YouVersion Logo
Search Icon

Jozye 21

21
Lavil fanmi Levi yo
1Chèf fanmi Levi yo vin jwenn Eleaza, #Joz 14.1 prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak chèf tout lòt branch fanmi pèp Izrayèl la. 2#Nonb 35.2; Joz 18.1 sa a, tout moun sa yo te reyini lavil Silo, nan peyi Kanaran. Chèf fanmi Levi yo di yo:
— Senyè a te pale ak Moyiz pou nou. Li te bay lòd pou yo te ban nou lavil pou nou rete ak savann pou bèt nou yo jwenn manje.
3Se konsa, moun pèp Izrayèl yo chwazi kèk lavil ak tout savann pou bèt nan pwòp pòsyon tè pa yo, yo bay moun branch fanmi Levi yo, jan Senyè a te bay lòd la.
4Yo #Egz 6.16-20,23; Nonb 3.17-20 tire osò. Premye moun ki jwenn pa yo se te moun fanmi Keyat yo. Yo pran trèz lavil nan pòsyon tè ki pou moun branch fanmi Jida, branch fanmi Simeyon ak branch fanmi Benjamen yo, yo bay moun Keyat yo. Moun sa yo se ras fanmi Arawon, prèt la, yo ye. 5Apre sa, yo pran dis lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Efrayim, branch fanmi Dann ansanm ak mwatye branch fanmi Manase yo, yo separe bay lòt pitit Keyat yo, chak fanmi pa yo apa. 6Lèfini, yo pran trèz lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Isaka, branch fanmi Asè, branch fanmi Neftali ak lòt mwatye branch fanmi Manase a nan peyi Bazan, yo separe bay pitit Gèchon yo, chak fanmi pa yo apa. 7Yo pran douz lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Riben, branch fanmi Gad ak branch fanmi Zabilon yo, yo separe bay pitit Merari yo, chak fanmi pa yo apa.
8Se #Joz 14.3-5 konsa moun pèp Izrayèl yo te tire osò pou Senyè a te ka fè yo konnen ki lavil ak tout savann pou yo bay moun Levi yo, jan Senyè a te bay Moyiz lòd pou yo fè a.
Lavil fanmi Keyat yo
9Men non lavil moun branch fanmi Jida ak branch fanmi Simeyon yo te bay nan pòsyon tè pa yo. 10Lavil sa yo te sòti pou moun fanmi Keyat, pitit gason Arawon, nan branch fanmi Levi a. Premye gwoup lavil la te vin pou yo. 11Yo #Joz 14.13-15; 20.7 te #1 Kwo 6.54-60 ba yo lavil Kiriyat-Aba, ki rele kounyeya Ebwon, yon lavil ki te nan mòn peyi Jida yo, ansanm ak tout savann pou mouton yo. Se lavil sa a ki te kapital peyi moun Anak yo. 12Men, yo pran tout jaden ki te andeyò lavil la ak tout ti bouk ki te sou lòd li yo, yo bay Kalèb, pitit gason Jefoune a, pou rele l pa l. 13Men lavil yo te bay moun fanmi Arawon, prèt la: lavil Ebwon, kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, ansanm ak tout savann pou bèt li yo, 14lavil Jati, lavil Echtemoa, 15lavil Olòn, lavil Debi, 16lavil Ayen, lavil Jouta, lavil Bèt-Chemèch, ansanm ak tout savann pou bèt yo: Sa te fè nèf lavil yo te pran sou de branch fanmi sa yo. 17Nan #Joz 9.3 pòsyon tè pou branch fanmi Benjamen an, yo te bay lavil Gabawon, lavil Geba ansanm ak tout savann pou bèt yo, 18lavil #Jer 1.1 Anatòt, lavil Almon ansanm ak tout savann pou bèt yo. Sa te fè kat lavil. 19Antou yo te pran trèz lavil ak tout savann pou bèt yo bay prèt yo, moun fanmi Arawon yo.
20Lòt moun ki te rete nan fanmi Keyat la, moun Levi ki pat ankò jwenn anyen yo, resevwa lavil ki te nan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Efrayim yo. 21Yo #1 Kwo 6.66-70 te ba yo yon lavil nan mòn peyi Efrayim, lavil Sichèm kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, ansanm ak tout savann pou bèt yo. Yo te ba yo tou lavil Gezè, 22lavil Kibsayim, lavil Bètowon ansanm ak tout savann pou bèt yo. Sa te fè kat lavil sou tè moun branch fanmi Efrayim yo. 23Nan pòsyon tè moun branch fanmi Dann yo, yo ba yo kat lavil: lavil Elteke, lavil Gibeton, 24lavil Ajalon, lavil Gat-Rimon, ansanm ak tout savann pou bèt yo. 25Nan pòsyon tè pou mwatye branch fanmi Manase a, yo ba yo de lavil: lavil Tanak ak lavil Gat-Rimon ansanm ak tout savann pou bèt yo. 26Antou #Joz 20.7 yo te bay rès moun nan fanmi Keyat la dis lavil ak tout savann pou bèt yo.
Lavil fanmi Gèchon yo
27Pou #Joz 20.8 moun #1 Kwo 6.71-76 Levi nan branch fanmi Gèchon yo, yo pran de lavil sou tè ki pou mwatye branch fanmi Manase a, yo ba yo. Se te lavil Golan nan peyi Bazan, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, ak lavil Bestra ansanm ak tout savann pou bèt yo. 28Yo ba yo kat lavil yo te pran sou tè ki pou branch fanmi Isaka a. Se te lavil Kichyon, lavil Dabera, 29lavil Jamout, lavil Angannim ansanm ak tout savann pou bèt yo. 30Yo pran kat lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Asè a ba yo. Se te lavil Micheyal, lavil Abdon, 31lavil Elkat, lavil Reyòb ansanm ak tout savann pou bèt yo. 32Yo pran twa lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Nèftali a ba yo tou. Se te lavil Kadès nan peyi Galile, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, lavil Amot-Dò, lavil Katan ansanm ak tout savann pou bèt yo. 33Sa te fè antou trèz lavil ansanm ak tout savann pou bèt yo te bay moun fanmi Gèchon yo.
Lavil fanmi Merari yo
34Pou #1 Kwo 6.77-81 rès moun Levi ki nan branch fanmi Merari a, yo pran kat lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Zabilon an ba yo. Se te lavil Jokneyam, lavil Kata, 35lavil Dimna, lavil Nalal ansanm ak tout savann pou bèt yo. 36Apre #Joz 20.8 sa, yo pran kat lavil nan pòsyon tè lòt bò larivyè Jouden ki pou moun branch fanmi Riben lan ba yo. Se te lavil Bezè, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon nan dezè sou platon an, lavil Jatsa, 37lavil Kedemòt, lavil Mefat ansanm ak tout savann pou bèt yo. 38Yo ba yo kat lòt lavil nan pòsyon tè ki pou branch fanmi Gad la. Se te lavil Ramòt-Galarad, yonn nan lavil kote moun ki touye moun ka kouri al chache pwoteksyon, lavil Manayim, 39lavil #Joz 13.26 Esbon, lavil Jazè ansanm ak tout savann pou bèt yo. 40Antou sa te fè douz lavil ki te vin pou rès moun Levi yo, pou moun fanmi Merari yo separe bay chak fanmi pa yo apa.
41Se #Nonb 35.7 konsa, yo te pran karantwit lavil ansanm ak tout savann pou bèt nan mitan tè ki te pou moun Izrayèl yo, yo bay moun Levi yo. 42Chak lavil sa yo te mache ak tout savann pou bèt yo.
Izrayèl nan tout peyi a
43Se #Jen 13.15; 26.3; 28.13 konsa, Senyè a te bay pèp Izrayèl la peyi li te pwomet li t'ap bay zansèt yo a. Yo pran tout peyi a pou yo, yo rete ladan l. 44Senyè a #Det 7.24; Joz 2.24; 11.23; 23.9 te fè yo gen lapè sou tout fontyè yo, jan li te pwomèt zansèt yo. Okenn lènmi pat resi kenbe tèt ak yo. Senyè a te lage tout lènmi yo nan men yo. 45Senyè a #Joz 23.14; Eza 55.11 te kenbe dènye pwomès li te fè pèp Izrayèl la. Tout bagay te pase jan l te pwomèt la.

Currently Selected:

Jozye 21: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in