YouVersion Logo
Search Icon

Jeremi 43

43
Yo trennen Jeremi ale Lejip
1Lè Jeremi fin di pèp la tou sa Senyè a, Bondye yo a, te voye l di yo, ki vle di tout pawòl ki ekri pi wo a, 2Azarya, #Sòm 86.14 pitit Ochaya a, Jokanan, pitit Kareyak la, ansanm ak tout lòt mesye awogan yo di Jeremi konsa:
— Manti! Senyè a, Bondye nou an, pa kras voye ou di nou pa desann al rete nan peyi Lejip. 3Se #Jer 38.22 Bawouk, pitit Nerija a, k'ap moute tèt ou sou nou. Li ta renmen lage nou nan men moun Babilòn yo pou yo touye nou, pou yo depòte nou lavil Babilòn.
4Se konsa, Jokanan, pitit Kareyak la, lòt chèf lame yo ansanm ak tout rès pèp la derefize koute pawòl Senyè a ki te di yo pou yo rete nan peyi Jida a. 5#Jer 40.11,12 sa a, Jokanan ak tout lòt chèf lame yo pran dènye moun ki te rete nan peyi Jida a, yo pati. Yo mennen tout moun ki te kite lòt peyi kote yo te gaye yo pou tounen vin viv nan peyi Jida a, 6fanm #Jer 41.10 kou gason, tout timoun yo, tout pitit fi wa a. Yo mennen tout moun Neboucharadan, chèf lagad la, te kite avèk Gedalya, pitit Akikam, pitit pitit Chafan. Yo pran pwofèt Jeremi ansanm ak Bawouk, pitit Nerija a, avèk yo tou. 7Yo pa koute lòd Senyè a, yo rive jouk lavil Tapanès.
Jeremi anonse Babilòn ap anvayi Lejip
8Antan yo te lavil Tapanès, Senyè a pale ak Jeremi, li di l konsa:
9— Pran kèk gwo wòch, antere yo nan mòtye pave ki devan pòt pou antre kay farawon an, lavil Tapanès. W'a fè l pou moun peyi Jida yo wè ou ap fè l. 10Lèfini, #Jer 1.15; 25.9 w'a di yo: men mesay Senyè ki gen pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Mwen pral voye chache sèvitè m lan, Nebikadneza, wa Babilòn lan, mwen pral enstale fòtèy li a nan anplasman kote wòch yo antere isit la. Se la l'a moute tant li a anwo yo. 11#Jer 15.2; 46.13 l'a rive, l'ap kraze peyi Lejip. Moun ki pou mouri anba move maladi va mouri, moun yo gen pou depòte yo, y'a depòte yo, moun pou l fè touye yo, l'a fè touye yo. 12L'a #Egz 12.12; Eza 19.1; 49.18; Jer 48.7; Eze 30.13 mete #43.12: L'a mete: Osinon Li te mete, dapre tèks ebre a. dife nan kay tout bondye moun peyi Lejip yo. L'ap boule bondye moun Lejip yo osinon l'a pran yo, l'a pote yo ale avè l. Menm jan yon gadò mouton netwaye dènye vèmen ki nan rad li, konsa tou wa a pral piye peyi Lejip la kite l blanch. Lèfini, l'ap vire do l san pèsonn pa di l anyen. 13L'ap #Jen 41.45; Egz 23.24 kraze tout gwo moniman wòch lavil Elyopolis nan peyi Lejip, #43.13: Elyopolis nan peyi Lejip: Te gen yon lavil nan peyi Palestin ki te gen menm non an. Elyopolis se yon mo grèk ki vle di Kay Solèy. l'ap boule tout kay zidòl peyi Lejip yo.

Currently Selected:

Jeremi 43: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in