YouVersion Logo
Search Icon

Jeremi 18

18
Jeremi al lakay bòs krich yo
1Senyè a pale ak Jeremi ankò, li di l konsa:
2— Leve #Jer 19.1 non! Desann kay bòs potri a. Rive la, m'a ba ou yon mesaj.
3Mwen desann vre. Mwen jwenn bòs la k'ap travay yon krich pou li ba li fòm. 4Depi #Jer 13.7 krich li t'ap fè a pat sòti byen, li kraze l, li pran tè a, li fè yon lòt krich avè l jan li te vle fè l la. 5Lè sa a, Senyè a di m konsa:
6— Nou #Jòb 10.9; Eza 45.9; 64.8; Wòm 9.21 menm pèp Izrayèl, eske mwen pa gendwa fè ak nou sa bòs la fè ak tè a? Nou nan men mwen menm jan tè a nan men bòs k'ap fè krich la, tande! 7#Jer 1.10 mwen pran desizyon pou mwen derasinen yon nasyon osinon yon peyi ki gen wa, pou mwen kraze li, pou mwen detwi li, 8si #Jij 2.18; Jer 26.3,13,19; Eze 18.21; Jo 3.10 nasyon an chanje kondit, si li sispann fè mechanste ki lakòz mwen te move a, m'ap chanje lide tou, mwen p'ap fè li sa m'te fè lide li a ankò.
9Yon lòt lè, mwen pran desizyon pou m leve yon nasyon osinon pou m fè gouvènman yon wa kanpe. 10Men, si nasyon an fè sa ki pa fè m plezi, si li pa koute m, mwen p'ap fè tout byen mwen te fè lide fè pou li a. 11Bon! #2 Wa 17.13; Jer 35.15 Kounyeya, ou pral pale ak moun peyi Jida yo ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo. Men sa Senyè a voye di yo: M'ap pare yon malè pou nou. Mwen fè lide pini nou. Se pou nou chanje, se pou nou kite move pant n'ap swiv la. Chache viv pi byen, manyè sispann fè sa ki mal. 12Y'ap #Jer 2.25; 3.17 reponn ou: Se tan ou w'ap pèdi! N'ap toujou kenbe tèt ak Bondye. N'ap toujou fè tout vye lide ki nan tèt nou.
Pèp la voye Bondye jete
13#Jer 2.10,11; 5.30 sa a, Senyè a di ankò:
— Al mande moun lòt nasyon yo si yo te janm tande yon bagay konsa rive anvan sa?
Moun pèp Izrayèl yo fè yon bann bagay moun pa ka gade!
14 # 18.14: Nou pa fin sèten se sa vèsè sa a vle di. Tèks ebre a pa klè. Eske ou janm wè pa gen lanèj sou wòch nan tèt mòn peyi Liban yo?
Eske ou janm wè ti sous dlo fre k'ap desann sòti nan mòn yo cheche?
15Men, #Eza 57.14; Jer 2.5,32; 6.16 pèp mwen an bliye m.
Y'ap boule lansan pou zidòl ki pa vo anyen.
Kifè yo kite chemen pou yo te swiv la,
chemen yo t'ap swiv depi nan tan lontan an,
yo pran mache nan raje,
kote ki pa gen chemen trase.
16Yo #2 Kwo 29.8; Jòb 16.4; Sòm 22.7; Jer 19.8; Lam 2.15; Mat 27.39 fè peyi a tounen yon savann dezole,
tout moun se mete men nan tèt!
Tout moun k'ap pase bò la pral sezi wè sa.
Yo pral souke tèt yo.
17Se #Sòm 48.7; Jer 13.24; Eze 27.26 konsa mwen pral gaye yo devan lènmi yo,
menm jan van lès gaye pousyè.
M'ap vire do ba yo lè malè va tonbe sou yo.
M p'ap okipe yo menm.
Konplo sou do Jeremi
18#Jer 2.8; 5.31; 6.13; 9.8; 11.19 sa a, pèp la va di:
— Annou moute yon konplo sou do Jeremi. N'a toujou jwenn prèt pou di nou sa Bondye vle. Va toujou gen moun ki gen bon konprann pou ban nou konsèy. Va toujou gen pwofèt pou fè nou konnen mesay Bondye yo. Annou wè! Ann touye l anba kout lang. Nou pa bezwen tande sa l'ap di nou la a.
19#Sòm 35.1; Eza 49.25 sa a, mwen lapriyè, mwen di:
— O Senyè! Tande sa m'ap di ou.
Koute sa moun ki pa vle wè m yo ap di sou mwen.
20#Ney 13.14; Sòm 35.7; 57.6; 119.85 yon moun fè ou byen, eske se mal pou ou fè li?
Yo fouye yon twou pou fè m tonbe ladan l.
Chonje jan m te kanpe devan ou
pou m te pale pou yo,
pou m te mande ou pa fè kòlè sou yo.
21Kounyeya, Senyè, #Sòm 109.9,10 se pou ou fè pitit yo mouri grangou.
Se pou ou kite yo mouri anba kout nepe.
Se pou madanm yo pèdi pitit yo ansanm ak mari yo.
Se pou maladi lapès touye mesye yo.
Se pou jenn gason yo mouri nan lagè.
22Y'ap #Sòm 140.5 rete konsa, w'ap voye yon bann piyajè sou yo.
Lè sa a se va rèl nan tout kay yo.
Tou sa, paske yo te fouye yon twou pou fè m tonbe ladan l.
Yo te mete pèlen pou mwen sou wout mwen.
23Men #Ney 4.5; Sòm 35.22 ou menm, Senyè, ou konnen
tout konplo y'ap fè pou touye m'.
Pa padonnen mechanste yo.
Pa janm padonnen peche yo.
Se pou yo tonbe atè devan je ou.
Lè ou ankòlè, regle ak yo.

Currently Selected:

Jeremi 18: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in