YouVersion Logo
Search Icon

Eklezyas 4

4
1Apre sa, mwen gade tout lenjistis k'ap fèt sou #Ekl 3.16; Lam 1.2 latè. Dlo ap koule konsa nan je moun y'ap maltrete yo. Pa gen pèsonn pou ede yo. Moun k'ap maltrete yo gen lafòs avèk yo. Pèsonn pa ka fè anyen pou yo. 2Mwen #Jòb 3.17 wè moun mouri miyò pase moun k'ap viv. 3Men, #Jòb 3.16; Ekl 6.3 gen yon lòt moun ankò ki pi bon pase yo tou de: Se moun ki pat janm fèt la, paske li pa janm wè move zak k'ap fèt sou tè a.
4Mwen wè tout di lèzòm ap travay di a, tout bèl mèvèy y'ap reyalize nan lavi a, se paske yonn vle gen plis pase lòt. Men sa a tou, se rapousib van, se lave men siye atè. 5Pawòl #Pwo 6.10 la di: Moun sòt rete san fè anyen, yo pito grangou. 6Men, #Pwo 15.16 pito ou pran ti repo ou tanzantan ak kè poze pase pou ou touye tèt ou ap travay di, lèfini pou sa pa rapòte anyen.
7Mwen wè yon lòt bagay nan lavi a ki pa vo anyen ankò. 8Se #Pwo 27.20; Ekl 1.8; 2.18 te yon nonm ki t'ap viv pou kont li, san zanmi. Li pat gen pitit gason, li pat gen frè. Li travay san pran souf. Li pat janm gen ase. Pou ki moun li t'ap travay di konsa, san bay tèt li yon ti plezi? Li pat janm gentan pou mande tèt li sa. Sa a tou, sa pa vo anyen, se pa yon bon jan pou moun viv.
9Lè ou gen yon lòt moun avèk ou, li pi bon pase lè ou pou kont ou, paske ansanm nou bay pi bon rannman nan travay nou. 10Si yonn tonbe, lòt la va ba l men pou l leve. Men, malè pou moun k'ap viv pou kont li! Si l tonbe, p'ap gen moun pou ba l men. 11Konsa tou, lè fè frèt, si yo kouche ansanm, yonn va chofe lòt. Men, si li pou kont li, ki jan pou l fè chofe kò l? 12Kote dezòm ka kenbe tèt ak yon moun k'ap atake yo, yon sèl p'ap kapab. Paske yon kòd trese ak twa branch pa fasil kase.
Chanje gouvènman pa chanje anyen
13-14Yon #Ekl 9.15,16; 12.12 nonm #Jen 41.14,41-43 ka sòti nan mizè pou l rive chèf nan peyi l. Ou ankò li ka sòti nan prizon epi yo mete l chèf pou gouvènen. Pito ou annafè ak yon ti moun ki pòv men ki gen lespri pase pou ou annafè ak yon wa ki fin granmoun, ki fin gaga, ki pa ka pran konsèy. 15Mwen kalkile, mwen gade tout moun k'ap viv sou latè, mwen di nan mitan tout moun sa yo gen jenn gason ki pral pran plas wa a. 16Ou pa ka konte kantite moun yon wa ka gouvènen, kantite moun yon wa ka dirije. Men lè l mouri, pèsonn p'ap chonje di l mèsi pou sa li te fè pou yo. Tou sa pa vo anyen. Sa pa rapòte anyen.

Currently Selected:

Eklezyas 4: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in