YouVersion Logo
Search Icon

Jeremi 38

38
Yo lage Jeremi nan yon pi
1Chefatya, pitit Matan, Gedalya, pitit Pachou, Jeoukal, pitit Chelemya, ak Pachou, pitit Malkya, te vin konnen Jeremi t'ap pale ak pèp la. Li t'ap di yo konsa:
2— Men #Jer 21.9 mesay Senyè a bay: tout moun ki va rete nan lavil la pral mouri. Sa ki pa mouri nan lagè pral mouri grangou, osinon move maladi ap pote yo ale. Men, tout moun ki va sòti al rann tèt yo bay moun Babilòn yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo. 3Wi, #Jer 32.3 men sa Senyè a di: Mwen pral lage lavil la nan men lame moun Babilòn yo. Y'ap pran lavil la pou yo.
4Chèf #Jer 26.11 yo al di wa a:
— Se pou yo touye nonm sa a. Paske lè l'ap pale konsa, li fè sòlda yo ansanm ak tout lòt moun ki rete nan lavil la pèdi kouray. Nonm sa a pa sòti pou l ede pèp la. Se mal ase li vle pou li.
5Wa #Jer 38.24-28 Sedesyas reponn:
— Bon! Fè sa nou vle avè l. Mwen pa ka di nou anyen.
6Se #Jen 37.24; Sòm 69.14; Jer 37.16 konsa, te gen yon gwo pi nan lakou palè a ki te pou Malkija, pitit gason wa a. Yo pran Jeremi, yo desann li nan fon sitèn lan avèk kòd. Pat gen dlo ladan l, men te gen anpil labou. Jeremi antre nan labou a.
7#Eza 56.3-5; Tra 8.27 sa a, te gen yon moun peyi Letyopi ki te rele Ebèdmelèk. Se te yon nèg konfyans ki t'ap travay lakay wa a. Li vin konnen yo te mete Jeremi nan sitèn lan. Jou sa a, wa a te chita ap rann jijman bò Pòtay Benjamen an. 8Ebèdmelèk sòti nan palè a, l'ale bò pòtay la, li di wa a konsa:
9— Monwa, #Jer 11.22; 37.21 mèt mwen, sa mesye yo fè pwofèt Jeremi an pa bon non. Yo desann li nan fon sitèn lan kote, wè pa wè, l'ap mouri grangou, paske pa gen pen lavil la ankò.
10Lè sa a, wa a bay Ebèdmelèk lòd pou li pran trant lòt moun avè l pou li wete Jeremi nan sitèn lan anvan l mouri. 11Se konsa Ebèdmelèk pran moun yo avè l, li antre nan palè a, l'ale yon kote ki anba pyès depo richès wa a, li pran yon bann moso twal chire ak vye rad, li mare yo nan kòd, li file yo desann bay Jeremi nan sitèn lan. 12Epi li di Jeremi konsa:
— Mete moso twal yo ak vye rad yo anba zesèl ou pou kòd yo pa kòche ou.
Jeremi fè sa vre. 13Epi yo rale l moute sòti nan sitèn lan avèk kòd yo. Apre sa, Jeremi rete nan lakou gad palè yo.
Wa Sedesyas mande Jeremi konsèy
14Yon lòt fwa ankò, wa Sedesyas voye chache pwofèt Jeremi, li fè yo mennen l ba li bò twazyèm pòt pou antre nan kay Senyè a. Wa a di l konsa:
— Mwen gen yon bagay m bezwen mande ou. Reponn mwen kare, pa kache m anyen.
15Jeremi reponn li:
— Ala, si mwen pale ou kare, w'ap fè yo touye m. Si m ba ou yon konsèy, ou p'ap koute m.
16Wa #Eza 57.16; Jer 37.17; 38.1-9 Sedesyas rele Jeremi sou kote, li fè l sèman. Li di l konsa:
— Mwen pran Bondye vivan an, Bondye ki ban nou lavi a, pou temwen, mwen p'ap fè touye ou, ni mwen p'ap lage ou nan men moun ki vle touye ou yo.
17#2 Wa 24.12; Jer 27.12,13; 34.4,5; 39.3 sa a, Jeremi di Sedesyas konsa:
— Men sa Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Si ou al rann tèt ou bay chèf wa Babilòn lan, yo p'ap touye ou. Yo p'ap boule lavil la. Yo p'ap touye ni ou menm, ni fanmi ou. 18Men, si ou pa al rann tèt ou bay chèf yo, lavil la pral tonbe nan men moun Babilòn yo, y'ap boule l. Lèfini, ou p'ap ka chape anba men yo.
19Wa #1 Sam 31.4 Sedesyas reponn:
— Ou konnen sa m pè? Se moun peyi Jida yo ki deja al rann tèt yo bay moun Babilòn yo. Mwen pè pou moun Babilòn yo pa lage m nan men yo pou yo maltrete m.
20Jeremi di l konsa:
— Moun Babilòn yo p'ap fè ou sa. Koute mesay Senyè a ba ou nan sa mwen di ou la a, pou tout bagay pase byen pou ou. Konsa ou p'ap mouri. 21Si #Jer 27.12,13 ou derefize al rann tèt ou, men sa ki pral rive ou, dapre sa Senyè a fè m wè: 22Yo #Jer 20.10 pral pran tout fanm ki rete nan palè wa Jida a, y'ap mennen yo bay chèf wa Babilòn lan. Medam yo pral di:
Moun ki te pi bon zanmi wa a pran tèt li,
yo fè l fè sa yo vle.
Kounyeya, bra mesye pran n'a pèlen.
Yo kouri kite l pou kont li.
23Yo #Jer 39.6; 41.10 pral pran tout madanm ou yo, tout pitit ou yo, y'ap mennim yo bay moun Babilòn yo. Ou menm, ou p'ap chape anba men yo. Wa Babilòn lan ap fè ou prizonye, lèfini l'ap fè mete dife nan lavil sa a.
24Sedesyas di Jeremi konsa:
— Pa kite pèsonn konnen tout pawòl sa yo. Konsa ou p'ap mouri. 25Si chèf yo rive konnen mwen te pale avè ou, y'ap vin jwenn ou, y'ap mande ou sa ou te di m ak sa m te reponn ou. Y'ap pwomèt yo p'ap touye ou si ou pa kache yo anyen. 26#Jer 37.20 sa a, w'a reponn yo: Se mande mwen t'ap mande wa a, tanpri souple, pou l pa voye m tounen nan prizon lakay Jonatan pou m pa mouri la.
27Tout chèf yo vini jwenn Jeremi vre. Yo mande l yon bann pawòl. Jeremi reponn yo jan wa a te di l la. Pat gen anyen chèf yo te ka fè paske pèsonn pat tande koze Jeremi te gen ak wa a. 28Jeremi #Jer 32.2 rete nan lakou gad palè yo jouk jou yo pran lavil Jerizalèm.

Currently Selected:

Jeremi 38: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in