YouVersion Logo
Search Icon

Jòb 37

37
1Lè konsa, kè m ap bat.
M santi l'ap rache.
2Nou tout, koute vwa Bondye!
Koute jan l'ap gwonde!
3Zèklè a kouri nan tout syèl la.
Li klere dènye bout latè.
4Apre #Jòb 40.9; Sòm 18.13; 29.3-9; 68.33 sa, yo tande vwa li ap gwonde.
Loray la gwonde ak fòs.
Lè konsa, zèklè fè mikalaw.
5#Jòb 5.9 Bondye ap pale konsa, li fè bèl bagay,
bagay nou pa ka konprann.
6Li #Sòm 147.16,17 bay lanèj lòd kouvri latè.
Li bay gwo lapli lòd tonbe.
7Li #Sòm 109.27 fè tout moun sispann travay.
Li fè yo wè sa se travay pa l.
8Tout #Jòb 38.40; Sòm 104.22 bèt antre nan twou.
Y'al kache kò yo nan nich.
9Van #Jòb 1.19; 9.9; Eza 21.1 tanpèt sòti nan sid.
Van frèt sòti nan nò.
10Souf #Jòb 38.29,30; Sòm 147.17 Bondye fè dlo tounen glas.
Konsa, tout dlo tounen glas.
11Zèklè yo ap fè yan nan nyaj yo.
Nyaj yo klere byen lwen.
12Bondye #Sòm 148.8; Pwo 8.31 fè yo vire nan syèl la jan li vle.
Yo fè tou sa li ba yo lòd fè toupatou sou latè.
13Bondye #Egz 9.18,23; 1 Sam 12.18,19; 1 Wa 18.45; Esd 10.9; Jòb 36.31; 38.23,26,27 voye lapli pou wouze latè.
Li voye l pou pini moun,
li voye l pou beni yo tou.
14Louvri zòrèy ou, Jòb, pou ou tande sa m pral di la a.
Pran tèt ou, egzaminen bèl travay Bondye yo byen.
15Eske ou konnen ki jan Bondye ba yo lòd,
ki jan li fè zèklè yo klere nan nyaj yo?
16Eske #1 Sam 2.3; Jòb 36.4 ou konnen ki jan nyaj yo fè flote nan syèl la?
Sa se yon bèl bagay. Pou ou fè l fòk ou gen anpil ladrès.
17Lè van cho ki sòti nan sid la ap kwit tè a,
ou santi rad sou ou ap boule tout kò ou.
18Eske #Jen 1.6; Eza 42.5; 44.24 ou ka ede Bondye louvri nyaj yo nan syèl la,
pou fè yo di tankou bout fè?
19Fè m #Ef 4.18 konnen sa pou nou di Bondye.
Lespri nou vid. Nou pa gen anyen pou nou di l.
20Mwen pa mande pou m pale ak Bondye.
Poukisa pou m ba li okazyon pou li touye m?
21Ou rete konsa ou pa wè solèy la.
Li kache anba nyaj yo.
Yon van leve, li fè solèy la klere ankò.
22Yon #Sòm 104.1 bèl klète, klere kou lò, parèt sou bò nò.
Nou wè Bondye kanpe nan mitan yon bèl limyè ki fè nou pè.
23Nou #Sòm 99.4; Lam 3.33; 1 Tim 6.16 pa ka pwoche bò kote Bondye ki gen tout pouvwa a.
Li sèl gwo chèf, li sèl jij, li pa nan patipri.
Li p'ap kondannen yon moun ki inonsan.
24Se #Sòm 130.4; Mat 10.28; 11.25; 1 Kor 1.26 poutèt sa, tout moun fèt pou gen krentif pou li.
Li p'ap okipe moun ki pretann yo gen bon konprann.

Currently Selected:

Jòb 37: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy