YouVersion Logo
Search Icon

Ezayi 12

12
Kantik pou di Bondye mèsi
1Jou sa a, w'a pran chante:
— M'ap fè lwanj ou, Senyè! Ou te move sou mwen.
Men kounyeya, ou pa fache ankò. W'ap ban m kouray.
2Se #Egz 15.2; Sòm 118.14 Bondye ki delivre m!
Mwen gen konfyans nan li. Kè m pa kase ankò!
Se Senyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante.
Se li menm ki delivre m!
3Menm #Jan 4.14 jan kè pèp la kontan lè yo pral pran dlo nan sous,
se konsa y'a kontan tou lè Bondye ap delivre yo.
4Jou #Sòm 105.1; 145.4,6; 148.13 sa a, n'a chante:
Ann di Bondye mèsi! Annou fè lwanj non li!
Annou fè tout nasyon yo konnen sa li fè!
5Chante pou Senyè a, paske li fè gwo mèvèy.
Fè tout moun sou latè konn sa!
6Nou #Eza 1.4; Oze 11.9 menm ki rete sou mòn Siyon an, rele, fè fèt!
Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye apa, li gen anpil pouvwa.
Se nan mitan nou li rete.

Currently Selected:

Ezayi 12: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in