YouVersion Logo
Search Icon

Ebre 4

4
1Kounyeya, Bondye kenbe menm pwomès sa a pou nou #Sòm 95.11 toujou, pou nou ka antre kote pou nou poze kò nou ansanm ak li a. Atansyon pou okenn nan nou pa pèdi chans antre nan kote sa a. 2Paske, yo fè nou konnen bòn nouvèl la menm jan ak lòt yo. Yo menm tou yo te tande mesay la. Men, sa pat sèvi yo anyen, paske lè yo te tande l la, yo pat resevwa l ak konfyans nan Bondye. 3Nou menm ki gen konfyans nan Bondye, nou antre kote pou nou poze kò nou ansanm ak li a. Dapre sa ki ekri:
Mwen te fè kòlè, mwen te sèmante:
Yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ak mwen an.
Bondye te pale konsa, men li menm, li te fin fè travay li depi lè li t'ap kreye lemonn. 4Paske, #Jen 2.2 men sa ki ekri yon lòt kote nan Liv la sou setyèm jou a:
Setyèm jou a, Bondye poze kò l apre li te fin fè tout travay li yo.
5Li tounen sou menm pawòl la ankò, lè li di:
Yo p'ap janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an.
6Moun ki te resevwa bòn nouvèl la an premye, yo pat antre kote sa a paske yo pat mete konfyans yo nan Bondye. Konsa, gen lòt toujou ki ka antre kote sa a pou yo ka poze kò yo ansanm ak Bondye. 7Se sa k fè, Bondye chwazi yon lòt jou li rele jòdi a. Li pale sou jou sa a lontan lontan apre, nan pawòl David nou jwenn nan Liv la, pawòl mwen deja di nou an:
Si nou tande vwa Bondye jòdi a, pa kenbe tèt ak li.
8Paske, #Det 31.7; Joz 22.4 si Jozye te fè pèp Izrayèl la antre nan peyi kote pou yo te poze kò yo ansanm ak Bondye a, Bondye pa ta bezwen pale apre sa sou yon lòt jou ankò. 9Jan sa ye a, gen yon repo ankò pou pèp Bondye a, yon repo tankou repo Bondye te pran setyèm jou a. 10Paske, #Rev 14.13 moun ki antre kote pou yo poze kò yo ansanm ak Bondye a, se moun ki fin fè travay yo, menm jan Bondye te poze apre li te fin fè travay li. 11Ann fè jefò pou nou tout ka antre kote sa a. Se pa pou okenn nan nou dezobeyi Bondye tankou moun sa yo ki te la anvan nou te fè l la, pou nou pa pèdi chans antre kote sa a.
12Pawòl #Jer 23.29; Eza 49.2; Ef 6.17; Jan 12.48; Rev 19.15 Bondye a se pawòl ki gen nanm, li gen pouvwa. Li file pase kouto famasi. Li ka koupe jouk li jwenn kote nanm ak lespri kontre fè yonn, jouk kote vyann ak mwèl rankontre. Li jije tout santiman ak tout lide ki nan kè moun. 13Pa gen anyen ki envizib pou Bondye. Tout bagay parèt aklè devan li. Nou tout gen pou rann li kont.
Jezi se granprèt ki gen plis pouvwa a
14Ann #Eb 3.1; 6.20; 7.26; 8.1; 9.11 kenbe fèm nan konfyans nou genyen an, paske nou gen Jezi, pitit Bondye a, k'ap sèvi nou yon gwo granprèt, li travèse syèl la jouk li rive devan Bondye menm. 15Granprèt #Eb 2.17 nou an, se pa yon moun ki pa kapab soufri ak nou nan feblès nou. Okontrè, nou gen yon granprèt ki te pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pat janm fè okenn peche. 16Se #1 Jan 3.21; Wòm 3.25 poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fòtèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.

Currently Selected:

Ebre 4: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in