YouVersion Logo
Search Icon

Ezayi 55

55
Bondye fè pa nou
1Vini non, nou tout ki swaf. Men #Pwo 9.5; Mat 5.6; Jan 7.37 dlo!
Vini non, nou tout ki pa gen lajan, nou mèt vini.
Achte manje pou nou manje. Nou pa bezwen lajan!
Achte bwason ak lèt pou nou bwè. Nou pa bezwen peye!
2Poukisa #Jan 6.27 n'ap depanse lajan achte manje ki pa ka fè anyen pou nou?
Poukisa n'ap depanse lajan travay nou pou bagay ki pa ka plen vant nou?
Si nou koute byen sa m'ap di nou la a,
n'a manje sa ki bon.
N'a pran plezi nou nan manje bon kalite manje.
3Louvri #Pwo 4.4; Eza 61.8; Jer 32.40; Eze 37.26; Tra 13.34 zòrèy nou. Vin jwenn mwen.
Koute byen sa m'ap di nou, n'a jwenn lavi.
M'ap siyen yon kontra ak nou pou tout tan.
M'a ban nou benediksyon mwen te pwomèt David yo.
4Gade. #Sòm 18.43; Eza 9.6,7; Jer 30.9; Mi 5.2; Tra 5.31 Mwen te fè l chèf pou l te kòmande nasyon yo.
Mwen te fè l sèvi m temwen nan mitan yo.
5Gade, #Zak 8.22,23; Tra 3.13 ou pral rele nasyon ou pat konnen.
Nasyon ki pat konnen ou pral kouri vin jwenn ou.
Se mwen menm, Senyè a, Bondye ou la, Bondye apa pèp Izrayèl la, k'ap fè sa rive konsa,
paske m'ap leve ou anlè.
6Tounen #Sòm 32.6; Am 5.4 vin jwenn Senyè a, pandan nou ka jwenn li an.
Lapriyè nan pye l pandan li toupre nou an.
7Se pou mechan yo kite move chemen y'ap swiv la.
Se pou malveyan yo wete move lide k'ap travay nan tèt yo.
Se pou yo tounen vin jwenn Senyè a ki va gen pitye pou yo.
Se pou yo tounen vin jwenn Bondye nou an,
paske l'ap padonnen tou sa yo fè.
8Lide pa m pa menm ak lide pa nou.
Chemen pa nou pa menm ak chemen pa m.
Se Senyè a menm ki di sa.
9Menm #Sòm 103.11 jan syèl la byen lwen anwo latè,
se konsa lide pa m byen lwen anwo lide pa nou,
chemen pa m byen lwen chemen pa nou.
10Gade! #2 Kor 9.10 Lapli ak lawouze sòti nan syèl la,
yo pa tounen kote yo sòti a san yo pa wouze latè,
san yo pa fè l donnen, san yo pa fè plant yo pouse
pou bay kiltivatè yo grenn pou yo simen ak manje pou yo manje.
11Konsa tou pou pawòl ki sòti nan bouch mwen:
li p'ap tounen vin jwenn mwen
san li pa fè sa m te vle l fè a,
san li pa fè tou sa mwen te voye l fè a.
12N'a #Sòm 98.8; Eza 44.23 kite lavil Babilòn ak kè kontan.
Y'a mennen nou tounen lakay nou ak kè poze.
Gwo mòn yo ak ti mòn yo va pran chante pou nou sitèlman y'a kontan.
Tout pyebwa nan plenn yo va bat bravo pou nou!
13Pye #Eza 35.1,2; 41.19 pichpen va pouse kote ki te plen pikan.
Pye ilan-ilan va pouse kote ki te plen chadwon.
Sa va sèvi yon lwanj pou Senyè a,
yon remak k'ap la pou tout tan,
yon siy pèsonn p'ap ka detwi.

Currently Selected:

Ezayi 55: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy