YouVersion Logo
Search Icon

Egzòd 40

40
Batisman ak dedikas tant Bondye a
1Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
2— Sou #Egz 12.2; 13.4; 26.30 premye jou premye mwa a, w'a moute Tant Randevou a kote pou Bondye rete a. 3W'a #Egz 26.31-33; 36.35 mete bwat ki gen wòch kontra a ladan l. Y'a kache bwat la ak rido a. 4Apre #Egz 26.35; 37.10,17 sa, w'a pote tab la vini, w'a pran tout bagay ki pou sèvi ak tab la, w'a ranje yo sou li byen ranje. W'a fè pote lanp sèt branch lan tou, w'a moute ti lanp yo sou li. 5W'a #Egz 30.6,7; 36.37 pran lotèl an lò pou boule lansan an, w'a mete l devan bwat ki gen wòch kontra yo, w'a moute rido ki pou fèmen kote pou moun antre nan tant lan. 6W'a #Egz 29.42 pran lotèl pou boule bèt yo ofri yo, w'a mete l devan kote pou moun antre nan Tant Randevou a. 7W'a #Egz 30.18 mete basin lan nan espas ki ant Tant Randevou a ak lotèl la. W'a mete dlo ladan l. 8W'a #Egz 27.9,16; 38.9,18 moute galeri a fè wonn tant lan, w'a moute rido ki pou fèmen kote pou moun antre sou galeri a.
9W'a #Egz 30.26,27 pran lwil yo sèvi pou konsakre moun osinon bagay pou Bondye a, w'a voye li sou tant Bondye a, sou tout bagay ki pou mwen ladan li. Se konsa w'a konsakre tant lan ak tou sa ki ladan li pou mwen. Y'a tounen bagay ki apa pou mwen nèt. 10W'a #Egz 29.37; 30.28 voye lwil la tou sou lotèl pou boule ofrann bèt yo, ak sou tout bagay ki sèvi avè l. Se konsa w'a mete lotèl la apa pou mwen, l'a pou mwen nèt ale. 11W'a voye lwil la tou sou basin lan ak sou pye li. Se konsa w'a konsakre yo pou mwen.
12Apre #Egz 28.41; Lev 8.1-13; Nonb 25.13 sa, w'a fè Arawon ak pitit gason l yo pwoche bò kote yo antre nan Tant Randevou a. W'a pran dlo, w'a benyen yo byen benyen. 13W'a mete rad seremoni yo sou Arawon. Lèfini w'a vide lwil sou tèt li. W'a konsakre li pou li ka sèvi mwen prèt. 14W'a fè pitit gason l yo pwoche tou. W'a mete chemiz sou yo. 15W'a vide lwil sou yo menm jan ou te vide lwil sou papa yo pou yo ka sèvi mwen prèt. Seremoni sa a va konsakre yo pou yo ka toujou sèvi mwen prèt, jenerasyon an jenerasyon.
16Moyiz te fè tou sa Senyè a te ba li lòd fè. Wi, li fè tout bagay jan Senyè a te mande l la. 17Sou premye jou premye mwa nan dezyèm lanne a, yo kanpe tant lan. 18Moyiz fè kanpe tant lan. Li mete sipò yo nan pozisyon yo, li poze ankadreman yo, li moute treng yo nan plas yo, li drese poto yo. 19Li louvri twal tant lan sou kay la, epi li mete twati tant lan anwo l, jan Senyè a te ba li lòd fè a. 20Li #Egz 25.16 pran wòch kontra yo, li mete yo nan bwat la. Li pase manch yo nan bag yo, epi li mete kouvèti a anwo bwat la. 21Apre #Egz 40.3 sa, li pote Bwat Kontra a andedan kay la, epi li moute rido yo. Se konsa, li kache Bwat Kontra a, jan Senyè a te ba li lòd la. 22Li #Egz 40.4 mete tab la nan plas li nan Tant Randevou a, sou bò nò tant lan, pa deyò rido a. 23Li ranje pen yo byen ranje sou tab la devan Senyè a, jan Senyè a te bay Moyiz lòd fè l la.
24Apre sa, Moyiz mete lanp sèt branch lan nan Tant Randevou a, sou bò sid tant lan anfas tab la. 25Li ranje ti lanp yo devan Senyè a, dapre lòd Senyè a te bay Moyiz. 26Li #Egz 40.5 mete lotèl an lò a nan Tant Randevou a, devan rido a. 27Li fè boule lansan santi bon sou li, jan Senyè a te bay Moyiz lòd fè a. 28Li moute rido yo kote pou yo pase antre nan tant lan. 29Li #Egz 29.38-42 mete lotèl pou boule bèt yo ofri yo devan kote pou yo antre nan Tant Randevou a. Apre sa, li pran bèt yo ofri yo, li touye yo, li boule yo sou lotèl la ansanm ak lòt ofrann yo, jan Senyè a te ba li lòd fè a. 30Li #Egz 40.7 mete basin lan nan espas ki nan mitan Tant Randevou a ak lotèl la, epi li mete dlo ladan l. 31Moyiz, #Egz 30.19,20 Arawon ansanm ak pitit Arawon yo lave men yo ak pye yo nan basin lan. 32Depi y'ap antre nan Tant Randevou a, depi y'ap pwoche bò lotèl la, yo te lave men yo ak pye yo, jan Senyè a te bay Moyiz lòd pou yo fè a. 33Apre #Egz 40.8 sa, li moute galeri a fè wonn tant lan ak lotèl la, li mete rido kote pou yo pase antre nan tant lan. Se konsa Moyiz te fin fè travay la.
Nyaj la sou tant lan
(Nonb 9.15-23)
34Nyaj #Egz 29.43 la kouvri Tant Randevou a, epi limyè prezans Senyè a plen tant lan. 35Moyiz pat kapab antre nan Tant Randevou a, paske nyaj la te rete anplas anwo tant lan, epi limyè prezans Senyè a te plen tant lan. 36Pandan #Nonb 9.17 tout tan moun pèp Izrayèl yo t'ap vwayaje a, se sèlman lè nyaj la te leve sòti anwo tant lan yo te ka derape. 37Men, #Nonb 9.19-22 si nyaj la pat leve anwo tant lan, yo pat pati. Yo te tann jouk nyaj la te leve. 38Lajounen, #Egz 13.22; Nonb 9.16 nyaj Senyè a te rete anwo tant lan, men lannwit, se te yon dife tout pèp Izrayèl la te wè klere nan nyaj la. Se konsa sa te fèt pandan tout vwayaj la.

Currently Selected:

Egzòd 40: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy