YouVersion Logo
Search Icon

Jeremi 33

33
Bondye Jerizalèm lòt pwomès
1Jeremi te nan prizon toujou nan lakou palè #Jer 32.2 kote gad yo ye a lè Senyè a pale avè l ankò. Li di l:
2— Se #Egz 6.3 mwen menm ki fè latè a, ki ba li fòm, ki kenbe l nan plas li. Se mwen menm yo rele Senyè a. Men sa mwen di: 3Rele m, #Sòm 91.15; Eza 48.6; Jer 29.12 m'a reponn ou. M'a fè ou konnen yon bann gwo bagay, yon bann mèvèy ou pat janm konnen. 4#33.4-5: Nan tèks ebre a de vèsè sa yo pa klè. Wi, #Jer 32.24 men sa mwen menm, Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di sou kay lavil Jerizalèm yo, sou kay wa peyi Jida yo, ki fin kraze paske moun Babilòn yo sènen lavil la, y'ap atake l. 5Gen #Det 31.17,18 moun ki sòti pou kenbe tèt ak moun Babilòn yo. Moun sa yo lakòz kay yo pral plen kadav moun mwen pral touye tèlman mwen fache, tèlman mwen move. Mwen p'ap okipe lavil Jerizalèm ankò paske moun li yo fè twòp mechanste. 6Men, #Jer 30.17 mwen pral ba yo renmèd pou yo sa gaya. M'ap geri yo. M'ap fè yo konnen jan sa bon lè moun viv ak kè poze san okenn danje. 7M'ap #Eza 1.26; Jer 24.6 fè peyi Izrayèl ak peyi Jida kanpe ankò. Zafè yo pral mache tankou nan tan lontan. 8M'ap #Jer 31.34; Eze 36.25; Eb 9.13,14 mete yo nan kondisyon pou yo sèvi m, m'ap wete tout peche yo te fè kont mwen yo. M'ap padonnen tou sa yo te fè ki mal lè yo t'ap fè wòklò avè m lan. 9#Jer 13.11 sa a, lavil Jerizalèm pral fè kè m kontan. Li pral sèvi yon lwanj pou mwen, yon bèl bagay devan tout lòt nasyon ki sou latè. Lè y'a konnen tout byen mwen pral fè pou moun Jerizalèm yo, lè y'a wè tout bèl bagay m'a fè pou yo, y'a tranble tèlman y'a pè, y'a sezi.
10Senyè a di ankò: Y'ap di peyi a tounen yon dezè, pa gen moun, pa gen bèt ladan l. Se vre wi. Lavil peyi Jida yo, tout lari lavil Jerizalèm blanch: ou pa jwenn ni moun, ni bèt ladan yo. Men nan peyi a y'a tande ankò 11vwa #Lev 7.12; 1 Kwo 16.34; Sòm 107.22; Eza 12.4; Jer 7.34 moun k'ap pran plezi yo, moun ki gen kè kontan. Y'a tande mizik pou moun k'ap marye yo. Y'a tande moun k'ap chante lè y'ap pote ofrann pou di Bondye mèsi nan Tanp Senyè a. Y'a di:
Lwanj pou Senyè ki gen tout pouvwa a paske li bon!
Li p'ap janm sispann renmen nou!
Wi, m'ap fè peyi a kanpe ankò jan l te ye anvan an. Se Senyè a ki di sa.
12Men #Eza 65.10; Jer 31.24; 50.19; Eze 34.14 sa Senyè ki gen tout pouvwa a di ankò:
— Nan peyi sa a ki fini, peyi kote ou pa jwenn ni moun ni bèt la nan tout lavil yo, va gen kote pou gadò mouton yo mennen mouton yo al manje. 13Nan #Jer 17.26; Jan 10.3 lavil ki nan mòn yo, nan lavil ki nan plenn yo bò lanmè a ak nan sid peyi a, nan tout peyi Benjamen an, nan tout ti bouk nan vwazinay Jerizalèm yo, nan tout lavil Jida yo, gadò mouton yo va fè mouton pase devan yo yonn apre lòt pou konte yo. Se Senyè a menm ki di sa.
14Senyè a #Jer 23.5,6 di ankò: Yon jou pral vini, mwen pral kenbe pwomès mwen te fè moun Izrayèl yo ansanm ak moun Jida yo. 15Jou #Eza 4.2; 11.1 sa a, lè sa a, m'a fè yon nonm sòti nan fanmi David la pou gouvènen yo. Se va yon wa ki va fè sa ki dwat, ki p'ap nan patipri. 16Lè sa a, moun peyi Jida ak moun Jerizalèm yo va sove. Y'a viv san kè sote. Y'a rele lavil Jerizalèm: ‘Senyè, Jistis Nou’. 17Senyè a #1 Wa 2.4; Sòm 89.3,4 di ankò: Va toujou gen yon wa ki sòti nan fanmi David la pou gouvènen peyi Izrayèl la. 18Va #Eza 66.21 toujou gen prèt nan fanmi Levi a pou sèvi m nan Tanp lan, pou boule ofrann nan dife pou mwen, pou fè ofrann grenn jaden ak lòt ofrann bèt pou mwen chak jou.
19Senyè a pale ak Jeremi ankò, li di l:
20— Mwen #Jer 31.36,37 pase #Jen 8.22 yon kontra ak lajounen, yon kontra ak lannwit pou yo toujou rive lè pou yo rive a. Eske nou ka kraze kontra sa yo? Non. 21Enben, #Sòm 89.3,4 konsa tou, mwen siyen yon kontra ak David, sèvitè m lan, pou toujou gen yonn nan pitit li yo chita sou fòtèy wa a nan peyi a. Mwen siyen yon kontra ak moun Levi yo ansanm ak prèt k'ap sèvi m yo. Kontra sa yo p'ap janm kase. 22Mwen #Jen 22.17 pral fè fanmi David, sèvitè m lan, peple. Mwen pral fè moun Levi k'ap sèvi m yo peple sitèlman yo p'ap ka konte kantite ki genyen. Y'ap tankou zetwal nan syèl la, tankou grenn sab bò lanmè.
23Senyè a pale ak Jeremi ankò, li di l:
24— Ou tande jan moun yo ap di mwen voye moun Izrayèl yo ak moun Jida yo jete, de fanmi mwen menm mwen te chwazi pou mwen yo! Se konsa y'ap meprize pèp mwen an. Yo pa konsidere l tankou yon nasyon ankò. 25Men sa mwen menm Senyè a, mwen di: Mwen fè yon kontra ak lajounen, mwen fè yon kontra ak lannwit. Mwen bay regleman jan pou tout bagay nan syèl la ak sou latè a mache. 26Menm jan m'ap toujou kenbe kontra sa yo, konsa tou m'ap toujou kenbe pawòl mwen ak pitit Jakòb yo, mwen p'ap janm voye pitit pitit David, sèvitè m lan, jete. M'ap toujou chwazi yonn nan fanmi David la pou gouvènen moun ki sòti nan ras Abraram, Izarak ak Jakòb yo. Wi, m'a gen pitye pou yo, m'a fè yo kanpe ankò.

Currently Selected:

Jeremi 33: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in