YouVersion Logo
Search Icon

Ezayi 56

56
Bondye rele tout moun fè yonn
1Men sa Senyè a di pèp li a:
— Se #Eza 46.12,13 pou nou fè sa ki dwat. Pa fè lenjistis. Paske mwen pa lwen vin delivre nou, mwen pa lwen fè nou konnen jan m'ap pran defans nou. 2Benediksyon #Eza 58.13 pou moun ki fè sa m'di yo fè, ki toujou kenbe pawòl mwen yo fèm. Benediksyon pou moun ki respekte jou repo a, pou moun ki pa mete men li nan okenn movezak.
3Moun #Eza 14.1 lòt nasyon ki atache ak Senyè a pa fèt pou ap di: Senyè a p'ap kite m' fè sèvis pou li ansanm ak pèp li a. Yon moun ki chatre pa dwe janm di: se yon vye pyebwa chèch mwen ye, mwen pa ka fè pati pèp Bondye a. 4Men sa Senyè a di: Lè yon moun ki chatre mete jou repo a apa pou mwen, lè li chwazi pou l fè volonte mwen, lè li kenbe kontra mwen an fèm, 5m'ap #2 Sam 18.18; Jan 1.12; Rev 3.12 fè yo chonje l nan Tanp mwen an ak nan mitan pèp mwen an pi lontan pase si li te gen pitit gason ak pitit fi. M'ap fè yo pa janm bliye l.
6Moun lòt nasyon ki vin atache ak Senyè a pou sèvi li, pou renmen li, nasyon ki mete jou repo a apa, ki kenbe kontra mwen an fèm, 7m'ap #Eza 19.24,25; Mak 11.17; Wòm 15.16 mennen yo sou mòn ki apa pou mwen an, m'a ba yo kè kontan nan kay kote yo fè lapriyè pou mwen an. M'a asepte tout bèt y'a ofri pou boule sou lotèl mwen ak tout lòt ofrann y'a fè pou mwen. Y'a rele kay mwen an kay kote tout pèp va vin fè lapriyè nan pye m.
8Men #Eza 11.12; Jan 10.16; Ef 1.10; 2.11-16 sa Senyè a, Bondye a, di, li menm ki te fè moun pèp Izrayèl yo te depòte yo sanble nan peyi yo a ankò: Anplis moun pèp mwen an, mwen va sanble yon bann lòt moun ankò ansanm ak yo.
Bondye ap pini chèf pèp Izrayèl yo
9Senyè a #Jer 12.9 rele moun lòt nasyon yo pou yo vin devore, pou yo vin manje tankou bèt mawon ki nan savann ak bèt ki nan rakbwa. 10Li #Jer 6.13,17 di:
— Tout chèf ki la pou avèti pèp mwen an, je yo pete. Yo pa konprann anyen. Yo tankou chen ki pa janm jape. Lespri yo byen lwen. Yo kouche tout lajounen, y'ap kabicha. 11Yo #Jer 23.1; Eze 34.2,3 tankou chen aloufa, anyen pa janm kont yo. Se yon bann chèf san konprann. Yo tout fè sa yo pito. Se avantaj yo ase y'ap defann. 12Y'ap #Eza 28.7; Lik 12.19 plede di: Vini non! N'a jwenn diven. N'a pran kèk bon razad gwòg. Denmen menm, bagay la ap pi bon toujou pase jòdi a.

Currently Selected:

Ezayi 56: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in