YouVersion Logo
Search Icon

Ezekyèl 47

47
Sous dlo ki sòti anba Tanp lan
1Apre sa, nonm lan mennen m tounen devan #Eze 41.22,23; Jowèl 3.18; Zak 14.8; Rev 22.1 pòtay pou antre nan Tanp lan. Mwen wè yon dlo k'ap sòti anba papòt kay la, li t'ap koule nan direksyon solèy leve. Se nan direksyon sa a pòtay Tanp lan te bay tou. Dlo a t'ap koule desann sòti anba fondasyon ki sou bò sid Tanp lan, li pase adwat sou bò sid lotèl la. 2Nonm lan fè m sòti kite lakou Tanp lan. Mwen pase nan pòtay nò a, nou fè yon detou jouk nou rive bò pòtay ki bay sou solèy leve a. Yon ti dlo t'ap koule sòti nan kwen sid pòtay la. 3Nonm lan #Eze 40.3 swiv ti kouran dlo a desann nan direksyon solèy leve. Avèk baton mezi ki te nan men l lan, li mezire senksan (500) mèt. Rive la, li fè m janbe dlo a. Dlo a ban m nan je pye. 4Li mezire yon lòt senksan (500) mèt ankò, li fè m janbe dlo a, dlo a ban mwen nan jenou. Li mezire yon lòt senksan (500) mèt ankò, li fè m janbe dlo a, dlo a ban mwen nan ren. 5Li mezire yon lòt senksan (500) mèt. Rive la, se te yon gwo larivyè. Mwen pat ka mache janbe l ankò, dlo a te twò fon. Se naje pou m ta naje travèse l. 6Li di m konsa:
— Nonm o! Make tou sa ou wè la a!
Apre sa, li fè m tounen sou bò larivyè a. 7Lè m #Rev 22.2 rive la, mwen wè te gen anpil pyebwa sou de bò larivyè a. 8Li #Det 3.17 di m konsa:
— Dlo sa a ap koule desann, l'ap travèse pòsyon tè ki bay sou solèy leve a, jouk li rive nan Fon Jouden an pou l tonbe nan Lanmè Mouri a. Lè l'a tonbe nan Lanmè mouri a, l'ap fè dlo sale a tounen dlo dous. 9Tout kote dlo a ap koule pral gen tout kalite bèt ak pwason. Dlo larivyè a pral fè dlo Lanmè Mouri a tounen dlo dous. Kote dlo a pase, l'ap bay lavi. 10Depi #Nonb 34.6 sous Angedi yo, desann ale jouk sous Eneglayim yo, pral gen moun k'ap peche sou tout bò lanmè a. Yo pral blayi senn yo ak privye yo mete cheche. Pral gen tout kalite pweson an kantite tankou nan lanmè Mediterane a. 11Men, dlo ki nan lagon yo ak nan m'a dlo ki sou rivay la p'ap dous. Y'ap rete ak tout gwo sèl yo. 12Sou #Sòm 1.3; Jer 17.8; Rev 22.2 de bò larivyè a, tout kalite pyebwa pral pouse pou bay fwi pou moun manje. Fèy yo p'ap janm fennen, yo p'ap janm sispann donnen. Y'ap bay yon donn chak mwa, paske dlo k'ap koule sòti nan Tanp lan pral wouze yo. Pyebwa yo pral bay fwi pou moun manje. Fèy yo ap sèvi renmèd.
Fontyè peyi a
(Nonb 34.1-12)
13Senyè #Eze 45.8 sèl Mèt la di m ankò:
— Men fontyè peyi nou pral separe pou nou bay douz branch fanmi pèp Izrayèl yo pòsyon pa yo chak. N'a bay branch fanmi Jozèf la de pòsyon. #47.13: de pòsyon: Yonn pou chak pitit Jozèf yo, Manase ak Efrayim. 14Separe #Jen 12.7; Nonb 34.2 tè a pou chak moun jwenn pòsyon pa yo. Mwen te pwomèt zansèt nou yo m'ap ba yo peyi sa a pou rele yo pa yo.
15Sou #Nonb 34.3-12 bò nò, fontyè a va sòti depi bò lanmè Mediterane a, l'a desann nan direksyon solèy leve, l'a pase lavil Etlon, l'a rive lavil Zeda nan Fon Amat la. 16L'a pase lavil Bewota ak lavil Sibrayim, nan mitan peyi Damas ak peyi Amat. L'a rive lavil Tikon ki sou fontyè peyi Oran an. 17Konsa, fontyè nò peyi a sòti bò lanmè Mediterane, li desann jouk lavil Enon nan direksyon solèy leve. L'ap bòde ak fontyè peyi Damas ak peyi Amat.
18Sou bò solèy leve, fontyè a ap pati nan yon bòn ki ant peyi Damas la ak peyi Oran an. L'ap desann nan direksyon sid jouk larivyè Jouden an k'ap sèvi fontyè ant peyi Izrayèl la sou bò solèy kouche ak peyi Galarad sou bò solèy leve. L'a desann toujou jouk li rive lavil Tama, bò lanmè Mouri a.
19Sou bò sid la, fontyè a ap pran direksyon sid yon ti kras plis sou solèy kouche, sòti lavil Tama rive nan ti bwa bò sous dlo Meriba yo nan peyi Kadès. Rive la, l'ap vire sou nò yon ti jan sou solèy kouche, l'a pran ravin lan moute rive bò lanmè Mediterane a.
20Sou bò solèy kouche a, se lanmè Mediterane a k'ap sèvi yo fontyè moute rive sou yon bòn ki sou bò solèy kouche lavil Amat. 21N'a separe tè a bay chak branch fanmi pèp Izrayèl la pòsyon pa yo. 22N'a #Egz 12.48,49; Eza 14.1; Eze 45.1; Wòm 10.12; Ef 3.6; Kol 3.11 separe peyi a bay chak moun sa ki vin pou yo. Moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou epi ki gen pitit ki fèt la va resevwa moso tè pa yo tou lè n'ap separe peyi a. Se pou nou konsidere yo tankou nenpòt moun pèp Izrayèl k'ap viv nan peyi a. Y'a tire osò pou pòsyon ki pou vin pou yo nan peyi a ansanm ak moun branch fanmi pèp Izrayèl yo. 23Chak moun lòt nasyon ki rete nan peyi a va resevwa moso tè pa yo nan pòsyon ki pou branch fanmi moun kote y'ap viv la. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.

Currently Selected:

Ezekyèl 47: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in