YouVersion Logo
Search Icon

Detewonòm 19

19
Lavil refij yo
(Nonb 35.9-28; Jozye 20.1-9)
1Moyiz di yo ankò:
— Lè Senyè a, Bondye nou an, va fin detwi nasyon sa yo pou l ban nou peyi ki te pou yo a, lè n'a fin pran tout peyi a nan men yo pou nou rete nan lavil yo ak nan lakay yo, 2n'a #Egz 21.13; Nonb 35.10,11,14; Joz 20.2 chwazi twa lavil nan peyi Senyè a, Bondye nou an, te ban nou pou nou rete a, n'a mete yo apa. 3N'a kenbe wout ki mennen nan vil sa yo nan bon eta. N'a divize teritwa Senyè Bondye nou an te ban nou pou nou rete a fè twa zòn ak yon vil nan chak zòn. Konsa, nenpòt moun ki ta rive touye yon lòt ka kouri al kache nan yonn nan vil sa yo pou li sove lavi li.
4Men #Det 4.42 nan ki sikonstans yon moun ka kouri al kache nan yonn nan lavil sa yo pou sove lavi l: Se lè yon moun touye yon frè parèy li san li pa fè espre, san li pa janm gen anyen avè l. 5Konsa, si de moun al pou koupe bwa, si yonn ladan yo leve rach li epi rach la demanche al frape lòt la touye li frèt, yon nonm konsa gendwa kouri al kache nan yonn nan lavil refij yo pou li sove lavi li. 6Si te gen yon sèl lavil konsa, distans la ta ka twò long. Lè sa a, moun ki reskonsab pou tire revanj moun yo touye a, si l'ap kouri dèyè moun ki te fè krim lan, li ta ka rapousib li. Nan kè cho li, li ta ka ba l yon kou, li touye l. Lè sa a, li ta touye yon inonsan, paske nonm lan pat fè espre, li pat janm gen anyen nan kè l kont moun li touye a. 7Se poutèt sa mwen mande nou pou nou mete twa lavil konsa apa espre pou sa. 8Konsa #Jen 15.18-21; Egz 34.24; Det 12.20 tou, lè Senyè a, Bondye nou an, va fè peyi nou an vin pi gran jan li te pwomèt zansèt nou yo, lè l'a ban nou tout peyi li te pwomèt l'ap bay zansèt nou yo, 9n'a #Joz 20.7,8 chwazi twa lòt lavil, n'a mete sou sa nou genyen deja yo. Men, pa bliye, l'ap ban nou peyi a, se pou nou toujou swiv tout lòd m'ap ban nou jòdi a, se pou nou toujou renmen Senyè a Bondye nou an, pou nou swiv chemen li mete devan nou an. 10Se konsa, nou p'ap kite yo touye moun ki inonsan nan peyi Senyè a, Bondye nou an, te ban nou pou rele nou pa nou. Si nou kite sa rive, n'a peye pou sa nou fè a.
11Men, #Egz 21.12,14; Nonb 35.16-21 si yon moun rayi yon lòt, epi li pran veye l jouk li tonbe sou li, li ba l kou jouk li touye l, epi apre sa, li kouri al kache nan yonn nan lavil sa yo, 12lè sa a, chèf fanmi ki reskonsab lavil kote li rete a va voye chache l epi y'a lage l nan men fanmi pre moun ki mouri a pou yo touye l. 13N'a #Nonb 35.33; Det 21.9; 1 Wa 2.31 san pitye pou li, n'a wete moun k'ap mache touye inonsan nan peyi Izrayèl la. Se konsa tout bagay va mache byen pou nou.
Bòn tè
14Nan #Det 27.17; Jòb 24.2; Pwo 22.28; Oze 5.10 peyi Senyè a, Bondye nou an, pral ban nou pou nou rete a, pa janm deplase bòn tè moun pèp Izrayèl parèy nou. Kite yo kote zansèt nou yo te plante yo a.
Regleman pou temwen nan tribinal
15Depozisyon #Det 17.6; Mat 18.16; 2 Kor 13.1; 1 Tim 5.19 yon sèl temwen pa kont pou moutre si yon moun fè yon krim, osinon yon bagay mal tout bon nan nenpòt akizasyon yo ta ka fè sou do li. Fòk gen de osinon twa temwen ki pou fè depozisyon kont li pou akizasyon an ka kenbe.
16#Egz 23.1 yon fo temwen kanpe pou l akize yon moun pou yon krim li pa fè, 17de #Det 17.9 moun ki nan pwosè yo va prezante ansanm devan lotèl Senyè a, devan prèt yo ak jij yo ki desèvis lè sa a. 18Jij yo va egzaminen ka a. Y'a mennen yon bon ankèt jan yo dwe fè l la. Si yo jwenn se manti temwen an ap bay, se akize l'ap akize yon moun pèp Izrayèl parèy li pou yon bagay li pa janm fè, 19n'a #Pwo 19.5,9; Da 6.24 fè l sibi chatiman li te vle pou moun li akize a. Se konsa n'a wete mechanste sa a ki te nan mitan nou. 20#Det 13.11 lòt moun yo va konn sa, y'a pè, yo p'ap rekonmanse fè move bagay konsa ankò nan mitan nou. 21Se #Egz 21.23,24; Mat 5.38 pou nou san pitye pou moun konsa. Se pou nou fè yo peye lavi pou lavi, je pou je, dan pou dan, men pou men, pye pou pye.

Currently Selected:

Detewonòm 19: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in