YouVersion Logo
Search Icon

Jeremi 44

44
Mesay pou moun Jida nan Lejip
1Senyè a pale ak Jeremi, li ba li yon mesay pou tout #Jer 43.7-9 moun Jida yo ki te rete nan peyi Lejip, lavil Migdòl, lavil Tapanes, lavil Menmfis ak nan zòn lavil Patwòs.
2— Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di nou: Nou te wè tout malè mwen te fè tonbe sou lavil Jerizalèm ak sou tout lòt lavil peyi Jida yo. Jouk kounyeya, se yon miray kraze yo ye. Pa gen yon grenn moun ki te rete ladan yo. 3Se #Jer 1.16; 7.18,19 paske moun ki te rete la yo te fè sa ki mal, yo te fè m fache anpil sou yo. Yo te al ofri lansan bay lòt bondye, yo te al sèvi bondye ni yo menm, ni papa yo, ni granpapa yo pat janm konnen. 4Mwen #2 Kwo 36.15 pat janm sispann voye sèvitè m yo, pwofèt yo, pou di yo manyè sispann fè vye bagay derespektan yo t'ap plede fè a, bagay mwen pa ka wè devan je m. 5Men yo pat koute m. Pawòl la antre nan yon zòrèy li sòti nan yon lòt. Yo derefize chanje. Yo donnen pi mal nan fè mechanste yo, nan ofri lansan bay bondye lòt nasyon yo. 6#Jer 9.11 sa a, mwen move, mwen fè kòlè. Mwen lage yon dife sou lavil Jida yo ak nan tout lari lavil Jerizalèm. Se vye kay kraze san pèsonn ladan yo ki rete, jan nou ka wè sa jòdi a.
7Enben, #Nonb 16.38; Lam 2.11 kounyeya, mwen menm Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, m'ap mande nou: Poukisa n'ap fè tèt nou mal konsa? Se vle nou pa vle kite pèsonn, ni fanm ni gason, ni timoun, ni ti bebe, nan pèp Jida a ankò? Nou pa vle pèsonn chape? 8Nou #Jer 1.16; 42.18 deyò pou nou fè m fache ak sa n'ap fè a, lè n'ap ofri lansan bay bondye lòt nasyon yo, isit la nan peyi Lejip kote nou vin viv la? Nou vle fini ak tèt nou pou tout nasyon sou latè ka pase nou nan betiz, pou yo pran non nou pou bay moun madichon? 9Gen #1 Wa 11.1,8; 15.13; Jer 44.25 lè nou bliye tout move zak nou tout, depi zansèt nou yo, pran wa peyi Jida yo ak madanm yo rive sou nou menm ansanm ak madanm pa nou yo, nou fè nan peyi Jida ak nan lari Jerizalèm? 10Jouk jòdi a nou yonn pa regrèt sa nou te fè. Pèsonn pa gen krentif pou mwen, pèsonn pa sòti pou yo viv dapre lwa ak lòd mwen te mete devan nou ak devan zansèt nou yo.
11Se #Jer 21.10 poutèt sa, men sa mwen menm Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la mwen di: M'ap vire do ban nou, m'ap voye malè sou nou, m'ap detwi tout peyi Jida a. 12M'ap #Jer 42.15-18 pran rès moun Jida yo, sa ki te pran desizyon desann al viv nan peyi Lejip la, yo tout pral mouri. Yo tout, gran kou piti, y'ap mouri nan peyi Lejip. Genyen k'ap mouri nan lagè, genyen k'ap mouri grangou. Moun va sezi wè yo, y'a vire tèt yo pou yo pa gade yo, y'a sèvi ak non yo pou bay madichon, y'a pase yo nan betiz.
13M'ap pini tout moun Jida k'ap viv nan peyi Lejip la ak lagè, grangou ak move maladi, menm jan mwen te pini moun lavil Jerizalèm yo. 14Nan #Jer 22.27; 42.17; 44.2 ti rès moun Jida ki rete yo, sa ki te desann al viv nan peyi Lejip la, yo yonn p'ap ka kouri chape, yo yonn p'ap sove. Kanta pou tounen al nan peyi Jida ankò a, jan yo ta vle li a, yo pa ladan li. Yo yonn p'ap tounen, anwetan de twa ki va kouri chape kò yo.
15Lè sa a, tout mesye ki te konnen madanm yo te nan ofri lansan bay lòt bondye yo, tout medanm ki te reyini la yo, ansanm ak tout lòt moun pèp Izrayèl la ki t'ap viv depi lontan nan peyi Lejip nan zòn Patwòs la, yo tout yo reponn Jeremi:
16— Nou #Jer 6.16; 42.13 p'ap koute pawòl w'ap di nou la a, atout ou pale nan non Senyè a. 17N'ap #1 Wa 11.33; 2 Wa 21.3; Jer 7.18; 19.13 toujou fè sa nou te pwomèt fè a. N'ap ofri lansan ak diven bay Astate, larenn syèl la, jan nou te toujou fè l jouk jòdi a, menm jan zansèt nou yo, wa nou yo ak chèf nou yo te konn fè l nan lavil peyi Jida yo ak nan tout lari Jerizalèm. Lè sa a, nou te gen kont manje pou n manje, tout zafè nou te mache byen. Nou pat gen poblèm. 18Men, depi nou sispann ofri lansan ak diven bay larenn syèl la, nou pa gen anyen. Lagè ak grangou ap fini ak nou.
19Medam #Nonb 30.6,7 yo menm poutèt pa yo di:
— Lè n'ap fè gato ki gen fòm larenn syèl la, lè n'ap ofri lansan ak diven pou li, mari nou toujou dakò ak sa n'ap fè.
20#Jer 43.6 sa a, Jeremi pale ak tout moun sa yo, fanm kou gason, ki te fè l repons sa yo, li di yo konsa:
21— Wi, #Eze 8.10,11; 21.24 nou menm, zansèt nou yo, wa nou yo, chèf nou yo ak tout lòt moun pèp Izrayèl yo te boule lansan nan tout lavil peyi Jida ak nan tout lari Jerizalèm. Men, pa konprann Senyè a pat konn sa, osinon li bliye sa. 22Non. #Jer 5.9,29 Senyè a pat ka sipòte move lajisman ak eskandal nou yo ankò. Se poutèt sa, jòdi a peyi a fini. Li kraze nèt san pèsonn ladan l. Tout moun sèvi ak non li pou bay madichon, jan nou wè l jòdi a. 23Se #Det 31.29 paske nou te ofri lansan bay lòt bondye, se paske nou fè peche kont Senyè a, se paske nou pat koute sa li t'ap di nou, se paske nou pat mache dapre lwa li te ban nou, dapre lòd ak kòmandman li yo kifè malè sa a tonbe sou nou jòdi a.
24Apre sa, Jeremi pale ak tout pèp la, sitou ak medam yo. Li di yo konsa:
— Nou tout moun peyi Jida ki isit nan peyi Lejip la, koute mesay Senyè a. 25Men sa Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di nou. Se nou menm ak tout madanm nou yo ki di ak pwòp bouch nou n'ap kenbe angajman nou te pran ak larenn syèl la, n'ap toujou ofri lansan ak diven ba li. Lèfini, se sa nou fè vre. Enben, kenbe angajman nou yo, fè sa nou te pwomèt la. 26Men #Jer 22.5; Eze 20.39 kounyeya, koute sa m'ap di nou, nou menm moun Jida yo k'ap viv nan peyi Lejip la. Se mwen menm Senyè a k'ap pale, mwen fè sèman sou tèt mwen: nan tout peyi Lejip la p'ap gen pèsonn nan moun Jida yo ki pou pran non mwen pou fè sèman, pou yo di: Nan non Senyè a, Bondye vivan an! 27M'ap #Jer 31.28; 42.16 veye pou se malè ase ki pou rive nou. Mwen p'ap voye okenn bon bagay ban nou. Wi, dènye moun Jida k'ap viv nan peyi Lejip la pral disparèt, kit se nan lagè, kit se nan grangou, jouk p'ap rete yonn ankò. 28Gen #Eza 27.13; Eze 6.8 yon ti ponyen moun ase ki va chape nan lagè a. Y'a kite peyi Lejip, y'a tounen nan peyi jida. Lè sa a, ti rès ki va rete nan moun pèp Jida ki te desann al viv nan peyi Lejip la va wè kilès ki te gen rezon, nou menm osinon mwen menm. 29Se #Pwo 19.21 mwen menm Senyè a ki di sa: m'ap ban nou yon siy, m'ap pini nou isit la menm. Konsa, n'a konnen malè mwen te pwomèt m'ap voye sou nou an rive vre. 30Se #Jer 39.5; 46.26; Eze 29.2-5; 30.21-24 mwen menm Senyè a ki di sa. Mwen pral lage farawon Ofra, wa peyi Lejip la, nan men lènmi ki sòti pou touye l yo, menm jan mwen te lage Sedesyas, wa peyi Jida a, nan men Nebikadneza, wa peyi Babilòn, lènmi ki te sòti pou touye l la tou.

Currently Selected:

Jeremi 44: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in