YouVersion Logo
Search Icon

Jeremi 8

8
1Men sa Senyè a di ankò:
— Lè sa a, yo pral detere zosman wa Jida yo, zosman chèf li yo, zosman prèt yo, zosman pwofèt yo, zosman tout moun ki te rete lavil Jerizalèm yo. 2Yo #Det 4.19; 2 Wa 23.5; Jer 9.22; Eze 8.16 pral kite yo atè a konsa devan solèy la, devan lalin lan, devan zetwal yo ki nan syèl la, paske se bagay sa yo moun sa yo te renmen, se sa yo t'ap sèvi, se sa yo t'ap swiv. Se sa yo te al mande sa pou yo fè. Se pou yo yo t'ap fè sèvis. Pèsonn p'ap ranmase zosman yo pou antere yo. Y'a tounen fimye atè a. 3Nan #Jòb 3.21,22; Jer 23.3,8; Da 9.7; Rev 9.6 move ras sa a, gen yon ti rès moun ki va chape. Mwen pral gaye yo yon bann kote sou latè pou yo rete. Lè sa a, y'a regrèt yo pat mouri pito.
Se Senyè a ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.
Pèp la pa sòti pou li chanje
4W'a #Wòm 11.11 di yo pou mwen men pawòl ki sòti nan bouch Senyè a:
Lè yon moun tonbe, eske li pa leve ankò?
Lè yon moun pèdi chemen l, eske li pa tounen kote l sòti a?
5Poukisa #Jer 7.24; 9.6 atò, nou menm pèp lavil Jerizalèm,
nou vire do ban mwen, epi nou pa vle chanje?
Nou kenbe pye zidòl nou yo la tòt.
Nou derefize tounen vin jwenn mwen.
6M pare #Jòb 39.19-25; 2 Pyè 3.9 zòrèy mwen pou m tande tout sa n'ap di:
Men, pawòl ki sòti nan bouch nou pa laverite.
Pa gen yonn nan nou ki gen lapenn pou mechanste n'ap fè yo.
Pa gen yonn ki di: Kisa m'ap fè la a konsa?
Tankou yon chwal k'ap kouri pou al nan lagè,
yo pa tande yo pa wè, yo lage kò yo pi fon nan mechanste yo.
7Ata #Kan 2.12; Eza 1.3; 38.14; Jer 5.4,5 krabye konnen lè pou yo retounen lakay yo.
Menm toutrèl, ziwondèl ak valèt,
yo konnen lè pou yo vwayaje tounen.
Men, nou menm, pèp mwen an,
nou pa konnen regleman mwen ban nou pou nou swiv.
8Ki #Wòm 2.17,18 jan nou ka fè di nou gen bon konprann,
lalwa Senyè a avèk nou?
Men dirèktè lalwa yo, se yon bann malonèt.
Avèk bèl pawòl yo, yo fè l di sa li pa di.
9Nou #1 Kor 1.19,20 fè moun ki gen bon konprann yo wont.
Yo kraponnen, yo kite moun pran tèt yo.
Yo voye pawòl Senyè a jete.
Kote bon konprann yo kounyeya?
10Se #Jer 6.12-15 poutèt #Eza 56.11 sa m'ap pran madanm yo bay lòt moun.
M'ap pran jaden yo bay moun k'ap anvayi peyi yo a.
Paske yo tout, gran kou piti, ap fè akrèk dèyè lajan.
Ni pwofèt yo, ni prèt yo, yo tout ap twonpe pèp la pou fè lajan.
11Yo pa pran malè ki rive pèp mwen an pou anyen.
Y'ap plede di: Tout bagay ap mache byen! Pa gen danje!
Epi, manti! Anyen p'ap mache.
12Ou #Jer 3.3; Oze 4.5 kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo?
Bichi! Yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont.
Se poutèt sa, yo pral tonbe menm jan lòt yo te tonbe a.
Lè m'a pini yo, se va bout yo.
Se Senyè a ki di sa.
13 # 8.13: Nan tèks ebre a vèsè sa a pa fin klè. Men yon lòt jan yo ta ka di l: M sòti pou m fini ak yo. Se Senyè a menm ki di sa. Mwen p'ap kite yon ti rezen nan rezen an, yon ti fig frans nan pye fig frans lan. M'ap kase tout branch yo bay moun k'ap pase. Mwen #Jowèl 1.7; Sof 1.2; Mat 21.19; Lik 13.6 te soti pou mwen trape kichòy kay pèp mwen an.
Men yo te tankou yon pye rezen san yon grenn rezen menm,
tankou yon pye figfrans san okenn fwi.
Menm fèy yo fin fennen.
Se poutèt sa mwen lage yo bay etranje anvayi yo.
14Pèp #Jer 4.5; 9.15; Lam 3.15,19; Rev 8.11 la menm ap di:
— Poukisa nou rete bra kwaze konsa?
Annou sanble! Ann kouri ale nan lavil ki gen ranpa yo!
Se la pou nou mouri.
Paske Senyè a, Bondye nou an, kondannen nou pou n mouri.
Li ban nou pwazon pou n bwè,
paske nou antò devan li.
15Nou #Jòb 30.26; Jer 14.19 t'ap tann li ban nou kè poze ak lasante.
Men anyen pa mache.
Nou t'ap tann li vin geri nou,
men se pè l'ap fè nou pè.
16Lènmi #Sòm 60.2; Jer 4.15; 10.25; 49.21 deja rive nan zòn lavil Dann lan.
Nou tande souf chwal yo.
Tout tè a ap tranble lè chwal yo ap ranni.
Lènmi an ap vini, l'ap detwi peyi a ansanm ak tou sa ki ladan l.
L'ap kraze lavil yo ansanm ak tout moun ki ladan yo.
17Senyè a #Lev 26.22; Sòm 58.4,5 di ankò:
— Men m'ap lage sèpan dèyè nou,
move sèpan nou p'ap ka chame.
Y'ap mòde nou.
Jeremi pran lapenn pou pèp la
18Anyen #Det 32.21; Eza 39.3; Lam 5.17 pa ka soulaje lapenn mwen!
Kè m ap fann!
19Koute jan pèp mwen an ap rele mande sekou toupatou nan peyi a.
Gen lè Senyè a pa sou mòn Siyon an ankò?
Gen lè wa Siyon an pa la ankò?
Senyè a reponn: — Poukisa nou fè m fache konsa?
N'ap sèvi zidòl, n'ap fè sèvis pou bondye lòt nasyon yo ki pa vo anyen.
20Pèp la ap rele:
— Sezon chalè a fini. Sezon rekòt la pase.
Nou pa sove jouk kounyeya!
21Kè m #Jòb 30.30; Eza 22.4; Jer 14.17 ap fann lè m wè jan y'ap kraze pèp mwen an.
M pa wè sa pou m fè ankò! M dekouraje nèt.
22Pa #Jen 37.25; Jer 46.11 gen renmèd pou yo nan peyi Galarad? #8.22: Galarad: Se yon zòn sou bò solèy leve larivyè Jouden kote moun te konn jwenn anpil renmèd pou tout kalite maladi.
Pa gen dòktè ankò laba a?
Poukisa atò pèp mwen an pa ka jwenn lasante?

Currently Selected:

Jeremi 8: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in