YouVersion Logo
Search Icon

Jòb 40

40
1Senyè a pale ak Jòb. Li di l konsa:
2— Jòb #Jòb 33.13 monchè, ou menm ki t'ap kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a, ou p'ap kite pou li?
Ou menm ki t'ap kritike Bondye a, ou vle reponn li kounyeya?
3Jòb reponn Senyè a, li di l konsa:
4— Mwen #Esd 9.6; Jòb 21.5 pat konn sa m t'ap di. Kisa pou m reponn ou?
Se fèmen pou m fèmen bouch mwen.
5Mwen #Sòm 62.11 pale twòp deja.
Mwen pa gen anyen pou m di ankò.
Dezyèm koze Bondye ak Jòb
6Senyè a rete nan van tanpèt la, li pale ak Jòb ankò. Li di l:
7— Kounyeya, kanpe! #Jòb 38.3 Mete gason sou ou!
Mwen pral poze ou kèsyon, se pou ou reponn mwen.
8Eske #Jòb 32.2 ou sòti vre pou moutre se lenjistis m'ap fè ou?
Se mwen menm ki antò, ou menm ou gen rezon?
9Eske #Jòb 37.4; Sòm 89.13; Eza 63.12 ou gen menm fòs avè m?
Eske vwa ou ka gwonde tankou vwa pa m?
10Si #Sòm 93.1; 104.1 se konsa, kanpe non! Kenbe tèt ou byen dwat!
Gade tout moun nan je!
Mete chèf sou ou! Fè wè pouvwa ou!
11Gade #Eza 2.11; Da 4.37 moun k'ap gonfle lestonmak yo nan je.
Move sou yo! Kraze kouray yo!
12Wi. #Eza 63.3 Gade yo nan je. Fè yo bese tèt yo!
Kraze mechan yo la kote yo ye a!
13Mete #Eza 2.10 yo tout anba tè.
Mare bouch yo tout nan twou kote mò yo ye a.
14#Eza 59.16 sa a, mwen menm, m'a fè lwanj ou,
dèske avèk pwòp fòs ou ou te rive kraze yo.
15Gade gwo bèt lèd yo rele Beyemòt la.
Se mwen ki fè l, menm jan se mwen ki fè ou.
Se zèb li manje tankou bèf.
16Tout fòs li, se nan ren l.
Tout kouray li, se nan venn vant li.
17Ke l kanpe tankou yon pye sèd.
Venn janm li yo fè boul.
18Zo l yo di tankou fè tiyo.
Janm li yo tankou de bout fè.
19Nan tout bèt mwen fè, se li ki pote premye pri.
Se mwen ki kreye l la sèlman ki ka fè l bat ba.
20Li #Sòm 104.26 manje zèb ki pouse sou mòn
kote lòt bèt nan bwa ap pran plezi yo.
21Li #Sòm 68.30 kouche anba raje.
Li kache nan mitan wozo marekay yo.
22Raje yo fè lonbray pou li.
Pye sikren bò larivyè yo ap pwoteje l.
23Larivyè ap desann, sa pa di l anyen.
Larivyè Jouden gonfle rive wotè bouch li, li kèpòpòz.
24Ki moun ki ka pete je l pou mete men sou li?
Ki moun ki ka pèse bwa nen l ak yon fwenn bwa.

Currently Selected:

Jòb 40: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy