YouVersion Logo
Search Icon

Ezayi 20

20
Pwofèt la rete twazan toutouni
1Sa te pase nan lanne Sagon, wa peyi #2 Wa 18.17 Lasiri, te bay kòmandan chèf lame li a lòd pou l te al atake lavil Asdòd nan peyi moun Filisti yo. Epi li pran l. 2Men #1 Sam 19.24; Mi 1.8 anvan sa, Senyè a te pale ak Ezayi, pitit Amòz la. Li te di l: Wete rad sak kòlèt ki sou ou a ak sapat ki nan pye ou la. Se sa menm Ezayi te fè. Se konsa li t'ap mache toutouni pye atè nan lari. 3Lanne #Eza 8.18 yo te pran lavil Asdòd la, Senyè a di konsa:
— Ezayi, sèvitè m lan, te rete toutouni pye atè pandan twazan. Sa se yon siy ak yon avètisman pou sa ki pral rive peyi Lejip ak peyi Letyopi. 4Wa #2 Sam 10.4; Eza 19.4; Mi 1.11 peyi Lasiri a pral depòte tout prizonye li pral fè nan peyi Lejip ak nan peyi Letyopi. Granmoun kou timoun pral mache toutouni, pye atè ak tout dèyè yo deyò. Sa pral yon wont pou peyi Lejip. 5Moun #2 Wa 18.21; Eza 30.3,5 ki te konte sou peyi Letyopi ak moun ki t'ap fè lwanj peyi Lejip yo pral wont, yo pral dekouraje. 6Lè jou sa a va rive, moun ki rete sou rivay peyi Filisti a va di: Gade sa ki rive moun sa yo! Epi se sou yo nou te konte, se lakay yo nou te fè lide al chache pwoteksyon pou yo te ka sove nou anba men wa peyi Lasiri a! Kounyeya, kote n'ap bay tèt pou n chape kò nou?

Currently Selected:

Ezayi 20: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in