YouVersion Logo
Search Icon

Jeremi 34

34
Yon mesay pou Sedesyas
1Yon lòt jou, Senyè a pale ak Jeremi #2 Wa 25.1; Jer 1.15 ankò. Lè sa a, Nebikadneza, wa Babilòn lan, t'ap atake lavil Jerizalèm ansanm ak tout ti bouk ki nan vwazinay li yo. Li te gen avè l tout lame pa l la ansanm ak sòlda tout lòt nasyon ak lòt ras li te soumèt anba pouvwa li. 2Men #2 Wa 25.2; Jer 21.10 sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di Jeremi:
— Ale pale ak Sedesyas, wa peyi Jida a, w'a di li konsa: Senyè a pral lage lavil Jerizalèm nan men wa Babilòn lan ki pral mete dife ladan l. 3Ou menm, ou p'ap chape. Y'ap arete ou, y'ap lage ou nan men l tou. W'a kontre avè l bab pou bab. W'a pale avè l. Lèfini, w'ap pati pou Babilòn. 4Tansèlman, #Jer 38.17,20 Sedesyas, wa Jida, koute mesay Senyè a bay pou ou. Ou p'ap mouri nan lagè. 5W'ap #2 Kwo 16.14; 21.19; Jer 22.18 mouri mouri ou nan kabann ou. Lè sa a, y'a boule lansan pou ou menm jan yo te konn boule lansan pou zansèt ou yo ki te wa anvan ou. Y'a rele pou ou, y'a di: Ki lapenn sa a? Wa a mouri! Se mwen menm Senyè a ki di sa. Se mwen ki bay mesay sa a.
6Pwofèt Jeremi bay Sedesyas, wa peyi Jida a, mesay sa a lavil Jerizalèm. 7Lè sa a, lame wa Babilòn lan t'ap atake lavil Jerizalèm ansanm ak de lòt lavil nan peyi Jida, Lakis ak Azeka, ki t'ap kenbe tèt toujou ak lènmi yo, paske yo menm yo te byen pwoteje.
Moun Jerizalèm pa kenbe pawòl yo
8Men #Egz 21.2 nan ki sikonstans Senyè a te pale ak Jeremi ankò. Wa Sedesyas te siyen yon kontra ansanm ak tout pèp lavil Jerizalèm pou yo te bay 9tout #Lev 25.39-46; Ney 5.8 moun menm ras ak yo, fanm kou gason, ki te esklav lakay yo libète yo. Konsa, pèsonn nan moun Jida yo pa t'ap gen yon frè parèy yo k'ap sèvi yo esklav. 10Se konsa, tout chèf yo ansanm ak tout pèp la te tonbe dakò pou yo te bay tout esklav, fanm kou gason, yo te gen lakay yo libète yo, lèfini pou yo pa janm pran yo sèvi esklav ankò. Epi yo bay tout esklav yo libète yo vre. 11Men apre sa, yo chanje lide, yo pran moun yo te bay libète yo, fanm kou gason, yo fòse yo tounen sèvi yo esklav ankò.
12Lè sa a, Senyè a pale ak Jeremi, li di l konsa:
13— Men sa Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di: Mwen te pase yon kontra avèk zansèt nou yo lè mwen te fè yo sòti kite peyi Lejip kote yo te esklav la. Mwen te di yo: 14#Det 15.12 yon ebre parèy nou vann tèt li ban nou pou l sèvi nou esklav, apre sizan li pase ap sèvi nou, sou setyèm lanne a se pou nou ba li libète l. Se pou nou kite l ale. Men, zansèt nou yo pat koute m, yo pat okipe sa m te di yo. 15Men #2 Wa 23.3 nou menm nan jou ki sot pase yo, nou pat fè menm jan ak yo, nou te fè sa ki dwat devan mwen. Tout moun te dakò pou yo te bay ebre parèy yo libète yo. Lèfini, nou te pran angajman sa a piblik devan mwen nan kay yo mete apa pou mwen an. 16Apre #Lev 18.21 sa, nou chanje lide, nou pa respekte m. Nou tout nou fè esklav nou te bay libète yo tounen lakay nou, fanm kou gason, nou fòse yo vin sèvi nou esklav ankò. 17Se #Jer 14.12; 15.4; Gal 6.7; Jak 2.13 poutèt sa, mwen menm Senyè a, mwen di nou pa koute m, nou pa bay moun pèp Izrayèl parèy nou yo libète yo. Enben, mwen menm Senyè a, m'ap ban nou libète pou nou mouri nan lagè, nan grangou, osinon anba move maladi. 18M'ap #Jen 15.10 mete tout lòt nasyon sou latè yo vant ba lè y'a wè sa ki rive nou. 19Nou menm chèf peyi Jida yo ak grannèg lavil Jerizalèm yo ak lòt gwo zotobre yo, prèt yo ansanm ak tout moun lavil Jerizalèm yo, nou te pran yon angajman avè m lè nou te pase nan mitan de mwatye towo bèf nou te ofri ban mwen an. Men nou pa kenbe angajman nou te pran an, nou pa fè sa nou te pwomèt mwen n'ap fè a. Se poutèt sa, sa nou te fè towo bèf nou te ofri ban mwen an, se sa mwen pral fè rive nou. 20M'ap #Jer 7.33; 22.25 lage nou nan men lènmi nou yo, nan men moun ki sòti pou touye nou yo. Kadav nou va sèvi manje pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa. 21M'ap #Jer 37.5,11 pran Sedesyas, wa peyi Jida a, ansanm ak tout chèf li yo, m'ap lage yo nan men lènmi yo, nan men moun ki sòti pou touye yo. M'ap lage yo nan men lame wa Babilòn lan ki fin leve kan yo pou yo ale. 22M'ap #Eza 10.6; Jer 9.11; 37.8 pase yo lòd, y'ap tounen vin atake lavil la. Y'ap pran l, y'ap mete dife ladan l. M'ap fè lavil peyi Jida yo tounen yon dezè san pyès moun ladan yo. Se mwen menm Senyè a ki di sa.

Currently Selected:

Jeremi 34: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in