YouVersion Logo
Search Icon

Jowèl 3

3
Bondye ap jije nasyon yo
1Senyè a di ankò:
— Lè #Jer 30.3 sa a, jou sa yo, m'a fè peyi Jida a ak lavil Jerizalèm kanpe ankò.
2M'a #Jer 25.31; Sof 3.8 sanble tout nasyon yo,
M'a fè yo desann nan Fon Jijman Bondye a.
Se la mwen pral jije yo
pou tou sa yo fè Izrayèl, pèp mwen an, moun pa mwen yo.
Paske, se yo ki te gaye moun Izrayèl yo
nan mitan lòt nasyon yo.
Lèfini, yo separe peyi a ant yo.
3Yo #Na 3.10 te fè tiraj pou konnen pou ki moun prizonye yo ap ye.
Yo t'ap vann ti gason pou jwenn kòb al nan jennès.
Yo t'ap vann tifi pou jwenn kòb al nan banbòch,
Lèfini, yo bwè jouk yo sou.
4Nou #Eza 23.1,2; Eze 25.15,16 menm moun lavil Tir ak moun lavil Sidon, sa n'ap chache fè m konsa? Nou menm tou ki rete nan tout zòn peyi Filisti a, se chache n'ap chache fè m peye pou sa m te fè nou? Si nou vle tire revanj nou sou mwen, enben, anvan nou bat je nou, m'ap fè nou peye sa. 5Nou #2 Kwo 21.16,17 te pran tout ajan ak tout lò mwen yo, nou pote tout bèl gwo richès mwen yo ale nan tanp nou yo. 6Nou pran moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo, nou mennen yo byen lwen peyi yo: n'al vann yo bay moun peyi Lagrès.
7Kounyeya, mwen pral fè yo sòti kote nou te vann yo a. Mwen pral fè nou sa nou te fè yo a. 8Mwen pral vann pitit gason ak pitit fi nou yo. Mwen pral lage yo nan men moun Jida yo. Yo menm, yo pral vann yo bay sabeyen yo ki rete nan yon peyi byen lwen. Se mwen menm, Senyè a, ki di sa.
9Mache #Jer 6.4 fè piblikasyon sa a nan mitan tout nasyon yo!
Pare nou pou n'al fè lagè pou Bondye!
Rele tout vanyan gason yo!
Se pou tout sòlda yo leve kanpe!
Fè yo mache pran yo!
10Rache #Eza 2.4 lam chari nou yo fè epe.
Pran kouto digo nou yo fè fwenn.
Menm moun ki pi kapon yo ap vin brav.
11Nou menm, tout nasyon ki sou lizyè fontyè peyi a,
prese non! Kouri vini!
Sanble nan fon an!
Senyè, voye vanyan sòlda ou yo al atake yo!
12Se #Sòm 98.9; 110.6; Eza 3.13 pou tout nasyon ki sou lizyè fontyè peyi a sanble tout lame yo pou yo vini nan Fon Jijman an,
paske se la mwen pral chita pou m jije tout nasyon ki sou lizyè fontyè peyi a.
13Moun #Eza 63.2,3; Jer 51.33; Oze 6.11; Jan 4.35; Rev 14.15-20 sa yo twò mechan.
Koupe tèt yo tankou n'ap koupe pitimi.
Kraze yo tankou kann y'ap moulen.
Barik ji kann yo plen ap debòde.
14Foul #Jowèl 1.15; 2.10 moun sou foul moun
nan Fon Jijman an!
Paske jou Senyè a pa lwen rive
nan Fon Jijman an.
15Solèy la ak lalin lan vin tou nwa.
Zetwal yo pa klere nan syèl la.
Bondye beni pèp li a
16Senyè a #Eza 25.4; Jer 25.30; Jowèl 2.11 rete sou mòn Siyon, l'ap gwonde.
Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale byen fò.
Syèl la ak latè a ap tranble.
Men, se Senyè a k'ap pwoteje pèp li a.
Se li k'ap pran defans moun Izrayèl yo.
17#Sòm 48.1; Eza 52.1; Jer 31.23; Eze 6.7; Na 1.15; Zak 14.21; Rev 21.27; 22.15 sa a, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an.
Mwen rete sou mòn Siyon an, mòn ki apa pou mwen an.
Jerizalèm va yon vil apa pou Bondye.
Moun lòt nasyon yo p'ap ka pran li ankò.
18Jou #Eza 30.25; Eze 47.1; Am 9.13 sa a, mòn yo pral kouvri ak jaden rezen.
Bèf pral sou tout ti mòn yo.
Va gen kont dlo nan larivyè peyi Jida yo.
Yon sous dlo pral koule sòti nan kay Senyè a.
Li pral wouze bafon zakasya yo.
19Peyi #Eza 19.1-17; 34.5 Lejip pral tounen yon savann dezole.
Peyi Edon pral tounen yon dezè.
Paske, yo te fè moun peyi Jida yo mechanste,
yo te touye yon bann inonsan nan peyi yo.
20-21Men, #Sòm 125.1,2; Eze 37.25 m'a #Eza 4.4 pran revanj #3.20-21: m'a pran revanj: Osinon dapre tèks ebre a: m'ap deklare yo inonsan. Fraz sa a pa fin klè nèt nan tèks ebre a. moun yo te touye yo.
Mwen p'ap fè pa moun ki koupab yo.
Men, va gen moun rete nan peyi Jida a
ak nan lavil Jerizalèm pou tout tan.
Epitou, mwen menm, Senyè a, m'a fè mòn Siyon an tounen kay mwen ankò.

Currently Selected:

Jowèl 3: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in