YouVersion Logo
Search Icon

Detewonòm 20

20
Regleman pou lagè
1Lè nou sòti pou n'al goumen kont lènmi #Det 31.6,8; Joz 17.18; Sòm 20.7; Eza 31.1; 41.10 nou yo, epi nou wè yo gen plis chwal, plis cha lagè ak plis moun pase nou, nou pa bezwen pè, paske Senyè a, Bondye nou an, li menm ki te fè nou moute sòti nan peyi Lejip la, l'ap kanpe la avèk nou. 2Lè lè batay la rive, prèt la va vanse, la pale ak sòlda yo. 3La di yo:
— Koute byen, moun Izrayèl yo: Jòdi a nou pral goumen kont lènmi nou yo. Kè nou pa beswen sote. Nou pa bezwen pè, nou pa bezwen tranble, ni nou pa bezwen kouri pou yo. 4Senyè a, #Det 1.30; 3.22; Joz 23.10 Bondye nou an, ap mache avèk nou. L'a goumen pou nou kont lènmi nou yo pou l fè nou genyen batay la.
5Apre sa, chèf yo va pale ak sòlda yo. Y'a di yo:
— Eske gen yon moun la a ki fenk fin bati yon kay, men ki poko fè sèvis pou mete kay la apa pou Bondye? Si gen yon moun konsa, pito l'al fè wout li lakay li, paske li ka mouri nan goumen an, epi se yon lòt moun ki va fè sèvis pou mete kay la apa pou Bondye. 6Eske gen yon moun la a ki fenk plante yon jaden rezen epi ki poko gen chans fè yon rekòt rezen menm? Si gen yon moun konsa, pito l'al fè wout li lakay li, paske li ka mouri nan batay la, epi se va yon lòt moun ki va jwi jaden rezen l lan. 7Eske gen yon moun isit la ki fyanse pou l marye? Si gen yon moun konsa, pito l'al fè wout li lakay li, paske li ka mouri nan lagè a epi se yon lòt moun ki va marye ak fyanse l la.
8Apre #Jij 7.3 sa, chèf yo va di sòlda yo ankò:
— Eske gen yon moun la a ki pè, ki santi li pa gen kouray pou l'al goumen? Si gen yon moun konsa, pito l'al fè wout li lakay li, paske li ka kraze kouray lòt yo tou.
9Lè chèf yo va fin pale konsa ak sòlda yo, y'a chwazi yon kaptenn pou chak divizyon pou mache alatèt lame a.
Anvan atake yon lavil
10#Det 2.26; Jij 21.13; 2 Sam 20.20 n'ap pwoche bò yon lavil pou n atake l, premye bagay n'a fè, n'a mande l pou l fè lapè ak nou. 11Si #1 Wa 9.21 yo dakò, si yo louvri pòtay lavil la ban nou, tout moun nan lavil la va travay fè kòve pou nou, y'a tounen esklav nou. 12Men, si yo refize fè lapè ak nou epi yo mande goumen, n'a sènen lavil la toupatou epi n'a atake l. 13Senyè a, #Nonb 31.7 Bondye nou an, va lage l nan men nou. Epi n'a touye dènye gason ki nan lavil la. 14Men, #Nonb 31.9; Joz 8.2 n'a pran tout fanm yo, tout pitit yo, tout bèt yo ak tou sa ki nan lavil la, ak tout byen lènmi yo va kite pou nou. N'a manje tou sa n'a pran nan men lènmi nou yo paske se Senyè a menm ki ban nou yo.
15Se konsa n'a fè sa pou tout lavil ki byen lwen nou, andeyò limit peyi Senyè a ban nou pou nou rete a. 16Men, #Nonb 21.35; 33.52; Joz 11.14 lè nou pran yon lavil ki nan limit peyi Senyè a ap ban nou pou nou rete a, se pou nou touye tou sa ki vivan ladan l. 17Se #Det 7.1,2 pou nou touye tout moun sa yo: moun Et yo, moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Ferèz yo, moun Ivi yo, moun Jebis vo. Se pou nou ofri yo bay Senyè a, Bondye nou an, jan li te ban nou lòd la. 18Se #Egz 23.33; Det 7.4; 12.30,31 pou nou disparèt yo pou yo pa fè nou tonbe nan peche kont Senyè a, Bondye nou an, pou yo pa moutre nou fè tout vye bagay lèd y'ap fè pou bondye pa yo.
19Si #2 Wa 3.19,25 lè n'ap atake yon lavil nou wè nou blije sènen l pandan lontan anvan pou nou ka pran l, piga nou koupe okenn pyebwa ki bay fwi, paske nou ka bezwen fwi yo pou nou manje. Pa koupe pyebwa yo. Se pyebwa ase yo ye, se pa moun yo ye. Ou pa ka aji avèk yo tankou moun ki nan lavil ou sènen an. 20Men, nou gendwa debranche pyebwa ki pa bay fwi, nou ka koupe yo, nou ka sèvi ak yo pou fè zouti pou atake lavil la jouk lavil la va tonbe nan men nou.

Currently Selected:

Detewonòm 20: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in