YouVersion Logo
Search Icon

Eklezyas 3

3
Anyen pa deranje
1Gen yon lè pou chak bagay.
Gen yon tan #Ekl 8.6 fikse pou chak bagay k'ap fèt sou latè.
2Gen yon tan #Jòb 14.5; Eb 9.27 pou ou fèt, gen yon tan pou ou mouri.
Gen lè pou plante, gen lè pou rekòlte,
3lè pou ou touye, lè pou ou geri,
lè pou ou kraze, lè pou ou bati.
4Gen lè #Egz 15.20; 2 Sam 6.14; Wòm 12.15 pou kriye, gen lè pou ri,
gen lè pou nan lapenn, gen lè pou nan fèt,
5 # 3.5: Pou premye fraz la, tèks ebre a bay yon pawoli: lè pou ou voye wòch, lè pou ou al ranmase wòch. Nou rann li jan li ye a dapre ansyen vèsyon yo. #2 Wa 3.25; Eza 5.2; Jowèl 2.16 pou ou kouche ak madanm ou, lè pou ou pa kouche ak li,
lè pou nou fè karès, lè pou nou pa fè karès.
6Gen tan pou genyen, gen tan pou pèdi.
Gen lè pou fè lajan, gen lè pou depanse lajan,
7#Am 5.13 pou ou dechire, lè pou ou koud,
lè pou ou rete san pale, lè pou ou pale.
8Renmen #Lik 14.26 gen lè li, rayi gen lè li.
Gen lè pou lagè, gen lè pou lapè.
9Kisa #Ekl 1.3 yon nonm jwenn nan travay li? 10Mwen #Ekl 1.13 rive konnen ki kalite travay Bondye bay moun pou yo fè. 11Li #Jen 1.31; Ekl 8.17; Wòm 11.33 fikse yon lè pou chak bagay byen fèt. Li mete nan kè moun lanvi pou yo konnen sa ki gen pou rive denmen. Men, li pa janm kite yo fin konprann nèt travay l'ap fè a.
12Mwen wè pi bon bagay moun ka fè nan lavi, se fè kè ou kontan epi fè tèt ou plezi. 13Tout #Ekl 2.24 moun fèt pou yo manje, pou yo bwè, pou yo jwi sa travay yo rapòte yo. Sa se kado Bondye ba yo. 14Mwen #Jak 1.17 konnen tou sa Bondye fè, yo la pou toutan. Ou pa ka mete anyen sou li, ni ou pa ka wete anyen ladan. Bondye fè sa konsa pou lèzòm ka gen krentif pou li.
15Sa #Ekl 1.9 ki rive jodi a te rive deja!
Sa ki gen pou rive te rive deja tou!
Bondye fè sa ki te rive deja, yo vin rive ankò!
Lenjistis ki sou latè
16Apre #Ekl 4.1; 5.8 sa, mwen wè sou latè se mechanste ou jwenn kote pou ou ta jwenn jistis. Malveyans chita nan tribinal yo. 17Mwen #Ekl 3.1; Mat 16.27; Wòm 2.6; 2 Kor 5.10 di nan kè mwen: Bondye ap jije ni bon ni mechan. Paske chak bagay gen jou pa yo. Gen yon tan pou tou sa w'ap fè. 18Mwen di nan kè mwen ankò: Bondye ap gade kote moun ye. L'ap fè yo wè yo pa pi bon pase zannimo. 19#Sòm 49.12 ou gade byen, sò moun ak sò zannimo, se menm bagay. Ni yonn, ni lòt gen pou mouri. Se menm souf la ki nan toulede. Moun pa gen okenn avantaj sou zannimo, paske lavi pa vo anyen ni pou yonn ni pou lòt.
20Toulede #Jen 3.19 pral menm kote
Toulede soti nan pousyè tè.
Toulede ap tounen nan pousyè tè.
21Ki #Ekl 12.7 moun ki konnen si nanm moun moute anwo nan syèl epi nanm zannimo desann anba tè vre? 22Konsa, #Ekl 2.10; 10.14 mwen wè pa gen pi bon bagay yon moun ka fè sou latè pase jwi sa travay li rapòte l. Se sèlman sa li ka fè. Epitou, ki moun k'ap fè l tounen pou l ka konnen sa k'ap rive apre li fin mouri?

Currently Selected:

Eklezyas 3: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in