YouVersion Logo
Search Icon

Ebre 3

3
Jezi gen plis pouvwa pase Moyiz
1Se poutèt sa, frè mwen yo, nou menm ki #Eb 4.14 apa pou Bondye, nou menm Bondye rele nan syèl la, annou fikse je nou sou Jezi, moun Bondye voye pou sèvi nou nan konfyans nou genyen an. 2Paske #Nonb 12.7 li pat twonpe Bondye ki te chwazi l pou travay sa a. Li fè travay li byen tankou Moyiz ki te fè tout travay li byen nan kay Bondye a. 3Moun ki bati yon kay resevwa plis lwanj pase kay la. Konsa tou, Jezi resevwa yon pi gwo lwanj pase Moyiz. 4Chak kay gen yon moun ki bati li. Men, se Bondye ki fè tout bagay. 5Moyiz #Nonb 12.7 te fè travay li byen nan tout kò kay Bondye a. Li te yon senp sèvitè ki te la pou pale sou bagay Bondye ta pral di pita. 6Men, #Ef 2.19; Kol 1.23 Jezikri te fè travay li tankou yon pitit Bondye te mete chèf kay li. Se nou menm ki kay Bondye a, depi nou pa janm dekouraje, depi nou pa janm pèdi konfyans, depi nou pa janm wont sa n'ap tann lan.
Repo Bondye sere pou pèp li a
7Se #Sòm 95.7-11 poutèt sa, jan Sentespri te di l la:
Si nou tande vwa Bondye jòdi a,
8pa #Egz 17.7; Nonb 20.2-5 kenbe tèt ak li, menm jan zansèt nou yo te fè l,
lè yo te chache kont ak Bondye a,
tankou lè, nan dezè a, yo te vle wè jouk ki bò Bondye ye ak yo.
9Lè sa a, zansèt nou yo te tante m, yo te sonde m atout yo te deja wè tou sa m t'ap fè depi karantan.
10Se sa k fè, mwen te fache sou moun sa yo.
Mwen te di: Moun sa yo toujou ap fè move lide nan tèt yo.
Yo derefize obeyi kòmandman m yo.
11Mwen #Nonb 14.21-23 te fè kòlè, mwen te fè sèman:
Yo pa janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an.
12Frè m yo, atansyon pou okenn nan nou pa rive gen move santiman nan kè l ki pou fè l pèdi konfyans nan Bondye, pou lè sa a, li pa vire do bay Bondye vivan an. 13Okontrè, #1 Tes 5.11 chak jou, se pou nou yonn ankouraje lòt toutotan n'ap viv nan epòk Liv la rele jòdi a. Piga nou yonn kite peche detounen nou, pou lè sa a nou pa rive nan kenbe tèt ak Bondye. 14Paske, #Eb 6.11; 11.1 nou se konpayon yonn ak lòt k'ap mache ak Kris, depi nou kenbe fèm jouk sa kaba nan konfyans nou genyen depi nan kòmansman an.
15Men #Sòm 95.8 sa ki ekri nan Liv la:
Si nou tande vwa Bondye jòdi a,
pa kenbe tèt ak li, tankou lè nou te chache kont ak Bondye a.
16Kilès #Egz 17.1 sa yo ki te tande vwa Bondye, men ki, apre sa, te fè kont ak li? Se tout moun Moyiz te fè soti nan peyi Lejip yo. 17Sou #Nonb 14.29; 1 Kor 10.10 ki moun Bondye te fè kòlè pandan karantan an? Se sou moun ki te fè peche yo. Tout moun sa yo tonbe, yo mouri nan dezè a. 18#Nonb 14.22,23 Bondye te fè sèman sa a, kilès li t'ap pale? Li t'ap pale sou moun ki te chache kont ak li yo. 19Nou wè vre, yo yonn pat kapab mete pye yo kote sa a, paske yo pat gen konfyans.

Currently Selected:

Ebre 3: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy