YouVersion Logo
Search Icon

Egzòd 14

14
Pèp Izrayèl anfas lanmè Wouj
1Bondye pale ak Moyiz, li di l:
2— Pale ak pèp Izrayèl la, di yo: Tounen #Nonb 33.7 dèyè, moute tant nou devan Pyakiwòt, ant Migdòl ak lanmè a, anfas Baalsefon. N'a moute tant nou devan kote sa a, bò lanmè a. 3Farawon an pral mete nan tèt li pèp Izrayèl la pèdi nan peyi a, yo pa konn kote pou yo fè nan dezè a. 4M'ap #Egz 4.21; 7.5 fè farawon an fè tèt di ankò, l'a rapousib nou. Men, m'ap bat ni farawon an ni tout lame li yo. Sa va sèvi yon lwanj pou mwen. Konsa, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Senyè a.
Moun pèp Izrayèl yo fè jan Bondye te di yo a. 5Farawon an, wa Lejip la, resevwa rapò. Yo vin di li pèp la sove ale. Lè sa a, farawon an ak moun pa li yo vin chanje lide. Yo di:
— Ki sòt nou fè la a? Apa nou kite yo ale vre! Yo sove kite travay yo t'ap fè pou nou yo?
6Farawon an fè pare cha lagè li. Li pran sòlda li yo ak li. 7Li pran sisan (600) cha nan sa ki te pi bon yo. Tout lòt cha yo te ale tou. Yo tout te gen sòlda ame sou yo. 8Senyè a #Egz 13.3; Nonb 33.3; Det 26.8 te fèmen kè farawon an, wa Lejip la. Farawon an pran rapousib moun pèp Izrayèl yo ki te sòti kite peyi a devan je tout moun san pèsonn pat di yo anyen. 9Men #Joz 24.6 apre sa, moun peyi Lejip yo pran kouri dèyè yo ak tout chwal yo, tout cha lagè farawon yo, tout kavalye yo. Tout lame yo te dèyè pèp Izrayèl la. Yo jwenn yo kote yo te moute tant yo a, bò lanmè a, toupre Pyakiwòt anfas Baalsefon.
10Antan #Joz 24.7; Ney 9.9 Farawon an t'ap pwoche, moun Izrayèl yo leve je yo, yo wè moun Lejip yo t'ap rapousib yo. Yo te vin pè anpil anpil. Yo pran rele nan pye Senyè a. 11Yo #Sòm 106.7 di Moyiz konsa:
— Eske se paske pa gen kote pou antere moun nan peyi Lejip la kifè ou mennen nou vin mouri isit la nan dezè a? Kisa ou fè nou konsa lè ou te fè nou sòti kite Lejip la? 12Eske #Egz 5.21; 6.9 nou pat di ou sa lè nou te Lejip toujou? Nou te di ou: Kite nou travay pou moun peyi Lejip yo, pa vre! Pito nou travay pou moun peyi Lejip yo pase pou nou mouri nan dezè a.
13Moyiz #2 Kwo 20.15,17; Eza 41.10-14 reponn pèp la:
— Nou pa bezwen pè. Pran kouray. Louvri je nou pou nou wè jan Senyè a pral delivre nou jòdi a. Moun peyi Lejip sa yo nou wè jòdi a, nou p'ap janm wè yo ankò. 14Senyè a #Det 1.30; 3.22; 20.4; Joz 10.14; 23.3; 2 Kwo 20.29; Ney 4.20 ap goumen pou nou. Nou menm, poze san nou.
15Senyè a di Moyiz:
— Poukisa w'ap rele konsa nan zòrèy mwen? Di moun pèp Izrayèl yo pou yo leve mache. 16Ou #Egz 7.19 menm, leve baton ou lan. Lonje men ou sou lanmè a, fann li de bò. Konsa, moun pèp Izrayèl yo va mache nan mitan lanmè a tankou sou tè sèk. 17M'ap fè moun peyi Lejip yo fè tèt di pi rèd. Y'ap antre dèyè moun pèp Izrayèl yo nan mitan lanmè a. Mwen pral bat farawon an ansanm ak tout lame li a, tout cha li yo ak tout kavalye l yo. Sa va sèvi yon lwanj pou mwen. 18#Egz 7.5 m'a bat farawon an ansanm ak tout cha li yo ak kavalye li yo, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Senyè a.
19Zanj #Egz 23.20; 32.34; Nonb 20.16; Eza 63.9 Bondye ki t'ap mache devan moun pèp Izrayèl yo chanje plas, li pase dèyè. Nyaj ki te devan yo a chanje plas tou, li pase dèyè yo. 20Li rete nan mitan ant moun peyi Lejip yo ak moun pèp Izrayèl yo. Nyaj la te tou nwa yon bò. Sou lòt bò a, li t'ap klere tout lannwit. #14.20: Nyaj la te tou nwa…lannwit: Tèks ebre a pa klè. Konsa, de lame yo pat ka pwoche yonn sou lòt pandan tout lannwit lan.
21Moyiz #Joz 4.23; Ney 9.11; Sòm 74.13; 106.9 lonje men l sou lanmè a. Senyè a fè yon gwo van nòde soufle byen fò pandan tout lannwit lan sou lanmè a. Li fè fon lanmè a tounen tè sèk, dlo a fann de bò. 22Moun #Egz 15.19; Nonb 33.8; Sòm 66.6; 78.13; 1 Kor 10.1; Eb 11.29 pèp Izrayèl yo antre sou tè sèk la, nan mitan lanmè a. Dlo a te kanpe de bò tankou yon miray sou bò dwat yo ak sou bò gòch yo. 23Moun peyi Lejip yo pran rapousib yo. Yo antre dèyè yo nan mitan lanmè a ak tout chwal farawon yo, tout cha li yo ak tout kavalye l yo. 24Lè douvanjou rive, Senyè a rete nan dife a ak nan nyaj la, li voye je l sou lame peyi Lejip la, li lage yon sèl dezòd nan mitan yo. 25Li bloke wou cha yo. Sa te difisil anpil pou cha yo te vanse. Lè sa a, moun peyi Lejip yo di konsa:
— Annou kouri pou moun Izrayèl yo! Paske se Senyè a k'ap konbat nou nan plas yo.
26Lè sa a, Senyè a di Moyiz:
— Lonje men ou sou lanmè a ankò. Dlo a ap tounen nan plas li, l'ap kouvri moun peyi Lejip yo ansanm ak tout cha yo ak kavalye yo.
27Se #Det 11.4; Sòm 78.53 konsa, lè jou pral kase, Moyiz lonje men l sou lanmè a, dlo a tounen nan plas li. Lè moun peyi Lejip yo wè dlo a ap vini sou yo, yo t'ap chache sove poul yo. Yo pran kouri. Men, Senyè a voye yo jete nan lanmè a. 28Dlo a tounen nan plas li, li kouvri cha yo, kavalye yo ak tout lame farawon an. Wi, li kouvri tout moun ki t'ap kouri dèyè moun pèp Izrayèl yo nan lanmè a. Pa gen yonn ki chape. 29Men, moun Izrayèl yo menm te mache nan mitan lanmè a tankou sou tè sèk. Dlo a te kanpe tankou yon miray sou bò dwat ak sou bò gòch yo.
30#Sòm 106.8-10 jou sa a Senyè a te delivre pèp Izrayèl la anba men peyi Lejip. Moun Izrayèl yo te wè kadav moun Lejip yo sou tout bò lanmè a. 31Yo #Jan 2.11; 11.45 wè sa Senyè a te fè moun peyi Lejip yo pase ak fòs ponyèt pa li. Pèp Izrayèl la vin gen krentif pou Senyè a. Yo mete konfyans yo nan Senyè a ak nan Moyiz, sèvitè l la.

Currently Selected:

Egzòd 14: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in