YouVersion Logo
Search Icon

Jeremi 17

17
Peche ak chatiman moun Jida yo
1Senyè a di:
— Yo ekri #Egz 27.2; Jòb 19.24; Pwo 3.3; 7.3; 2 Kor 3.3 peche moun Jida yo ak biren.
Yo make yo nan kè nou ak pwent dyaman.
Yo grave sou kat pwent lotèl nou yo,
2pou #Det 16.21; Jer 2.20 pitit yo ka chonje tout lotèl yo
ak tout poto repozwa yo plante bò pyebwa plen fèy sou tèt mòn yo.
3Nou #Eza 2.3 menm k'ap fè sèvis sou mòn yo, nan mitan pyebwa yo,
m'ap fè moun vin piye richès nou yo ak trezò nou yo
poutèt peche nou te fè sou mòn yo toupatou nan peyi a.
4 # 17.4: Vèsè sa a pa klè nan tèks ebre a. Se #Det 32.22; Jer 15.13,14 nou menm ankò ki pral bay peyi mwen te ban nou an.
M'ap fè nou tounen domestik lènmi nou yo,
nan yon peyi nou pat janm konnen paske nou te fè m fache.
Kòlè m tankou yon dife ki p'ap janm mouri.
Lòt mesay Bondye bay
5Men #2 Kwo 32.8; Sòm 146.3 sa Senyè a di ankò:
— Madichon pou moun ki vire do ban mwen
pou mete konfyans yo nan moun parèy yo,
pou konte sou sa moun ap fè pou yo.
6Y'ap #Det 29.23; Jòb 20.17; 39.6; Jer 29.32; 48.6 tankou yon pyebwa kokobe nan yon savann dezole.
Bon tan move tan, se va menmman parèyman.
Yo p'ap janm wè zafè yo mache byen.
Yo nan tè sale san dlo kote moun pa rete.
7Benediksyon #Sòm 2.12; 71.5; 125.1 pou moun ki mete konfyans yo nan Senyè a,
wi, pou moun ki mete tout espwa yo nan li.
8L'ap #Sòm 1.3 tankou pyebwa yo plante bò larivyè.
L'ap plonje rasin ni fon nan dlo.
Li pa pè anyen lè sezon chalè rive
paske fèy li ap toujou rete vèt.
Te mèt gen yon lane sechrès, sa p'ap fè li anyen,
l'ap toujou donnen.
9Pa gen anyen ki ka plis twonpe moun
pase sa ki nan kè moun.
Kilès ki konnen sa ki nan kè yanm atò?
Ki moun ki konprann
sa k'ap pase nan kè lèzòm?
10Mwen #1 Kwo 28.9; Jòb 34.11; Jer 11.20; 32.19; Wòm 8.27 menm Senyè a, mwen konnen tout lide ki nan tèt yo,
mwen sonde santiman ki nan kè yo.
M'ap bay chak moun sa yo merite
dapre jan yo mennen bak yo.
11Moun #Sòm 39.6; 55.23; Lik 12.20 k'ap fè mal pou yo ka rive rich,
yo tankou zwazo k'ap kouve ze yo pat ponn.
Yo poko parèt, y'ap pèdi tou sa yo te genyen.
Anvan yo mouri, yo gentan pèdi tèt yo.
12Tanp nou an tankou yon bèl fòtèy
ki kanpe sou tèt mòn lan depi nan konmansman.
13Senyè! #Jer 1.16; 2.13; 14.8; Lik 10.20; Jan 4.10,14 Se ou ki tout espwa pèp Izrayèl la.
Tout moun ki lage ou pral wont.
Moun ki vire do ba ou ap disparèt
tankou non ki ekri sou sab,
paske yo lage ou, Senyè, ou menm ki sous dlo fre a.
Jeremi ap mande Bondye sekou.
14Senyè, #Det 10.21; Sòm 6.2 geri m non, m'a gaya!
Delivre m non, m'a sove!
Se pou ou m'a fè lwanj.
15Moun #Eza 5.19; 2 Pyè 3.4 yo ap di mwen: Kote sa Senyè a te di a?
Se pou l rive vre!
16Men, #Sòm 40.9; 139.4 Senyè, mwen pat janm kole dèyè ou
pou ou te voye malè sou yo! #17.16: pou ou te voye malè sou yo: Osinon pou ou pat yon bon gadò pou yo.
Mwen pat janm mande pou move tan tonbe sou yo!
Senyè, ou konn sa! Se devan ou mwen te di tou sa m te di.
17Tanpri, #Jer 16.19 pa kite sa vire mal pou mwen!
Jou malè se ou ki tout pwoteksyon m!
18Se #Sòm 35.4,8; Jer 11.20 moun k'ap chache touye m yo ki pou wont. Pa mwen.
Se yo ki pou gen kè kase. Pa mwen.
Fè malè tonbe sou yo. Kraze yo an miyèt moso!
Jou repo a se jou apa pou Bondye
19Men sa Senyè a di ankò:
— Al kanpe bò Pòtay Pèp la, kote wa Jida yo pase pou antre sòti nan lavil la. W'a bay mesay sa a. Lèfini, al kanpe bò tout lòt pòtay lavil yo, w'a di menm bagay la. 20W'a di yo: Nou menm, wa peyi Jida ak tout moun nan peyi a, nou tout moun lavil Jerizalèm ki pase nan pòtay sa yo, koute sa Senyè a di: 21Li #Ney 13.15-19 te di si nou renmen lavi nou, pa pote okenn chay jou repo a. Pa kite yo pote chay antre nan pòtay lavil Jerizalèm yo. 22Pa #Egz 31.13; Nonb 15.32-36; Eza 56.2; 58.13; Eze 20.12 pote chay sòti lakay nou jou repo a. Piga nou fè okenn travay jou sa a. Se pou nou mete jou repo a apa pou Senyè a, jan mwen te bay zansèt nou yo lòd la. 23Men #Jer 5.3; 7.24,26 zansèt nou yo pat koute m, yo pa okipe sa m te di yo a. Yo fè tèt di. Yo pa obeyi m. Yo derefize fè sa m te di yo fè.
24Men sa mwen menm, Senyè a, mwen di: Si nou menm nou koute lòd mwen ban nou, si nou pa kite pèsonn pote chay antre nan pòtay lavil la jou repo a, si nou kenbe jou repo a tankou yon jou nou mete apa pou mwen, si nou pa fè okenn travay jou sa a, 25#Jer 22.4 sa a, wa nou yo va antre nan pòtay lavil Jerizalèm yo ansanm ak chèf nou yo. Y'a chita sou fòtèy wa David la. Yo menm ansanm ak tout pèp Jida a ak moun lavil Jerizalèm yo, y'a moute cha lagè yo ak chwal yo. Ap toujou plen moun nan lavil Jerizalèm. 26Moun #Jen 13.1; Lev 7.12; Sòm 107.22; 116.17; Jer 33.13; Zak 7.7 va soti nan tout vil Jida yo, nan tout alantou Jerizalèm, y'a soti nan peyi moun Benjamen yo nan zòn ki nan pye mòn yo, nan mòn yo ak nan sid peyi Jida a, y'a pote bèt pou boule pou Senyè a, bèt pou yo touye sou lotèl li a, ofrann danre ak lansan ansanm ak ofrann pou bay Bondye remèsiman nan kay Senyè a. 27Tansèlman, #2 Wa 25.9; Jer 7.20; Lam 4.11 si nou pa koute m, si nou pa mete jou repo a apa pou Bondye, si jou sa a nou pote chay, si nou kite moun antre nan pòtay lavil Jerizalèm yo ak chay, m'ap mete dife nan pòtay li yo. Dife a va boule tout gwo kay lavil Jerizalèm yo. Pèsonn p'ap ka touye dife sa a.

Currently Selected:

Jeremi 17: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy