YouVersion Logo
Search Icon

Amòs 5

5
Tounen vin jwenn Bondye
1Nou menm, moun pèp Izrayèl, koute #Eze 19.1 chante m'ap chante nan lapenn mwen gen pou nou:
2Pèp #Lam 2.1 Izrayèl la tankou yon jenn fi. Li tonbe.
Li p'ap janm leve ankò.
Men li kouche atè a.
Pa gen pèsonn pou ba l men.
3Senyè a di konsa: Lè yon lavil nan peyi Izrayèl la voye mil (1.000) sòlda nan lagè, se san (100) ase ki tounen. Lè yon lòt lavil voye san (100) se dis ase ki tounen.
4Senyè a #2 Kwo 15.3; Sof 2.3 pale ak pèp Izrayèl la, li di l konsa: Tounen vin jwenn mwen, n'a gen lavi. 5Pa #Am 4.4; 8.14 al chache m lavil Betèl. Pa ale lavil Gilgal. Pa moute ale bò Bècheba al fè sèvis. Betèl pa la pou lontan. Yo gen pou yo depòte moun Gilgal yo voye yo nan peyi etranje. 6Chache vin jwenn Senyè a, n'a gen lavi. Si se pa sa, l'ap tonbe sou pèp Izrayèl la tankou dife. Dife a ap boule lavil Betèl. Pèsonn p'ap ka tenyen l. 7Adye! N'ap vire lajistis lanvè, n'ap pilonnen dwa pèp la anba pye nou!
8Se #Jòb 9.9; 38.31; Sòm 104.6,7,20; Am 4.13; 9.6 Senyè a ki te fè zetwal yo,
Lapousiyè ak Oryon.
Li fè lannwit tounen lajounen,
li fè lajounen tounen lannwit.
Li rele dlo lanmè a,
li vide l sou tout latè.
Yo rele l Senyè. Wi, se konsa yo rele l.
9Li rale malè sou gwo chèf yo,
li fè kraze sitadèl yo nèt.
10Nou #Rit 4.1; 1 Wa 22.8; Eza 29.21 pa vle wè moun k'ap denonse lenjistis. Nou pa vle wè moun k'ap di verite nan tribinal. 11Nou #Det 28.30,39; Jak 2.6 fin peze pòv malere yo, nou fòse yo ban nou nan rekòt jaden yo. Se poutèt sa, nou p'ap rete nan bèl gwo kay an wòch nou bati yo, ni nou p'ap bwè diven ki fèt ak rezen ki sòti nan bèl jaden nou te plante yo.
12Mwen #1 Sam 8.3; 12.3; Am 2.7 konnen tou jan peche nou fè yo gwo anpil, jan se pa de ti krim nou pa fè. Nou pèsekite moun serye. Nou pran lajan nan men moun k'ap achte figi nou. Nou enpoze pòv malere yo jwenn jistis nan tribinal. 13Se #Mi 2.3 poutèt sa, yon moun ki gen konprann, se je wè bouch pe. Tan an twò move deyò a.
14Chache #Det 30.15,19 fè sa ki byen pou nou ka viv. Pa fè sa ki mal. Lè sa a, Senyè a, Bondye ki gen tout pouvou a, va kanpe avèk nou jan n'ap plede di l la. 15Rayi #Jowèl 2.14; Wòm 12.9 sa ki mal, renmen sa ki byen. Pa kite yo fè lenjistis nan tribinal. Nou pa janm konnen, Senyè a ka gen pitye pou ti rès ki rete nan pitit pitit Jozèf yo.
16Se #Jer 9.17,18 poutèt sa, men sa Senyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, di: Moun pral mache nan tout lari, yo pral rele nan tout kalfou: Mezanmi, mezanmi, ki lapenn sa a! Yo pral rele tout moun vin nan lanmò a. Y'ap fè chache moun ki konn rele yo pou yo vin kenbe rèl la. 17Nan #Egz 12.12 tout jaden moun ap plenn. Tou sa, paske m'ap vin pini nou. Se Senyè a menm ki di sa.
18Sa #Jowèl 1.15; 2.1,2 pral rèd nèt pou moun ki anvi wè jou Senyè a rive! Kisa jou sa a ap fè pou yo? Se pral yon jou fènwa, se p'ap yon jou limyè. 19Se #Eza 24.18 va tankou yon nonm k'ap kouri pou lapli, epi li tonbe larivyè. Ou ankò, tankou yon moun ki rive lakay li, li mete men l sou panno kay la, epi yon krab zarenyen mode l. 20Jou Senyè a ap vini an, va fè nwa kou lank, p'ap fè klate. Se va yon jou fènwa, san yon ti limyè.
21Senyè a #Sòm 51.16; Eza 1.11,14 di konsa: Mwen pa vle wè gwo fèt n'ap fè pou mwen yo. Mwen pa ka santi yo. Mwen pa ka sipòte lè nou reyini pou fè sèvis pou mwen. 22Lè n'a pote bèt pou boule pou mwen, lè n'a fè m ofrann gato, sa p'ap fè m plezi. Ni mwen p'ap menm gade bèt gra nou pote vin ofri m pou di m mèsi. 23Sispann #Am 6.5; 8.3 chante kantik nou yo nan zòrèy mwen. Mwen pa vle tande mizik gita nou yo ankò. 24Tankou dlo k'ap kouri larivyè, se pou nou rann tout moun jistis nan peyi a. Tankou yon kouran dlo k'ap kouri san rete, se pou nou toujou fè sa ki dwat.
25Nou #Tra 7.42,43 menm, moun Izrayèl, pandan karantan nou pase nan dezè a, nou janm ofri bèt pou touye pou mwen? Nou janm ofri m gato? 26Se #Det 32.17; Eza 46.7 konsa, kounyeya nou gen pou nou pote lakay nou pòtre nou te fè pou nou yo: pòtre Sakit, wa nou an, ak pòtre zetwal Kevan an, bondye n'ap sèvi a. 27M'ap #2 Wa 17.6 depòte nou nan yon peyi lòt bò Damas. Men sa Senyè a di, li menm yo rele Bondye ki gen tout pouvwa a.

Currently Selected:

Amòs 5: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in