YouVersion Logo
Search Icon

Jòb 36

36
Katriyèm koze Eliyou a
1Eliyou pran pale ankò, li di konsa:
2— Pran yon ti pasyans. Kite m fè yon ti pale ankò,
paske m poko fin di sa m gen pou m di pou pran defans Bondye.
3Mwen #Rev 15.3-4 pral sèvi ak tou sa mwen konnen pou m moutre ou
se Bondye ki kreye m lan ki gen rezon.
4Mwen #Jòb 37.16 p'ap bay manti nan sa m'ap di la a.
Se yon nonm ki gen anpil konesans k'ap pale avè ou la a.
5Bondye #Jòb 8.20; 9.4; 12.13; Sòm 138.6 gen pouvwa. Li pa meprize pèsonn.
Pa gen anyen li pa konprann.
6Li #Jòb 34.28 p'ap kite mechan yo viv lontan.
Li toujou aji ak pòv yo san patipri.
7Li #Sòm 33.18; 34.15; 113.8 defann kòz moun ki mache dwat yo.
Li mete yo chèf pou yo gouvènen tankou wa.
Toutan tout moun ap pale byen pou yo.
8Men, #Sòm 107.10 si Bondye mete yo nan chenn,
si lafliksyon makònen nan tout kò yo,
9Bondye #Jòb 15.25 va louvri je yo pou yo ka wè tou sa y'ap fè a.
Li moutre yo se lògèy k'ap fè yo fè peche.
10Li #Jòb 33.16; Jer 18.11 pale nan zòrèy yo pou avèti yo.
Li mande yo pou yo sispann fè sa ki mal.
11Si #Eza 1.19,20 yo koute Bondye, si yo soumèt devan li,
y'a viv rès lavi yo nan kè kontan ak nan plezi.
12Si se pa sa, y'ap rete konsa y'ap mouri.
Y'ap desann kote mò yo ye a san yo pa konnen.
13Men, #Wòm 2.5 mechan yo ap fè tèt di. Yo fache pi rèd.
Yo te mèt anba kou, yo p'ap mande sekou.
14Yo #Sòm 55.23 jenn gason toujou, yo gentan mouri.
Yo t'ap mennen yon lavi dezòd.
15Men, #Jòb 33.15-28; Sòm 119.67,71 Bondye pran soufrans lan, li sèvi avè l
pou li moutre lèzòm anpil bagay.
Se lè yo anba tray, li louvri lespri yo.
16Ou #Sòm 18.19; 23.5; 36.8 menm tou, Bondye vle wete ou nan gwo lapenn sa a,
pou ou ka rive gen jwisans san moun pa chache ou kont.
Te gen yon lè tab ou te chaje ak bon manje.
17Lè sa a, ou te fè menm lide ak mechan yo.
Kounyeya, yo pral pini ou jan ou merite l la.
18Veye #Jòb 33.24 zo ou! Pa kite richès vire tèt ou ankò!
Pa kite yo achte ou ak lajan osinon ak gwo kado!
19Se #Pwo 11.4 pou ou jije tout moun, rich kou pòv,
grannèg la tankou nèg fèb la.
20Pa #Jòb 34.20,25; 40.12 kraze moun ki pa anyen pou ou
pou mete fanmi ou nan plas yo.
21Atansyon pou ou pa fè sa ki mal.
Se pou sa menm w'ap soufri konsa.
22Gade #Jòb 34.32 jan Bondye gen anpil pouvwa.
Pa gen pi gran mèt pase l.
23Pèsonn #Jòb 34.10; Eza 40.13,14; Wòm 11.34; 1 Kor 2.16 pa ka di Bondye sa pou l fè.
Pèsonn pa ka di l sa l fè a mal.
24Se #Sòm 92.5; 104.33; Lik 1.46; Rev 15.3 pou ou fè lwanj travay li pito,
tankou tout moun toujou fè l la.
25Se bèl bagay pou tout moun wè.
Yo rete byen lwen, y'ap gade.
26Wi. #Jòb 37.5; Sòm 90.2; 102.27; 1 Kor 13.12 Nou p'ap janm ka fin konprann jan Bondye gen pouvwa!
Nou p'ap janm ka fin konnen depi kilè Bondye la.
27Se #Jen 2.6; Sòm 147.8 li menm ki rale dlo sou latè,
ki fè l tounen vapè nan nyaj yo pou bay lapli.
28Lèfini, li kite lapli sòti nan syèl la
tonbe sou tout moun sou latè.
29Pèsonn #Jòb 26.9; Sòm 18.11; 105.39 pa konnen ki jan nyaj yo fè deplase,
ki jan loray fè gwonde nan syèl kote Bondye rete a.
30Li #Jòb 37.3 kouvri syèl la ak nyaj yo.
Li kouvri tout tèt mòn yo.
31Se #Jòb 37.13; Sòm 104.27,28; 136.25; Tra 14.17 konsa li bay pèp la manje. #36.31: bay pèp la manje: Dapre tèks ebre a se pou n ta di pini pèp la.
Li ba yo manje an kantite.
32Li #Aba 3.4 kenbe zèklè yo nan plamen li.
Li bay loray lòd tonbe kote li menm li vize a.
33Loray la anonse move tan.
Ata bèt yo santi move tan an ap vini.

Currently Selected:

Jòb 36: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in