YouVersion Logo
Search Icon

Ebre 2

2
Yon gwo delivrans
1Se poutèt sa, nou dwe kenbe verite yo te moutre nou yo pi fèm toujou pou nou pa pèdi chemen nou. 2Pawòl #Tra 7.38,53; Gal 3.19 zanj Bondye yo te anonse a te gen tout valè li. Se sa ki fè moun ki pat okipe pawòl la ak moun ki te dezobeyi l yo te resevwa chatiman yo te merite a. 3Konsa #Eb 10.29; 12.25 tou, si nou menm nou meprize yon gwo delivrans tankou sa a, nanpwen chape pou nou. Premye moun ki te fè konnen delivrans sa a se Senyè a menm. Apre sa, moun ki te tande l yo, se yo ki te fè nou konnen jan delivrans sa a gen anpil valè. 4Anmenmtan #Mak 16.20; 1 Kor 12.4,11 an tou, Bondye te fè anpil siy, anpil bèl bagay ak anpil mirak pou fè wè sa moun sa yo t'ap di a se te vre. Li separe kado Sentespri a bay moun jan l vle.
Jezi se Chèf k'ap mennen nou sou chemen delivrans lan
5Bondye pat bay zanj li yo pouvwa sou anyen nan tan n'ap pale a, tan ki gen pou vini an. 6Okontrè, #Sòm 8.4-6 jan yo ekri sa yon kote nan Liv la:
Bondye o, kisa moun ye pou w'ap chonje yo konsa?
Kisa moun ki fèt pou mouri yo ye menm pou w'ap pran ka yo konsa?
7Ou fè yo yon ti jan pi ba pase zanj yo pou yon ti tan.
Tankou yon kouwòn sou tèt yo, ou ba yo tout lwanj ak tout respè.
8Ou #1 Kor 15.27 mete tout bagay anba pye yo.
Liv la di Bondye mete tout bagay anba pye lèzòm. Sa vle di pa gen anyen ki pa souzòd yo. Men, atout sa, nou wè koulyeya, lèzòm poko gen pouvwa sou tout bagay nèt. 9Okontrè, #Fil 2.8,9 lè nou gade Jezi, nou wè pou yon tan Bondye te mete l pi ba pase zanj yo, pou l te ka mouri pou tout moun, tankou yon favè Bondye t'ap fè yo. Kounyeya, poutèt lanmò li te soufri a, Bondye ba li tout lwanj ak tout respè ki pou yon wa. 10Se #Wòm 11.36 Bondye ki fè tout bagay, se Bondye k'ap kenbe tout bagay. Se tou nòmal pou l te vle fè anpil nan pitit li yo resevwa pa yo nan bèl pouvwa li a. Se poutèt sa, li fè Jezi vin bon nèt avèk tout soufrans sa yo. Paske se Jezi ki chèf k'ap mennen yo nan chemen delivrans lan.
11Ni #Mak 3.34,35; Mat 25.40; Jan 20.17 moun ki netwaye lèzòm anba peche yo, ki vle di Jezi, ni lèzòm li netwaye yo, yo tout gen yon sèl papa. Se poutèt sa, Jezi pa wont rele yo frè, 12jan l #Sòm 22.22 te di sa nan Liv la:
Bondye, m'a nonmen non ou bay frè m yo.
M'a fè lwanj ou lè yo tout reyini ansanm.
13Li #Eza 8.17,18; 2 Sam 22.3 di ankò:
M'a mete tout konfyans mwen nan Bondye.
Apre sa, li di ankò:
Men mwen ansanm ak tout pitit Bondye te ban mwen yo.
14Moun #2 Tim 1.10; Jan 12.31; Rev 12.10; 1 Kor 15.56 li rele pitit li yo, se moun ki gen yon kò ki fèt ak chè ak san. Jezi vin tankou yo tou, menm chè ak yo, menm san ak yo. Konsa, lè li mouri, li detwi Satan ki te gen pouvwa pou touye moun. 15Li delivre tout moun ki pase tout lavi yo esklav paske yo te pè lanmò. 16Sa #Eza 41.8,9 se bagay ki klè: li pat vin pote sekou bay zanj Bondye yo. Jan sa ekri nan Liv la:
Li vin pote sekou bay tout moun ras Abraram yo.
17Se #Sòm 22.22; Fil 2.7 konsa, li te fèt pou l te vin tankou frè l yo sou tout pwen, pou l te ka sèvi yo tankou yon granprèt ki gen anpil pitye pou yo, k'ap fè sèvis li byen devan Bondye, pou ofrann li fè a ka fè Bondye padonnen peche tout pèp la. 18Kounyeya, li #Eb 4.15 ka pote sekou bay tout moun ki anba tantasyon, paske li menm tou li te pase anba tantasyon, li menm tou li te soufri.

Currently Selected:

Ebre 2: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in