YouVersion Logo
Search Icon

Ezekyèl 48

48
Yo separe peyi a bay chak branch fanmi
1Sou bò nò, fontyè peyi a ap sòti bò lanmè #Eze 47.15-20 Mediterane a, l'ap pran direksyon solèy leve jouk lavil Etlon, l'ap pase devan Amat, l'ap rive lavil Enon. L'ap kouri sou fontyè ant peyi Damas ak peyi Amat. Chak branch fanmi pèp la pral resevwa yon pòsyon tè k'ap sòti depi bò lanmè Mediterane sou lizyè solèy kouche a rive sou lizyè solèy leve a. Lè ou konmanse sou lizyè nò a, ou jwenn pòsyon tè branch fanmi Dann lan. 2Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Asè a. 3Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Neftali a. 4Apre #Eze 47.13 li, se pòsyon tè branch fanmi Manase a. 5Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Efrayim lan. 6Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Riben lan. 7Apre li, se pòsyon tè branch fanmi Jida a.
Pòsyon ki nan mitan peyi a
(Ezekyèl 45.1-8)
8Apre #Eze 45.1-3 pòsyon Jida a, se va pòsyon mitan y'a mete apa a. L'ap gen douz kilomèt edmi lajè sòti nan nò desann nan sid. L'ap menm longè ak pòsyon yo bay branch fanmi yo. L'ap sòti sou lizyè solèy leve rive sou lizyè solèy kouche. Se nan mitan pòsyon sa a y'a moute Tanp lan.
9Nan mitan pòsyon sa a, n'a wete yon moso tè douz kilomèt longè sou dizwit kilomèt lajè #48.9: diswit kilomèt lajè: Tèks ebre a menm bay senk kilomèt. mete l apa nèt pou Senyè a. 10Y'a #Eze 45.4 bay prèt yo yon moso nan tè yo mete apa pou Senyè a. Moso tè pa yo a va mezire douz kilomèt edmi longè sòti solèy leve rive solèy kouche, senk kilomèt lajè sòti nan nò rive nan sid. Se nan mitan moso tè sa a y'a moute Tanp Senyè a. 11Moso #Eze 44.10,15 tè sa a va rete pou prèt ki sòti nan fanmi Zadòk, prèt yo te mete apa pou mwen an, paske se yo menm ki te kenbe fèm nan sèvis mwen, ki pat pèdi tèt yo lè rès pèp Izrayèl la te pèdi tèt yo ansanm ak lòt moun branch fanmi Levi yo. 12Se konsa, y'a ba yo yon moso tè pou kont yo, kole kole ak moso tè yo bay moun Levi yo. Se moso tè sa a ki va rete apa nèt pou Senyè a. 13Moun #Eze 45.5 Levi yo tou va gen yon moso tè pou yo, sou bò sid pòsyon tè prèt yo. Moso tè sa a tou va mezire douz kilomèt edmi longè sòti solèy leve al solèy kouche, sou senk kilomèt lajè sòti nan nò rive nan sid. 14Yo #Lev 27.10,28,33; Eze 44.30 p'ap gendwa ni vann tè a, ni boukante l ak lòt moun, ni bay lòt moun li. Se pi bon tè nan tout pèyi a. Yo mete l apa pou Senyè a, se pou li li ye nèt.
15Rès #Eze 45.2,6 tè ki rete nan pòsyon mitan an t'ap mezire douz kilomèt edmi longè, sou de kilomèt edmi lajè. Li menm, yo p'ap mete l apa pou Senyè a, l'a rete pou sèvis moun lavil la, pou bati kay, pou fè lakou. Y'a bati lavil la drèt nan mitan l. 16Lavil la ap kare kare, ak demil senksanven (2.520) mèt chak bò. 17Sou chak bò lavil la va gen yon moso tè kote pou fè lakou. L'a gen sanven (120) mèt lajè. 18Lè y'a fin bati lavil la nan ti pòsyon ki sou bò sid pòsyon tè yo mete apa pou Senyè a, va rete de gwo moso tè, yonn sou chak bò lavil la. Yo chak ap mezire senk kilomèt longè sou de kilomèt edmi lajè. Y'a sèvi jaden pou moun k'ap viv nan lavil la. 19Depi yon moun ap viv nan lavil la, yo pa bezwen konnen nan ki branch fanmi yo moun, yo gendwa travay tè sa a.
20Konsa, #Rev 21.16 pòsyon mitan yo mete apa a va kare kare, douz kilomèt edmi chak bò. Anplasman lavil la va ladan l tou.
21Sou #Eze 45.7 bò solèy leve ak sou bò solèy kouche pòsyon mitan sa a, kote nou jwenn anplasman Tanp lan, moso tè pou prèt yo ak moun Levi yo ansanm ak anplasman lavil la, va rete de gwo pòsyon ki va pou wa a. Konsa, pòsyon wa a va menm valè ak pòsyon yo bay chak branch fanmi. Tansèlman, l'ap gen pòsyon tè pou Senyè a nan mitan l. 22Pòsyon sou bò solèy leve a va rive jouk sou lanmè Mediterane a. L'ap gen pòsyon tè pou branch fanmi Jida a sou bò nò, ak pòsyon tè pou branch fanmi Benjamen an sou bò sid pou lizyè.
Pòsyon tè lòt sis branch fanmi yo
23Sou bò sid pòsyon mitan sa a, lòt sis branch fanmi pèp la va resevwa pòsyon pa yo. L'a sòti depi sou fontyè bò solèy leve a rive sou fontyè bò solèy kouche a, bò lanmè Mediterane a. Lè ou konmanse sou lizyè pòsyon mitan an, ou jwenn yon pòsyon tè pou branch fanmi Benjamen an. 24Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Simeyon an. 25Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Isaka a. 26Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Zabilon an. 27Apre li, se pòsyon tè pou branch fanmi Gad la.
28Sou bò sid pòsyon tè pou branch fanmi Gad la, fontyè a ap kouri depi lavil Tama, desann nan touf bwa ki bò sous dlo Meriba nan peyi Kadès la, moute pase bò fontyè peyi Lejip la rive lanmè Mediterane.
29Senyè #Eze 47.21,22 sèl Mèt la di:
— Men peyi nou pral separe fè pòsyon pou nou bay chak branch fanmi pèp Izrayèl la pa yo.
Pòtay lavil Jerizalèm yo
30Lavil Jerizalèm va fèmen nan mitan kat gwo miray. L'ap gen douz pòtay. Chak pòtay va pòte non yonn nan douz branch fanmi pèp Izrayèl la. Miray nò a va mezire demil senksanven (2.520) mèt longè. 31L'a #Rev 21.12,13 gen twa pòtay: pòtay Riben, pòtay Jida, pòtay Levi. 32Miray bò solèy leve a va mezire demil senksanven (2.520) mèt longè. L'a gen twa pòtay: pòtay Jozèf, pòtay Benjamen, pòtay Dann. 33Miray sid la va mezire demil senksanven (2.520) mèt longè. L'a gen twa pòtay: pòtay Simeyon, pòtay Isaka, pòtay Zabilon. 34Miray bò solèy kouche a va mezire demil senksanven (2.520) mèt longè. L'a gen twa pòtay: pòtay Gad, pòtay Asè, pòtay Neftali. 35Tout #Jer 3.17; Eze 35.10; Jowèl 3.21 miray la nèt va mezire dimilkatreven mèt longè antou.
Depi jou sa a, y'a rele vil la Granmèt la la.

Currently Selected:

Ezekyèl 48: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in