YouVersion Logo
Search Icon

Ezayi 12:1-6

Ezayi 12:1-6 HAT98

Jou sa a, w'a pran chante: — M'ap fè lwanj ou, Senyè! Ou te move sou mwen. Men kounyeya, ou pa fache ankò. W'ap ban m kouray. Se Bondye ki delivre m! Mwen gen konfyans nan li. Kè m pa kase ankò! Se Senyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m! Menm jan kè pèp la kontan lè yo pral pran dlo nan sous, se konsa y'a kontan tou lè Bondye ap delivre yo. Jou sa a, n'a chante: Ann di Bondye mèsi! Annou fè lwanj non li! Annou fè tout nasyon yo konnen sa li fè! Chante pou Senyè a, paske li fè gwo mèvèy. Fè tout moun sou latè konn sa! Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele, fè fèt! Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye apa, li gen anpil pouvwa. Se nan mitan nou li rete.

Video for Ezayi 12:1-6