YouVersion Logo
Search Icon

Eklezyas 8

8
1Se moun ki gen bon konprann ki konnen jan pou l bay esplikasyon. Lè yon moun gen bon konprann, sa fè kè l kontan, tout pli nan fwon l disparèt.
Se pou nou soumèt devan wa a
2Se #Egz 22.11; 1 Wa 2.42,43 pou ou fè sa wa a bay lòd fè a, poutèt sèman ou te fè devan Bondye a. 3Pa #Ekl 10.4 prese wete kò ou devan li, pa pèsiste nan move pant lan, paske li ka fè ou sa li vle. 4Lè wa a pale, se fini. Pa gen moun ki pou mande l poukisa l'ap fè sa l'ap fè a.
5Moun ki fè sa yo ba li lòd fè a pa nan pwoblèm. Yo p'ap fè l anyen. Yon nonm ki gen bon konprann konnen ki jan ak kilè pou l fè sa li gen pou l fè a. 6Chak #Ekl 3.1,17 bagay gen jou pou yo fèt ak jou pou konprann jan yo te fèt. Se la tou, tout tèt chaje a chita. 7Pèsonn #Ekl 10.14 pa konnen sa ki pral rive. Epi pa gen pèsonn ki ka di nou sa ki pral rive. 8Pèsonn #Jòb 14.5; Sòm 49.6,7 pa mèt lavi l. Lè jou a rive pou l mouri, fòk li mouri. Pèsonn pa ka ranvoye jou lanmò li. Nou pa ka kouri pou batay sa a. Ata mechanste mechan yo pa ka sove yo.
Tout moun anba menm sò a
9Mwen #Ekl 1.13 wè tou sa, lè m t'ap kalkile sou sa k'ap pase sou latè. Moun ap dominen sou moun pou fè yo soufri. 10#8.10: Nan kèk kopi tèks ebre a nou jwenn: Men lè yo sòti simityè, moun pran fè lwanj yo nan lavil kote yo fè tout mechanste yo. Sa tou sa pa vo anyen. Wi. Mwen wè yo antere mechan yo, yo kouche kadav yo anba tè. Mwen wè moun ki mache dwat yo pa menm jwenn kote pou moun antere yo. Tout moun nan lavil la bliye sa yo te fè. Tou sa ankò pa vo anyen, sa p'ap sèvi anyen.
11Se #Estè 7.5; Sòm 50.21; Wòm 2.4,5; 2 Pyè 3.9 paske yo pran twòp tan pou yo pini moun ki fè mal yo ki fè moun toujou anvi fè sa ki mal. 12Yon #Det 12.25; Ekl 7.15; Eza 3.10; 65.20 moun k'ap fè sa ki mal gendwa fè san (100) krim, yonn sou lòt, epi l'ap toujou mache sou moun. Men, mwen konnen yo di tou: Si ou gen krentif pou Bondye, w'ap viv ak kè kontan, paske ou respekte Bondye. 13Men, #Jòb 14.2; Ekl 6.12; Eza 3.11 se pa menm bagay la pou mechan an. L'ap malere, lavi li tankou yon lonbray. L'ap mouri bonè, paske li pa gen krentif pou Bondye. 14Men, #Jòb 21.7; Sòm 73.3,12; Jer 12.1 tou sa, se pawòl anlè. Gade sa k'ap pase sou latè: Gen moun ki mache dwat epi se yo ki resevwa pinisyon mechan yo merite. Gen mechan ki jwenn rekonpans moun ki mache dwat yo merite. Sa a tou, se tankou lave kay tè.
15Se #Ekl 2.24 konsa mwen mache di se pou tout moun jwi lavi yo, paske sèl plezi yon nonm gen nan lavi a se manje, se bwè, se pran plezi. Se sa ase li ka fè pandan l'ap travay di nan lavi Bondye ba l pou l viv sou latè a.
16Chak fwa mwen pran desizyon pou m chache konprann, chak fwa mwen pran kalkile sa k'ap pase sou latè, mwen wè ou te mèt pa janm dòmi lajounen kou lannwit, 17ou #Sòm 73.16; Pwo 25.2; Ekl 3.11 p'ap janm ka konprann travay Bondye sou latè. Ou mèt fè sa ou vle, ou p'ap janm ka rive jwenn sa w'ap chache a. Moun ki gen bon konprann kwè yo konnen. Men yo pa konnen plis pase yon lòt.

Currently Selected:

Eklezyas 8: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in