YouVersion Logo
Search Icon

Jòb 39

39
1Eske ou konnen lè kabrit mawon yo #Sòm 29.9; 104.18 ap fè pitit?
Eske ou janm wè kote fenmèl yo ap miba?
2Eske ou konnen konbe mwa yo pote yon pitit nan vant yo?
Kilè pitit yo rive dat pou yo fèt?
3Eske ou konnen lè yo pral koupi pou miba,
lè y'ap fè pitit yo nan mitan dezè a?
4Pitit yo grandi, yo pran fòs,
yo kite manman yo, y ale, yo pa tounen.
5Ki moun ki bay bourik mawon libète yo?
Ki moun ki lage yo nan savann?
6Mwen #Jòb 24.5; Sòm 107.34; Jer 2.24; 17.6 ba yo dezè pou kay yo.
Mwen kite yo viv nan savann tè sale a.
7Tout #Jòb 3.18 bri k'ap fèt nan lavil yo pa di yo anyen.
Pèsonn pa ka donte yo pou fè yo travay.
8Yo mache nan tout mòn yo dèyè manje.
Y'ap chache fèy vèt pou yo mete anba dan yo.
9Eske #Eza 1.3 ou ka fè bèf mawon travay pou ou?
Eske l'ap rete pase nwit mare nan lakou kay ou?
10Eske #Nonb 23.22 ou ka pase kòd nan kou yonn pou fè l raboure tè a pou ou?
Eske ou ka fè l rale chari pou woule tè jaden ou yo?
11Eske ou ka konte sou gwo fòs kouray li
pou fè li travay di pou ou?
12Eske ou kwè l'ap asepte pote rekòt ou sòti nan jaden?
Eske l'ap asepte ranmase grenn ou yo sou glasi?
13Otrich #39.13: Otrich: Se pi gwo zwazo ki gen sou latè. Li ka rive gen de mèt wòtè. Li pa janm vole, men pou kouri li konn kouri. Se sou grantè Lafrik yo jwenn li. Yo sèvi ak plim li yo pou fè evantay ki koute byen chè. alèz lè l'ap bat zèl li,
men, li pa ka vole tankou sigòy.
14Otrich la ponn ze l yo atè konsa.
Se chalè tè a ki fè yo kale.
15Li pa konnen nenpòt moun k'ap pase ka pile yo,
nenpòt bèt nan raje ka kraze yo anba pye.
16Li #Lam 4.3 fè tankou ze yo pa pou li.
Sa pa di l anyen si li bay tèt li
tout lapenn ponn ze yo pou gremesi.
17Se #Jòb 35.11 mwen menm, Bondye, ki fè l sòt konsa,
ki pa ba li lespri menm.
18Men, lè l pran kouri,
nanpwen kavalye sou chwal ki ka pran devan l.
19Eske se ou menm ki bay chwal yo fòs,
ki mete bèl krenyen sou kou yo?
20Eske #Jer 8.6,16 se ou ki fè yo sote ponpe tankou kabrit,
ki fè yo ranni pou fè moun pè?
21Y'ap pyafe konsa nan ti fon yo, y'ap bat tè a ak zago yo.
Yo kouri ak tout fòs yo lè yo nan lagè.
22Se brave danje yo ye. Yo pa janm pè anyen.
Pa gen zam ki pou fè yo fè bak.
23Lè konsa, ti sak flèch ki nan do kavalye yo ap fè bri.
Lans ak frenn ki nan men yo ap fè zèklè.
24Yo #Am 3.6 eksite, yo pa ka tann. Y'ap kouri sou lènmi an.
Lè yo tande twonpèt la soufle, yo pa ka rete anplas.
25Chak fwa twonpèt la soufle, yo fè han!
Yo gentan pran sant batay la byen lwen.
Yo tande chèf yo k'ap pase lòd byen fò.
26Eske se ou ki moutre grigri jan pou l vole
lè li louvri zèl li yo vole ale nan sid?
27Eske #Jer 49.16; Abd 4 se ou ki bay malfini lòd
pou li fè nich li byen wo sou tèt mòn yo?
28Li rete sou tèt gwo wòch yo. Se la li pase nwit.
Kote l ye a, moun pa ka vin pran l.
29Se la li rete, l'ap veye bèt pou l trape manje.
Li te mèt byen lwen, l'ap wè yo ak je li.
30Se #Mat 24.28 san bèt ti malfini yo bwè.
Kote ki gen kadav, se la yo ye.

Currently Selected:

Jòb 39: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in