YouVersion Logo
Search Icon

Jeremi 37

37
Sedesyas voye kote Jeremi
1Nebikadneza, wa Babilòn, te mete Sedesyas, #2 Wa 24.17; Jer 22.24; Eze 17.13 yonn nan pitit Jozyas yo, wa nan peyi Jida nan plas Jekonya, pitit Jojakim. 2Men, #2 Kwo 36.12-14 ni Sedesyas, ni chèf li yo, ni okenn lòt moun nan peyi a pa te vle tande mesay Senyè a te bay pwofèt Jeremi pou yo.
3Men, #Jer 21.2 wa Sedesyas te voye Jewoukal, pitit Chelemya, ak Sefanya, prèt la, pitit Maseja, bò kote pwofèt Jeremi pou mande l lapriyè Senyè a, Bondye yo a, pou yo tout. 4#Jer 32.2; 33.1 sa a, yo pat ankò mete Jeremi nan prizon. Li t'ap ale vini jan l te vle nan mitan pèp la. 5Lame #Eze 17.15 moun Babilòn yo te sènen lavil Jerizalèm. Lè yo pran nouvèl lame farawon an te travèse fontyè peyi Lejip la, yo wete kò yo devan lavil Jerizalèm.
6Lè sa a, Senyè a pale ak pwofèt Jeremi. Li di l:
— Men repons w'a voye bay Sedesyas: 7Senyè a, #2 Wa 24.7; Jer 46.17; Lam 4.17; Eze 29.2,6 Bondye pèp Izrayèl la pale. Men sa n'a di wa Jida ki te voye nou bò kote m lan. Lame farawon an t'ap vin ede nou. Men l'ap tounen lakay li nan peyi Lejip. 8#Jer 34.22 sa a, moun Babilòn yo ap tounen dèyè nou ankò, y'ap atake lavil la, y'ap pran l, y'ap boule l. 9Se mwen menm Senyè a ki di sa: Pa twonpe tèt nou. Pa konprann moun Babilòn yo pati ale nèt, yo gen pou yo tounen. 10Menm #Jer 21.4 si nou ta rive kraze tout lame moun Babilòn k'ap fè nou lagè a epi se sa ki blese yo ase nou kite kouche anba tant yo, yo tout y'ap leve, y'ap vin boule lavil la ratè.
Jeremi nan kacho
11Lè sa a, lame moun Babilòn yo te wete kò yo devan Jerizalèm, paske yo te pran nouvèl mouvman lame farawon an. 12#37.12: Dènye fraz nan vèsè sa a pa klè nan tèks ebre a. Jeremi #Jer 1.1; 32.8,9 te vle fè yon ti sòti andeyò lavil la pou l'ale nan peyi moun Benjamen yo. Li ta pral resevwa pòsyon pa l nan yon tè fanmi li ansanm ak tout rès moun yo t'ap separe. 13#Jer 21.9 li rive Pòtay Benjamen, li kontre ak kòmandman pòs la ki te rele Jirija. Se te pitit Chelemya, pitit pitit Ananya. Jirija rete Jeremi, li di l konsa:
— Anhan! Ou pral rann tèt ou bay moun Babilòn yo!
14Jeremi #Jer 36.12 reponn li:
— Non, monchè! Mwen pa pral rann tèt mwen kras bay moun Babilòn yo.
Men Jirija pa koute l menm. Li boukle Jeremi, li mennen l bay chèf yo. 15Chèf #Eb 11.36 yo move sou Jeremi, yo fè bat li byen bat. Apre sa, yo fèmen mesye lakay Jonatan, sekretè Tanp lan. Yo te pran kay sa a sèvi yo prizon. 16Yo #Jer 21.7; 38.6-14,16 mete Jeremi nan yon kacho anba Tanp lan. Yo kite l pase kèk tan la.
17Apre sa, wa Sedesyas voye chache l. Lè Jeremi rive nan palè a, wa a pran l sou kote, li mande l:
— Eske Senyè a ba ou yon mesay pou mwen?
Jeremi reponn:
— Wi, monwa. Men li: Yo pral lage ou nan men wa lavil Babilòn lan.
18Apre sa Jeremi mande wa a:
— Sa mwen fè ou, sa m fè chèf ou yo, sa m fè pèp la pou ou mete m nan prizon? 19Kisa #Jer 28.2,11,17 ki rive pwofèt ou yo ki te di ou wa lavil Babilòn lan pa t'ap vin atake ni ou menm ni peyi a? 20Kounyeya, monwa, #Jer 38.26 mèt mwen, tanpri, koute sa m'ap mande ou. Tanpri souple, pa voye m tounen nan prizon kay Jonatan, sekretè a. Si ou fè sa, nanpwen rechap pou mwen.
21Se #Jer 38.28; 52.6; Eze 4.10,16 konsa, wa Sedesyas bay lòd pou yo fèmen Jeremi nan lakou gad palè yo. Chak jou se pou yo ba li yon pen y'a pran nan Riyèl Boulanje yo jouk jou p'ap gen pen ankò nan lavil la. Se konsa Jeremi rete nan lakou gad palè yo.

Currently Selected:

Jeremi 37: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in