YouVersion Logo
Search Icon

Ezayi 21

21
Lavil Babilòn tonbe
1Men mesay Bondye bay sou plenn bò #Zak 9.14 lanmè a, nan peyi Babilòn:
— Tankou yon van siklòn k'ap bale dezè Negèv la, yon gwo malè pral sòti nan peyi san manman yo. 2Mwen #Eza 13.17; 24.16; 33.1 fè yon vizyon, mwen wè bagay ki pou bay gwo lapenn lan. Mwen wè moun k'ap trayi, moun k'ap kraze brize!
Nou menm lame peyi Elam lan, moute al atake! Nou menm sòlda peyi Medi yo, al sènen lavil li yo! Bondye pral fè moun k'ap soufri anba peyi Babilòn lan sispann plenn.
3Se poutèt sa, tout zantray mwen ap bouyi! Mwen gen yon sèl doulè anba vant tankou yon fanm ki prèt pou akouche. M'ap tòde. Mwen rete vant ba: mwen pa wè anyen, mwen pa tande anyen. 4Tèt #Det 28.67 mwen ap vire. M'ap tranble tèlman mwen pè. Mwen t'ap tann solèy la kouche. Men, lè aswè rive, se te pi mal. 5Nan #Jer 51.39 vizyon an, mwen wè yon tab byen ranje, yo louvri tapi atè pou envite yo chita. Y'ap manje, y'ap bwè. Yon moman, yo bay yon lòd: Kanpe, chèf lame yo! Pare zam nou pou defann nou!
6Apre sa, Senyè a di m konsa:
— Ale non! Mete yon gad veye! W'a di l pou l fè ou konnen tou sa l'a wè. 7Si l wè kavalye k'ap vini sou chwal yo, de pa de ak yon pati moun sou bourik, yon lòt pati sou chamo, se pou l louvri je l gade byen.
8Gad #Aba 2.1 la #21.8: Gad la: Dapre yon ansyen kopi ebre a ak yon ansyen vèsyon. Men, tèks ebre a bay: Yon lyon. rele byen fò:
— Mèt, m'ap rete kanpe la nan pòs mwen tout lajounen. Mwen p'ap deplase kote m ye a. M'ap veye tout lannwit.
9#Jer 50.2; 51.8; Rev 14.8; 18.2 sa a, yon lame kavalye parèt. Y'ap mache vini de pa de. Gad la bay nouvèl la. Li di: Lavil Babilòn tonbe! Wi, li tonbe! Tout estati zidòl yo tonbe plat atè, yo kraze! 10Nou #Jer 51.33; Am 1.3 menm, pèp mwen an, mwen te fwote nou anba pye m tankou moun fwote diri sou glasi. Men, kounyeya m'ap fè nou konnen bòn nouvèl mwen te tande a. Se Senyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, ki te fè m konn sa.
Yon mesay pou Edon
11Men #Jen 36.8; Eze 35.2 mesay Bondye bay pou moun peyi Edon #21.11: peyi Edon: Dapre vèsyon grèk la, men tèks ebre a bay: peyi Douma. yo:
— Yon moun rete peyi Seyi, l'ap rele m. Li di m: Ey, gad! Kilè li ye? Konbe tan ankò pou nwit lan bout? Konbe tan ankò anvan solèy leve?
12Mwen reponn:
— Bajou prèt pou kase. Men apre sa, se va lannwit ankò. Si nou vle mande sa ankò, tounen vin mande.
Yon mesay pou Arabi
13Men #Jen 37.25 mesay Bondye bay pou moun peyi Arabi yo:
— Nou menm moun peyi Dedan, se nan mitan raje ki nan savann Arabi a nou pral moute kan nou pase nwit! 14Al kontre moun ki swaf dlo yo pou ba yo bwè. Moun peyi Tema yo al kontre moun k'ap kouri sove yo, yo pote manje ba yo. 15Moun yo pran kouri pou yo chape anba nepe sòlda ki te sòti pou touye yo, anba flèch ki te tou pare pou pèse yo, anba gwo danje ki te gen nan batay la.
16#Eza 60.7; Eze 27.21 sa a, Senyè a di m konsa:
— Nan yon lanne, jou pou jou, tankou moun k'ap travay pou lajan kalkile lè travay yo, p'ap rete anyen nan tout bèl pouvwa peyi Keda a! 17Ou #Eza 1.20 tande jan nan peyi sa a gen anpil vanyan sòlda ki konn tire banza byen? Enben! Se de twa ase ki va rete. Se mwen menm, Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la, ki di sa.

Currently Selected:

Ezayi 21: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in