YouVersion Logo
Search Icon

Egzòd 15

15
Kantik Moyiz la
1Lè sa a, Moyiz ak moun pèp Izrayèl yo chante yon chante pou Senyè a. #Sòm 106.12 Men sa chante a di:
— M'ap chante pou Senyè a, paske li genyen batay la.
Li voye chwal yo ak tout kavalye yo jete nan lanmè.
2Senyè a, #Egz 3.6; 2 Sam 22.47; Sòm 99.5; 118.14; Eza 12.2 se tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante.
Se li menm ki delivre m.
Se Bondye mwen li ye, m'ap fè lwanj li.
Se Bondye zansèt mwen yo, m'ap di jan li gen pouvwa.
3Senyè a, #Egz 3.15; Sòm 83.18; Rev 19.11 se yon vanyan sòlda.
Se Senyè yo rele l.
4Li voye cha farawon yo ansanm ak tout lame li a jete nan lanmè.
Li fè pi bon sòlda li yo mouri neye nan lanmè Wouj la. #15.4: lanmè Wouj la: Tèks ebre a bay Lanmè Wozo yo.
5Lanm lanmè a kouvri yo.
Yo fè fon tankou wòch.
6Senyè, #Sòm 2.9; 118.15,16 fòs bra dwat ou se kokenn zafè!
Senyè, fòs bra dwat ou kraze lènmi an!
7Jan #Det 33.26; Sòm 59.13; Mal 4.1 ou gen anpil pouvwa sa a, Senyè!
Ou kraze moun k'ap goumen avèk ou yo.
Ou fè yon sèl kòlè,
yo boule tankou pay nan dife.
8Nan #Sòm 18.15; 78.13 kòlè ou, ou soufle.
Souf ou fè dlo a ranmase kò li.
Lanmè yo kanpe drèt tankou yon miray.
Dlo a kanpe fiks nan mitan lanmè a.
9Lènmi an te di: M'ap kouri dèyè yo, m'ap pran yo.
M'ap separe tout richès yo, m'ap pran tou sa m vle.
M'ap rale nepe mwen,
avèk fòs ponyèt mwen, m'ap disparèt yo.
10Ou annik fè yon ti van leve,
lanmè a kouvri yo.
Lanmè a te move,
yo desann nan fon tankou plon.
11Senyè, #2 Sam 7.22; 1 Wa 8.23; Sòm 77.14; 86.8; Jer 10.6 nan tout bondye yo, kilès ki tankou ou!
Pouvwa ou fè yo respekte ou! Ou se Bondye ki apa nèt!
Kilès ki tankou ou?
Ou menm ki fè mirak,
ou menm ki fè mèvèy pou fè moun pè!
Kilès ki tankou ou?
12Ou annik lonje men dwat ou, tè a vale yo tou vivan.
13Paske #Sòm 77.15; 78.54 ou gen bon kè, ou mennen pèp ou delivre a,
avèk fòs ponyèt ou, ou mennen yo nan peyi ki apa pou ou a.
14Lòt #Det 2.25; Sòm 48.6 pèp yo pran nouvèl sa ki pase,
Yo tanmen tranble tèlman yo pè.
Yon sèl lapèrèz trape moun Filisti yo.
15Ata #Nonb 22.3; Joz 2.9 chèf peyi Edon yo te pè anpil.
Vanyan gason peyi Mowab yo pran tranble.
Tout moun nan peyi Kanaran pèdi kouray.
16Yon #Det 11.25; 1 Sam 25.37; Sòm 74.2 sèl kè kase sezi yo.
Avèk fòs ponyèt ou, ou fè yo rete rèd san yo pa ka fè anyen.
Ou fè yo rete konsa jouk pèp ou a fin pase, Senyè!
Wi, jouk pèp ou delivre a fin pase nèt
17W'a #Sòm 44.2; 80.8 mennen yo, w'a plante yo sou mòn ki pou ou a, Senyè,
sou mòn kote ou pare pou kay ou a, kay ou bati pou ou a, Senyè.
18Senyè a #Sòm 146.10 ap gouvènen pou tout tan.
19Lè chwal Farawon yo ak kavalye sou yo epi cha yo antre kote lanmè a fann lan, Senyè a fè dlo a retounen nan plas li. Li anglouti yo tout. Men, moun pèp Izrayèl yo menm te mache nan fon lanmè a tankou sou tè sèk.
20Miryam, #Jij 11.34; Nonb 26.59; 1 Sam 18.6; Sòm 68.25 sè Arawon an, te yon pwofèt. Li pran yon tanbouren nan men l, tout medam yo t'ap mache dèyè l, yo t'ap bat tanbouren, yo t'ap danse. 21Miryam #1 Sam 18.7 t'ap chante pou yo, li t'ap di moun pèp Izrayèl yo:
Annou chante pou Senyè a!
Paske li genyen yon bèl batay!
Li voye chwal yo jete nan fon lanmè ak tout kavalye yo sou yo.
Sous dlo anmè yo
22Moyiz alatèt, li fè pèp Izrayèl la pati kite bò lanmè Wouj la. #15.22: lanmè Wouj la: Tèks ebre a bay lanmè Wozo yo. Yo mete tèt sou dezè Chou. Yo t'ap mache depi twa jou nan dezè a san yo pa jwenn yon gout dlo pou bwè. 23Yo #Nonb 33.8; Rit 1.20 rive Mara. Yo pa te ka bwè dlo zòn lan paske li te anmè. Se poutèt sa yo rele kote a Mara, ki vle di: Anmè. 24Pèp la pran bougonnen sou do Moyiz nan dezè a epi y'ap mande:
— Atò kisa pou nou bwè koulyeya?
25Moyiz #Egz 16.4; 20.20; Det 8.2,16; Jij 2.22; 3.1,4; 2 Wa 2.21; 4.41; Sòm 66.10; 81.7 rele Senyè a, li lapriyè nan pye l. Senyè a moutre l yon kalite pyebwa. Moyiz lage branch bwa a nan dlo a, dlo a vin dous.
Se la Senyè a te ba yo lòd ak regleman pou yo swiv.
Se la li t'ap chache sonde yo.
26Li #Egz 23.25; Det 7.15; 28.27; Sòm 103.3 di yo:
— Se mwen menm ki Senyè a, Bondye nou an. Si nou koute m lè m pale nou, si nou fè tout sa ki dwat devan mwen, si nou louvri zòrèy nou pou swiv kòmandman mwen yo, pou nou kenbe lòd mwen ban nou, mwen p'ap voye malè sou nou, jan mwen te fè moun peyi Lejip yo. Se mwen menm, Senyè a, k'ap geri nou.
27Apre #Nonb 33.9 sa, yo rive Elim, yon kote ki te gen douz sous dlo ak swasanndis pye dat. Yo rete la, yo moute tant yo bò dlo a.

Currently Selected:

Egzòd 15: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in