YouVersion Logo
Search Icon

Amòs 4

4
1Nou menm, gwo fanm peyi Samari yo, nou gra tankou manman bèf Bazan. N'ap maltrete malere yo, n'ap peze pòv yo, epi n'ap di mari nou yo pote diven ban nou bwè. 2Koute #2 Wa 19.28; Sòm 89.35; Jer 16.16 sa Senyè a di: Senyè a se yon moun apa. Se yon Bondye tout bon. Li fè sèman sou tèt li. Li di konsa: Yon jou gen pou rive, y'ap fwennen nou tankou pwason ki pran nan zen. Y'ap pote nou tout ale. 3Y'a fè nou pase nan twou ki nan miray la, de pye devan, yonn apre lòt. Y'ap voye nou jete deyò. Se Senyè a menm ki di sa.
Izrayèl derefize tounen vin jwenn Bondye
4Senyè a #Nonb 28.3,4; Eze 20.39; Oze 4.15 di konsa: Nou menm, pèp Izrayèl, se sa! Moute nan tanp lavil Betèl yo, al fè peche! Ale lavil Gilgal, peche kont kò nou! Chak maten, mennen bèt pou yo touye tankou ofrann bay Bondye! Chak twa jou, pote ladim nou! 5Ale #Lev 7.13; 22.18,21; Sòm 81.11,12 non! Ofri pen nou bay Bondye pou di l mèsi! Mache di toupatou jan nou fè ofrann ak tout kè nou bay Bondye! Apa konsa nou renmen fè, pèp Izrayèl! Se Senyè a menm ki di sa.
6Se #Det 28.57; Jer 15.7 mwen menm ki te fè grangou tonbe sou tout lavil nou yo, kifè nou pat ka jwenn manje lakay nou. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Senyè a menm ki di sa. 7#Jer 3.3 jaden nou ta pral pote rekòt, mwen pat kite lapli tonbe. Mwen voye lapli sou yon lavil, mwen fè yon lòt rete san yon grenn lapli. Yon jaden jwenn lapli, yon lòt menm ap mouri. 8Moun sòti nan de twa lavil ale nan yon lavil nan vwazinay al mande dlo, men pat gen ase pou yo tout bwè. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Senyè a menm ki di sa.
9Mwen #Det 28.22; Jowèl 1.4; Aje 2.17 voye yon van cho kou dife boule tout rekòt yo. Krikèt vèt manje tout jaden nou yo ak tout pye rezen nou yo, tout pye fig frans nou yo ak tout pye oliv nou yo. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Senyè a menm ki di sa. 10Mwen #Det 28.60; 2 Wa 13.7; Sòm 78.50; Jowèl 2.20 voye malè sou nou tankou malè mwen te voye sou peyi Lejip la. Mwen touye jenn gason nou yo nan lagè. Mwen te pran tout chwal nou yo mennen ale. Sant kadav moute nan nen nou tout kote nou rete a. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen.
Se Senyè a menm ki di sa.
11Mwen #Zak 3.2; Jid 23 detwi kèk nan nou, menm jan mwen te detwi moun Sodòm ak moun Gomò yo. Sa ki te sove nan nou yo, se tankou yon bout bwa ki pran dife, epi yo kouri wete l nan dife a pou li pa fin boule. Malgre sa, nou pa tounen vin jwenn mwen. Se Senyè a menm ki di sa. 12Se poutèt sa, nou menm moun pèp Izrayèl, mwen pral pini nou. E paske mwen pral pini nou konsa a, nou mèt pare kò nou pou n'a l kontre ak Bondye nou an.
13Se #Sòm 139.2; Jer 10.16; Am 5.8; Mi 1.3 Bondye ki te fè mòn yo.
Se li menm ki te kreye van yo.
Li fè lèzòm konnen lide li gen nan tèt li.
Li fè lajounen sòti nan lannwit.
L'ap gouvènen sou tout latè.
Se poutèt sa, men jan yo rele l:
Sènyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a.

Currently Selected:

Amòs 4: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in