nonb 32.20-22; Det 3.18-20; Joz 1.16,17 di yo:
— Nou fè tou sa Moyiz, sèvitè Senyè a, te ban nou lòd fè a. Nou te koute m chak fwa mwen te mande nou fè kichòy. 3Depi nan konmansman rive jòdi a, nou pa lage moun pèp Izrayèl parèy nou yo, nou te fè tou sa Senyè a, Bondye nou an, te mande nou fè. 4Kounyeya, Senyè #Joz 13.8 a, Bondye nou an, ba yo lapè jan li te di yo a. Se konsa, nou mèt tounen al lakay nou, nan peyi ki pou nou an, peyi Moyiz, sèvitè Senyè a, te ban nou lòt bò larivyè Jouden. 5Sèl #Det 6.5,17; 10.12; 11.1,13,22; Joz 23.11 bagay n'ap mande nou, se pou nou obeyi kòmandman ak lalwa Moyiz, sèvitè Senyè a, te ban nou an. Se pou nou renmen Senyè a, Bondye nou an. Se pou nou toujou mache nan chemen li mete devan nou an. Se pou nou fè tou sa l mande nou fè. Se pou nou kenbe pye l fèm. Se pou nou sèvi l ak tout kè nou ak tout nanm nou.
6Apre sa, Jozye ba yo benediksyon, li voye yo ale. Epi, y'al lakay yo.
7Moyiz #Joz 17.5 te pran peyi Bazan an, li te bay mwatye nan branch fanmi Manase a. Jozye menm te bay lòt mwatye branch fanmi an yon pòsyon tè nan peyi ki sou bò solèy kouche larivyè Jouden an ansanm ak lòt branch fanmi pèp la. Lè Jozye t'ap voye premye mwatye moun Manase yo ale lakay yo, lè li fin beni yo, 8li #1 Sam 30.24 di yo konsa:
— N'ap tounen lakay nou avèk anpil richès, avèk anpil bèt, avèk anpil bagay fèt an ajan, an lò, an kwiv, an fè, ansanm ak anpil rad. Separe avèk moun pèp Izrayèl parèy nou yo tou sa nou te pran nan men lènmi nou yo nan lagè.
9Se #Nonb 32.26,29 konsa, moun branch fanmi Riben yo, moun branch fanmi Gad yo ak mwatye moun nan branch fanmi Manase yo tounen tounen yo lakay yo. Yo kite rès pèp Izrayèl la lavil Silo nan peyi Kanaran, y'al nan peyi Galarad, nan peyi yo te ba yo a, dapre lòd Senyè a te bay Moyiz pou yo.
Lotèl bò larivyè Jouden an
10Lè moun Riben yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo rive devan larivyè Jouden, sou bò peyi Kanaran an, yo bati yon kokennchenn lotèl sou rivay la. 11Lòt #Det 13.12-15 moun pèp Izrayèl yo vin konn sa. Moun te vin di yo:
— Men moun Riben yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo bati yon lotèl toupre larivyè Jouden sou fontyè peyi Kanaran an, sou bò peyi moun Izrayèl yo.
12#Jij 20.1 pèp Izrayèl la vin konn sa, tout moun sanble lavil Silo pou y'al goumen ak moun Riben yo, moun Gad yo ak lòt mwatye moun Manase yo. 13Moun #Egz 6.25; Nonb 25.7; Jij 20.28 pèp Izrayèl yo voye Fineas, pitit gason Eleaza, prèt la, bò kote moun Riben yo, moun Gad yo ansanm ak mwatye moun Manase yo nan pèyi Galarad. 14Yo te pran dis chèf, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, yo voye yo avèk Fineas. Chèf sa yo, se moun ki te alatèt branch fanmi pèp Izrayèl yo. 15Se konsa, mesye sa yo rive bò moun Riben yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo nan peyi Galarad, epi yo di yo:
16— Men #Lev 17.8,9; Det 12.13,14 sa tout moun pèp Izrayèl yo voye di nou: Ki bagay lèd sa a nou fè konsa kont Bondye pèp Izrayèl la? Poukisa jòdi a nou vire do bay Senyè a, n'al bati yon lotèl pou tèt pa nou? Poukisa nou leve kont Senyè a jòdi a? 17Chonje #Nonb 25.3; Det 4.3; Sòm 106.28; Oze 9.10 peche nou te fè bò Peyò a, lè Senyè a te pini pèp li a. Jouk kounyeya n'ap soufri pou bagay sa a toujou. Sa pa kont toujou? 18Men #Nonb 14.9; 16.22 jòdi a, n'ap vire do bay Senyè a ankò. Si nou leve kont Senyè a jòdi a, denmen se sou tout pèp Izrayèl la li pral fache. 19Si #Joz 18.1 nou wè peyi yo ban nou an pa bon pou fè sèvis Bondye, pito nou vin bò isit la nan peyi Senyè a, kote kay Senyè a ye a. Mande pou yo ban nou yon pòsyon pou nou ladan l. Men, pa leve kont Senyè a, ni pa vire do ban nou. Piga nou kite lotèl Senyè a, Bondye nou an, pou n'al bati yon lòt lotèl. 20Chonje #Joz 7.1,5 Akan, pitit gason Zera a, lè li te derefize swiv lòd Senyè a te bay pou bagay nou te fèt pou detwi nèt yo. Lè sa a, se tout pèp Izrayèl la nèt wi, Senyè a te pini. Se pa Akan sèlman ki te peye pou sa l te fè a.
21Lè sa a, moun Riben yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo pran lapawòl, yo reponn chèf fanmi pèp Izrayèl la. Yo di yo:
22— Senyè a, #Det 10.17; Sòm 44.20,21 Bondye ki gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo, konnen se pa paske nou leve kont li, ni paske nou vle vire do ba li kifè nou bati lotèl sa a. Li konnen sa, epi se pou l fè pèp Izrayèl la konn sa tou. Si se pou rezon sa yo nou te moute lotèl sa a, se pou l kite yo touye nou jòdi a menm. 23Si nou bati lotèl sa a pou nou vire do bay Senyè a, pou nou ka gen lotèl pa nou pou boule bèt n'ap ofri yo sou li, oswa pou fè lòt ofrann jaden nou yo, osinon ofrann pou di Bondye mèsi, se pou Senyè a mande nou kont pou sa nou fè a. 24Pou #Joz 4.6,21 di vre, nou te fè l paske nou te pè pou denmen pitit pitit nou menm moun pèp Izrayèl bò lòt bò a pa di pitit pitit pa nou yo bò isit la: Nou pa gen anyen pou nou wè ak Senyè a. 25Senyè a mete larivyè Jouden an tankou yon limit nan mitan pèp Izrayèl la yon bò ak moun Riben yo ak moun Gad yo yon bò. Se sa ki fè moun Riben yo ak moun Gad yo pa gen anyen pou yo wè ak Senyè a. Konsa pitit moun pèp Izrayèl yo va lakòz pitit moun Riben yo ak pitit moun Gad yo sispann gen krentif pou Senyè a. 26Lè sa a nou di: Bon! Nou pral bati yon lotèl, nou pa pral boule ofrann ni touye okenn bèt sou li. 27Sèlman, #Jen 31.48; Det 12.5,6,17,18; Joz 24.27 se pou lotèl sa a sèvi yon mak pou nou tout ki la kounyeya ak pou pitit nou yo, pou fè nou chonje se Senyè a nou sèvi avèk ofrann boule nou yo, avèk bèt nou touye yo, avèk ofrann pou di Bondye mèsi nou yo. Konsa denmen, pitit moun pèp Izrayèl yo p'ap ka di pitit pa nou yo: Wi, nou pa gen anyen pou nou wè ak Senyè a. 28Nou te fè lide si yon jou yon moun ta vin di nou bagay konsa, osinon ta vin pale konsa ak pitit nou yo, n'a ka reponn yo: Gade! Men lotèl zansèt nou yo te bati. Li pòtre ak lotèl Senyè a. Se pat pou boule ofrann, ni pou touye okenn bèt sou li. Men, se te yon mak pou fè nou tout chonje sa k te pase! 29Nou #Joz 22.16 pa janm fè lide leve kont Senyè a, ni vire do ba li. Nou pa bati yon lotèl jòdi a pou nou boule bèt nou yo, ni pou fè ofrann jaden nou yo, ni pou touye bèt nou ofri yo. Nou p'ap janm bati yon lòt lotèl ki pou ranplase lotèl Senyè a, Bondye nou an, ki kanpe devan kay kote l rete a.
30Lè Fineas, prèt la, chèf pèp la ak chèf branch fanmi pèp Izrayèl ki te ale avè l yo tande sa moun Gad, moun Riben ak moun Manase yo te di yo, sa te fè yo plezi anpil. 31#Lev 26.11,12 sa a, Fineas, pitit gason Eleaza, prèt la, pale ak yo, li di yo konsa:
— Kounyeya nou konnen Senyè a avèk nou vre, paske nou pat chache vire do ba li. Se konsa nou sove pèp Izrayèl la anba chatiman Senyè a.
32Apre sa, Fineas, pitit Eleaza, prèt la, ak tout chèf yo kite moun Riben yo ak moun Gad yo nan peyi Galarad, yo tounen nan peyi Kanaran al jwenn rès pèp Izrayèl la. Yo rapòte yo repons lòt moun yo te ba yo a. 33Sa #Lik 1.68; 2.28 te fè pèp Izrayèl la plezi anpil: yo fè lwanj Bondye. Depi lè sa a, yo pa janm pale ankò sou kèsyon al atake moun Riben yo ak moun Gad yo ni sou kèsyon al detwi peyi moun sa yo. 34Moun #Jen 31.48,52; Joz 22.27 branch fanmi Riben yo ak moun branch fanmi Gad yo rele lotèl la Temwen, paske yo t'ap di: L'a sèvi temwen devan nou tout se Senyè a ki Bondye.

Currently Selected:

Jozye 22: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy