YouVersion Logo
Search Icon

Jowèl 2

2
Jou Senyè a pa lwen
1Sonnen twonpèt,
Sonnen bay #Jowèl 1.15; 2.15 siyal sou mòn ki apa pou Bondye a! #2.1: mòn ki apa pou Bondye a: Ki vle di Mòn Siyon an.
Se pou tout moun nan peyi Jida a tranble,
Paske jou Senyè a pa lwen rive. L'ap pwoche.
2Se #Eze 30.3; Am 5.18,20; Sof 1.15 va yon jou ki pral fè nwa kou lank, ak syèl la plen nyaj nwa,
yon jou kote nyaj nwa ak pousyè pral kouvri latè.
Yon lame krikèt ap vanse. Yo grannèg anpil!
Tankou solèy la lè l'ap leve, y'ap kouvri mòn yo.
Se bagay nou poko janm wè,
bagay nou p'ap janm wè ankò, jouk sa kaba.
3Tankou #Jen 2.8,9; Eza 51.3; Jowèl 1.19,20; Zak 7.14 dife, yo devore tou sa ki devan yo.
Yo pa kite anyen kote yo pase.
Anvan yo te vini, peyi a te tankou yon ti paradi.
Lè yo fin pase, li tounen yon dezè san anyen ladan l.
Anyen pa chape anba dan yo.
4Yo #Rev 9.7,9 tankou chwal,
yo kouri tankou chwal sèl.
5#Eza 5.24; Abd 18 y'ap sòti sou tèt mòn yo,
yo fè yon bri tankou cha lagè k'ap pase,
tankou dife nan pay chèch.
Yo mache an ran tankou yon gwo lame tou pare pou goumen.
6#Na 2.10 y'ap pwoche, tout moun pran tranble.
Figi tout moun dekonpoze.
7Yo atake tankou vanyan sòlda.
Yo moute sou miray yo tankou sòlda k'ap fè lagè.
Yo mache dwat devan yo,
yo pa vire ni adwat ni agòch.
8Yonn #Pwo 30.27 pa antrave lòt nan mach yo.
Yo chak ap swiv chemen pa yo.
Yo janbe tou sa yo mete pou bare yo.
Anyen pa rete yo.
9Yo #Eza 33.4; Jan 10.1 pran lavil la pou yo.
Yo kouri moute sou miray yo.
Yo moute anwo kay yo,
yo pase antre nan fennèt yo tankou vòlò.
10Tè a #Sòm 18.7; Eza 13.10; Jowèl 3.15,16 souke lè y'ap mache vini.
Syèl la tranble.
Solèy la ak lalin lan vin tou nwa,
zetwal yo pa klere nan syèl la ankò.
11Senyè a #Jowèl 2.25; Mal 3.2; 1 Tes 4.16; Rev 18.8 alatèt lame li L'ap pase lòd.
Lame a anpil, yo gen fòs Y'ap fè sa li ba yo lòd fè.
Ala yon gwo jou se jou Senyè a!
Se yon jou pou moun pè tout bon vre.
Ki moun ki va rete kanpe apre jou sa a?
Bondye mande pèp la chanje lavi yo
12Senyè a #Det 4.30; 1 Sam 7.3,6; Jer 4.1 pale, li di:
— Menm kounyeya,
tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou!
Fè jèn, kriye kont kò nou, plenn sò nou!
13Se #Egz 34.6; Sòm 34.18; 86.5,15; Jo 4.2 pa rad sou nou pou nou chire,
se kè nou menm pou nou chire
pou fè wè jan nou nan lapenn.
Tounen vin jwenn Senyè a, Bondye nou an.
Li gen bon kè anpil, li gen pitye pou moun.
Li pa fache fasil, li p'ap janm sispann renmen nou.
Li toujou pare pou padonnen nou.
14Sa #Jowèl 1.9,13; Jo 3.9; Aje 2.19; Mal 3.10 ki konnen? Li ka chanje lide, li ka padonnen nou.
Li ka ban nou benediksyon.
N'a gen danre ak diven ankò
pou fè ofrann bay Senyè a Bondye nou an!
15Kònen twonpèt sou mòn Siyon an!
Bay lòd pou tout moun fè jèn!
Mande pou tout moun reyini!
16Sanble #Egz 19.10,14,15; Det 24.5; Joz 3.5; 2 Kwo 20.13; Ekl 3.5; 1 Kor 7.5 pèp la.
Pare tout moun pou fè sèvis.
Sanble vye granmoun yo!
Reyini tout timoun yo, menm timoun ki nan tete.
Ata moun ki fenk marye yo, se pou yo kite kay yo vini tou.
17Nan #Sòm 42.3; Eze 8.16 lakou ki separe gwo pòtay Tanp lan ak lotèl la,
se pou prèt yo, sèvitè Senyè a, pran kriye. Se pou yo di:
Pitye, Senyè, pitye pou pèp ou a.
Pa kite moun lòt nasyon yo pase moun pa ou yo nan betiz pou fè yo wont,
pou yo ta di: Kote Bondye yo a?
Bondye pwomèt fè peyi a vin bèl ankò
18#Sòm 103.13; Zak 1.14 sa a, Senyè a fè wè jan li renmen peyi li a.
Li fè pèp li a gras.
19Li #Sòm 4.7; Jowèl 1.10; Mal 3.10-12 reponn, li di pèp la konsa:
— Bon! Mwen pral ban nou
ble, diven ak lwil fre.
N'ap gen tou sa n'a bezwen.
Mwen p'ap janm kite moun lòt nasyon yo pase nou nan betiz ankò.
20Mwen #Eza 34.3 pral chase lame krikèt la byen lwen nou.
Wi, lame krikèt ki te sòti nan nò a.
M'ap voye yo ale nan dezè a,
kote ki pa gen dlo, kote ki pa gen pyebwa.
Tèt lame krikèt yo va pran direksyon
lanmè ki sou bò solèy leve a, lanmè Mouri a.
Ke lame krikèt yo va pran direksyon
lanmè ki sou bò solèy kouche a, lanmè Mediterane a.
Kadav yo pral pouri, y'ap bay move sant.
Senyè a fè anpil bagay pou nou.
21Nou #Sòm 126.2,3 menm jaden yo, nou pa bezwen pè ankò.
Fè fèt, fè kè nou kontan,
paske Senyè a fè anpil pou nou!
22Nou menm zannimo nan savann yo, nou pa bezwen pè ankò:
jaden zèb yo pral pouse byen bèl,
pyebwa yo pral donnen,
pye fig frans yo ak pye rezen yo pral bay bèl rekòt.
23Nou #Det 11.14; Oze 6.3; Aba 3.18 menm, moun Siyon yo, fè fèt!
Fè kè nou kontan poutèt sa Senyè a, Bondye nou an, fè pou nou.
Li ban nou kantite lapli nou te bezwen nan sezon lotòn.
Li ban nou gwo lapli loray
ak lapli nan sezon prentan, jan l te konn fè l anvan an.
24Glasi yo pral plen grenn.
Barik yo pral plen diven ak lwil fre.
25M'a ban nou ankò tou sa nou te pèdi
pandan tout tan bann gwo krikèt yo,
ti krikèt yo, ti chini yo ak gwo chini yo
te devore rekòt nou yo.
Se mwen menm ki te voye lame sa a sou nou.
26Nou #Lev 25.19; Eza 49.23 pral manje plen vant nou.
N'a fè lwanj Senyè a, Bondye nou an,
ki te fè tout bèl bagay sa yo pou nou.
Yo p'ap janm pase pèp mwen an nan betiz ankò.
27#Eza 44.8; Eze 37.26; Oze 11.9; Jowèl 3.17 sa a, n'a konnen mwen kanpe la nan mitan pèp Izrayèl la.
Se mwen menm Senyè a ki Bondye nou.
Pa gen tankou m.
Yo p'ap janm pase pèp mwen an nan betiz ankò.
Jou Senyè a
28 # 2.28—3.21: Koresponn ak chapit 3.1—4.21 nan tèks ebre a. Apre #Tra 2.17-21 sa, #Eza 32.15; Eze 39.29; Zak 12.10; Jan 7.39; Tra 2.17-21,39; 10.45 m'a vide lespri mwen sou tout moun.
Pitit gason ak pitit fi nou yo va bay mesay m'a ba yo.
Granmoun nou yo va fè rèv.
Jennmoun nou yo va gen vizyon.
29Wi, #Mat 24.30; 1 Kor 12.13 lè sa a, m'a vide lespri m sou tout moun,
ata sou moun k'ap travay lakay nou, fi kou gason.
30Mapral #Mal 4.5; Mat 24.29; Rev 6.12 fè mèvèy parèt nan syèl la ak sou latè a.
Va gen san, dife ak gwo nyaj lafimen.
31Solèy la pral vin tou nwa,
lalin lan pral vin wouj kou san
anvan jou Senyè a va rive.
Aa! Se va yon gwo jou,
yon jou k'ap fè moun tranble.
32#Eza 59.20; Abd 17; Mi 4.7; Zak 8.12; Wòm 9.27; 10.13 sa a, tout moun ki va rele nan pye Senyè a va sove.
Paske sou mòn Siyon ak nan lavil Jerizalèm va gen moun ki va chape,
jan Senyè a te di l la.
Wi, tout moun Senyè a va chwazi, se yo ki va chape.

Currently Selected:

Jowèl 2: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in