YouVersion Logo
Search Icon

Jeremi 9

9
1 # 9.1-26: Koresponn ak chapit 8.23—9.25 nan tèks ebre a. Jan mwen ta renmen wè tèt mwen tounen yon sous dlo,
de je m yo tounen de fontenn k'ap bay dlo,
pou m kriye lajounen kou lannwit,
pou moun yo touye nan pèp mwen an!
2Jan #Jer 5.7,8; Oze 7.4 mwen ta renmen jwenn yon ti kote pou m rete nan mitan dezè a,
pou m manyè kite pèp mwen an,
pou m al byen lwen yo.
Yo yonn pa kenbe pawòl yo ak Bondye.
Se yon bann trèt yo ye.
3Yo #Jij 2.10; Sòm 64.3; Oze 4.1 toujou pare pou bay manti. Se metye yo sa.
Se sa ki penmèt yo rive vin chèf nan peyi a.
Y'ap fè dezaksyon sou dezaksyon.
Yo pa konnen m ankò.
Se Senyè a menm ki di sa.
4Se #Jen 27.36; Sòm 41.9; Jer 6.28; 12.6 pou tout moun veye kò yo ak zanmi yo.
Pèsonn pa ka fè frè yo konfyans.
Paske tout frè vle pase devan pwòp frè yo.
Tout moun ap bay zanmi yo kout lang.
5Yo tout ap woule zanmi yo.
Pèsonn pa di laverite.
Y'ap file lang yo pou bay manti.
Y'ap touye tèt yo nan fè mechanste. #9.5: Y'ap touye tèt yo nan fè mechanste: Osinon Y'al tèlman lwen nan fè mechanste, yo pa ka tounen dèyè.
6Y'ap fè britalite sou britalite.
Y'ap twonpe moun yonn dèyè lòt.
Yo derefize rekonèt mwen.
Se Senyè a menm ki di sa.
7Se #Eza 1.25; Jer 6.27 poutèt sa, men sa Senyè ki gen tout pouvwa a di:
— Mwen pral pase yo nan dife pou m netwaye yo tankou yo fè l pou lò.
Mwen pral sonde yo.
Pèp mwen an fè twòp mechanste.
Pou jan yo fè mechanste, se sa m bliye m p'ap fè yo.
8Lang #Sòm 28.3; 57.4; 120.3; Oze 7.6 yo tankou ponya wouye.
Se manti ase ki nan bouch yo.
Lè y'ap pale ak zanmi yo, se bèl pawòl ase ki nan bouch yo.
Men nan kè yo, se pèlen y'ap pare pou yo.
9Atò #Jer 5.9 pou m pa ta pini yo pou tout bagay sa yo?
Atò pou m pa ta pran revanj mwen sou yon nasyon konsa?
Se Senyè a menm ki di sa.
10Mwen #Jer 4.25; 12.4 di:
— Mwen pral kriye, mwen pral plenn pou mòn yo,
mwen pral plenn sò patiraj bèt yo.
Paske yo fin boule. Pèsonn pa pase la ankò.
Ou pa tande bri yon bèt ladan yo.
Depi zwazo k'ap vole nan syèl la jouk bèt nan bwa,
tout met deyò, y ale.
11M'ap #Eza 25.2; Jer 10.22; 34.22 fè lavil Jerizalèm tounen yon pil mazi kote chat mawon rete.
M'ap fè tout lavil peyi Jida yo tounen dezè san pèsonn ladan yo.
12Mwen #Sòm 107.43; Jer 23.18; Oze 14.9 mande ki moun ki gen lespri ase pou konprann sa k'ap rive la a? Ki moun Senyè a te esplike bagay sa yo? Se pou l fè moun konnen poukisa peyi a fini konsa, poukisa li boule tankou dezè a, poukisa pa gen pèsonn ladan l ankò.
13Senyè a #Sòm 89.30-32 reponn mwen:
— Sa rive konsa paske pèp mwen an pa kenbe tou sa mwen te moutre yo. Yo pa koute m. Yo pa fè sa m te di yo fè. 14Yo #Jer 3.17 fè tèt di pi rèd, yo rete ap sèvi zidòl Baal zansèt yo te fè yo konnen an. 15Se #Jer 8.14 poutèt sa, men sa mwen menm, Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, m di: Mwen pral ba yo zèb anmè pou yo manje, mwen pral ba yo dlo anpwazonnen pou yo bwè. 16Mwen #Lev 26.33; Jer 15.14; 49.37 pral gaye yo nan mitan yon bann nasyon ni yo menm ni zansèt yo pat janm konnen. Mwen pral voye lènmi fè yo lagè jouk mwen fin touye yo nèt.
Pèp lavil Jerizalèm ap mande sekou
17Men #2 Kwo 35.25 sa Senyè a di ankò:
— Kalkile sou sa ki gen pou rive a!
Rele medam yo pou yo vin kenbe rèl la pou nou!
Voye chache sa ki konn rele yo! Fè yo vini!
18Pèp #Jer 14.17; Am 5.16; Mak 5.38 la di: Di yo fè vit vin plenn sò nou!
Annou kriye, annou fè je nou kouri dlo!
19Tande #Jer 4.13 rèl moun yo sou mòn Siyon an.
— Woy! Woy! Gade jan nou fini!
Ala wont nou wont!
Se pou nou kite peyi nou an!
Yo kraze tout kay nou yo.
20Mwen di:
— Nou menm medam, koute sa Senyè a ap di.
Louvri zòrèy nou pou nou tande pawòl k'ap sòti nan bouch li.
Moutre pitit fi nou yo jan pou yo plenn.
Y'a moutre zanmi fi yo jan pou yo rele.
21Lanmò #Jer 6.11 ap pase nan fennèt yo.
L'ap antre nan gwo bèl kay nou yo.
Li pase men l pran timoun nan lari,
ak jenn gason sou plas mache yo.
22Senyè a #Lev 23.22; Jer 8.2 di:
— Kadav yo gaye toupatou,
tankou fimye yo simen nan jaden,
tankou grap diri moun k'ap ranmase rekòt yo kite atè.
Pa gen pèsonn pou ranmase yo.
23Piga #Ekl 9.11 moun ki gen lespri yo fè grandizè dèske yo gen bon konprann,
ni moun ki vanyan yo dèske yo vanyan,
ni moun rich yo dèske yo rich.
24Men #Sòm 34.2; Mi 6.8; 7.18; 1 Kor 1.31; 2 Kor 10.17 si yon moun vle fè grandizè,
l'a fè grandizè dèske li konnen m, dèske li konprann mwen.
Paske mwen gen bon kè,
Mwen fè sa ki dwat ak sa ki kòrèk sou latè.
Se bagay sa yo ki fè m plezi.
Se mwen Senyè a ki di sa.
25Senyè a di ankò:
— Yon jou pral rive kote mwen pral regle moun ki pote mak kontra m lan sou kò yo, men ki pa konnen m nan kè yo: 26moun #Lev 19.27; 26.41; Det 10.16; Jer 25.19-21,23; Eze 44.7; Wòm 2.28,29 peyi Lejip yo, moun peyi Jida yo, moun peyi Edon yo, moun peyi Amon yo, moun peyi Mowab yo, moun ki koupe cheve yo kout epi ki rete nan dezè a. #9.26: ki rete nan dezè a: Moun ki te rete nan dèzè a te konn koupe cheve yo kout, yon jan pou fè bondye yo sèvi a plezi. Se poutèt sa moun pèp Izrayèl yo pat gendwa fè sa. Yo yonn pa kenbe kontra m lan. Wi, ni moun peyi sa yo ni moun pèp Izrayèl yo, yo yonn pa kenbe kontra m lan.

Currently Selected:

Jeremi 9: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in