YouVersion Logo
Search Icon

Travay 7

7
Diskou Etyèn pou defann tèt li
1Granprèt la mande Etyèn:
— Eske se vre?
2Etyèn #Sòm 29.3; Jen 11.31; 15.7 reponn:
— Frè m yo, grandèt mwen yo, koute. Bondye, ki gen bèl pouvwa a, te parèt devan Abraram, zansèt nou. Lè sa a, li te rete nan peyi Mezopotami, li pat ankò vin rete Karan. 3Bondye #Jen 12.1; 48.4 di l konsa: Kite peyi ou la, kite tout fanmi ou yo ladan l. Ale nan peyi m'a moutre ou la. 4Se #Jen 11.32; 12.5 konsa, Abraram kite peyi kaldeyen yo, l'al rete Karan. Lè papa Abraram mouri, Bondye fè l kite Karan vin nan peyi kote n'ap viv kounyeya.
5— Lè #Jen 12.7; 13.15; 17.8; 48.4; Det 2.5 sa a, Bondye pat bay Abraram okenn bitasyon nan peyi a, pa menm yon ti pous tè. Men, Bondye te pwomèt li t'ap ba l peyi a ki t'ap rete nèt pou li ak pou pitit pitit li yo. Men, lè sa a Abraram pat gen pitit. 6Men #Jen 15.13,14; Egz 2.22; 12.40 sa Bondye te di l: Pitit pitit ou yo gen pou y'al viv nan yon peyi etranje, kote y'ap fè yo tounen esklav, kote y'ap maltrete yo pandan katsanzan (400 an). 7Men, #Egz 3.12 Bondye di l ankò: Se mwen menm k'ap pini nasyon ki va pran yo fè esklav la. Apre sa, y'a sòti kite peyi etranje sa a, y'a vin sèvi m isit la. 8Apre #Jen 17.10; 21.4 sa, Bondye pase yon kontra ak Abraram, li ba li sikonsizyon an pou sèvi mak kontra a. Se konsa Abraram te sikonsi Izarak, pitit gason l lan, wit jou apre l te fèt. Menm jan an tou, Izarak te sikonsi Jakòb, pitit li a. Jakòb menm sikonsi douz pitit li yo, zansèt douz branch fanmi pèp Izrayèl la.
9— Pitit #Jen 37.11,28; 39.1,2,21; 45.4 Jakòb yo, zansèt nou yo, fè jalouzi pou Jozèf. Yo vann li tankou yon esklav nan peyi Lejip. Men, Bondye te kanpe la avèk Jozèf. 10Li #Jen 39.21; 41.38-45; Sòm 105.21 delivre l nan tout malè li. Lè Jozèf parèt devan farawon an, wa peyi Lejip la, Bondye ba l bon konprann, li fè l aji yon jan ki fè wa a plezi. Farawon an mete Jozèf chèf pou l gouvènen tout peyi Lejip la ansanm ak kay wa a tou.
11— Apre #Jen 41.54; 42.5 sa, vin gen yon grangou nan tout peyi Lejip ak nan peyi Kanaran. Moun t'ap soufri anpil. Zansèt nou yo pat jwenn anyen pou yo te manje. 12#Jen 42.2 Jakòb tande te gen manje nan peyi Lejip, li voye zansèt nou yo la yon premye fwa. 13Dezyèm #Jen 45.3,16 fwa y'ale a, Jozèf fè frè l yo rekonèt li. Se konsa farawon an vin fè konesans ak fanmi Jozèf yo. 14Jozèf #Jen 45.9-11; 46.27; Egz 1.5; Det 10.22 voye chache Jakòb, papa l, ansanm ak tout fanmi li. Lè sa a, yo te swasannkenz moun antou. 15Jakòb #Jen 46.1; 49.33; Egz 1.6 desann nan peyi Lejip. Se la li mouri, li menm ak tout zansèt nou yo. 16Yo #Jen 23.16,17; 33.19; Joz 24.32 pote kò yo Sichèm, y' antere yo la, nan gwòt Abraram te achte nan men eritye Emò yo.
17— Lè a #Egz 1.7 t'ap pwoche pou Bondye te kenbe pwomès li te fè Abraram lan. Pèp nou an te vin anpil, chak jou li t'ap vin pi plis toujou nan peyi Lejip la. 18Yon lòt wa ki pat konnen anyen sou Jozèf te pran kòmandman peyi a. 19Wa #Jen 24.7; Egz 1.9,22 sa a leve dèyè pèp nou an, li maltrete zansèt nou yo. Li fòse yo kite tibebe ki fèk fèt yo deyò pou yo ka mouri. 20Se #Egz 2.2; Eb 11.23 lè sa a Moyiz te fèt: se te yon bèl pitit devan Bondye. Yo te kenbe l pandan twa mwa lakay papa li pou ba l tete. 21Men, #Egz 2.5,10 lè yo te lage l deyò a, pitit fi farawon an te ranmase l: li elve l tankou pitit pa li. 22Se konsa Moyiz te vin gen tout konesans moun peyi Lejip yo. Sou jan l te pale ak sa l t'ap fè, yo te wè mesye te fò anpil.
23— Lè #Egz 2.11 Moyiz vin gen karantan, li fè lide al vizite frè l yo, moun pèp Izrayèl yo. 24Lè l #Egz 2.12 rive, li wè yon moun peyi Lejip ki t'ap maltrete yonn nan frè l yo, li pran defans nonm yo t'ap maltrete a. Li pran revanj li sou moun peyi Lejip la, li touye li. 25Li te kwè frè l yo ta konprann travay Bondye ki te chwazi l pou delivre yo a. Men, yo pat konprann sa. 26Nan #Egz 2.13 denmen, Moyiz wè de nan moun pèp Izrayèl yo ki t'ap goumen. Li te vle fè yo byen ankò, li di yo: Mezanmi, se frè nou ye. Poukisa yonn ap maltrete lòt konsa? 27Men, #Egz 2.14; Lik 12.14 sa ki t'ap maltrete moun pèp Izrayèl parèy li a bay Moyiz yon zòp, li di l konsa: Kilès ki mete ou la pou ban nou lòd, osinon pou jije nou? 28Gen lè ou vle touye m menm jan ou te touye moun peyi Lejip ayè a? 29#Egz 2.15,22; 18.3,4 Moyiz tande pawòl sa yo, li kouri kite peyi a, l'al viv nan peyi Madyan. Antan l te la, li fè de pitit gason.
30— Karantan #Egz 3.2; Det 33.16 apre sa, yon zanj Bondye parèt devan Moyiz nan yon flanm dife ki t'ap boule yon ti touf bwa nan mitan dezè ki bò Mòn Sinayi a. 31Moyiz te sezi lè l wè aparisyon sa a. Antan l t'ap pwoche pou gade l pi pre, li tande vwa Bondye ki t'ap di: 32Se #Egz 3.6 mwen menm ki Bondye zansèt ou yo, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb. Moyiz pran tranble sitèlman li te pè. Li pa menm louvri je l pou l gade. 33#Egz 3.5 sa a Bondye di l ankò: Wete sapat ou, paske kote ou ye a se yon tè ki apa pou Bondye. 34Mwen #Egz 2.24; 3.7,10 wè tray pèp mwen an ap pase nan peyi Lejip, mwen tande jan l ap plenn, mwen desann vin delivre yo. Kounyeya, ale non. Se mwen menm k'ap voye ou nan peyi Lejip.
35— Moun #Egz 2.14 pèp Izrayèl yo te voye Moyiz jete lè yo te di: Kilès ki mete ou la pou ban nou lòd osinon pou jije nou? Se menm Moyiz sa a Bondye te voye pou kòmande yo, pou delivre yo avèk konkou zanj ki te parèt nan ti touf bwa a. 36Se #Nonb 14.33; Egz 7.3,10; 14.21 Moyiz ki fè pèp Izrayèl la sòti kite peyi Lejip, avèk tout mirak ak tout bèl bagay li te fè nan peyi a bò lanmè Wouj la ak nan dezè a pandan karantan. 37Se #Tra 3.22; Det 18.15 menm Moyiz sa a ki te di pèp Izrayèl la: Bondye gen pou l voye yon pwofèt ban nou tankou l te voye m lan: #7.37: tankou l te voye m lan: Ou ankò tankou m. se va yonn nan frè nou yo. 38Se #Tra 7.53; Egz 19.3; Det 9.10 li menm ki te la ak pèp Izrayèl la lè yo te sanble nan gwo dezè a. Li te la avèk zansèt nou yo ansanm ak zanj Bondye a ki t'ap pale avè l sou gwo mòn Sinayi a. Se li menm ki te resevwa pawòl ki bay lavi a nan men Bondye epi ki pase yo ban nou.
39— Men, #Nonb 14.3 zansèt nou yo pat vle obeyi l. Yo mete l sou kote, epi yo te anvi tounen Lejip. 40Yo #Egz 32.1,23 di Arawon: Fè lòt bondye ki pou mache devan nou, paske nou pa konnen sa ki rive nonm yo rele Moyiz la ki te fè nou sòti kite peyi Lejip la. 41#Egz 32.4,6 sa a, yo fè estati yon ti towo bèf, epi yo fè sakrifis bèt bay zidòl la. Yo te kontan pou sa yo te fè ak men yo a. 42Men, #Jer 19.13; Am 5.25-27 Bondye vire do l ba yo, li kite yo adore zetwal ki nan syèl la, jan sa te ekri nan Liv pwofèt yo:
Nou menm pèp Izrayèl,eske se pou mwennou te fè ofrann bèt ak lòt sakrifis,
pandan karantan nou pasenan gwo dezè a?
43Non, se pat pou mwen. Men, nou redi pote wogatwa zidòl Molòk la,
ansanm ak pòtre zetwal Refan, bondye nou an,
bann zidòl nou te fè ak men nou pou n adore!
Se poutèt sa, m'ap voye nou jouk lòt bò Babilòn.
44— Nan #Egz 25.9,40 gwo dezè a, zansèt nou yo te gen yon tant kote yo te fèmen de wòch plat lalwa yo. Yo te fè l jan Bondye te mande Moyiz pou l fè l la, dapre modèl li te moutre Moyiz la. 45Yo #Jen 17.8; 48.4; Det 32.49; Joz 3.14; 18.1 pase tant sa a bay grandèt nou yo ki te vin apre. Grandèt nou yo menm te pote l avèk yo lè Jozye t'ap mennen yo pou yo pran peyi a nan men pèp Bondye t'ap chase met deyò devan yo. Tant la rete la jouk sou tan David. 46David #2 Sam 7.2; Sòm 132.5 te jwenn favè Bondye, li te mande l pèmisyon pou l te fè yon kay pou Bondye Jakòb la. #7.46: yon kay pou Bondye Jakòb la: Gen maniskri ki bay yon kay kote pou li rete. 47Men #1 Wa 6.1 se Salomon ki te bati kay la pou li.
48— Men, #Eza 66.1,2 Bondye ki anwo nan syèl la pa rete nan kay moun bati ak men yo. Men sa pwofèt la di:
49Syèl la se fòtèy kote m chita a. Se Bondye ki di sa.
Tè a se yon ti ban pou m lonje pye mwen.
Ki kalite kay nou ta ka bati pou mwen?
Ki kote nou ta ka ban mwen pou m poze kò m?
50Eske se pa mwen ki fè tout bagay sa yo?
51— Ala #Egz 32.9; Lev 26.41; Nonb 27.14; Jer 9.26; Eza 63.10 moun gen tèt di! Tankou moun lòt nasyon yo, nou fèmen kè nou, nou fèmen zòrèy nou bay Bondye, n'ap kenbe tèt ak Sentespri toujou. Nou tankou zansèt nou yo. 52Kilès #2 Kwo 36.16; Mat 23.31 nan pwofèt yo zansèt nou yo pat pèsekite? Yo te touye tout pwofèt ki te fè konnen davans ki jan Sèvitè Bondye a te gen pou vini. Kounyeya, se Sèvitè Bondye a menm nou trayi, se li menm nou touye. 53Se #Egz 20.1-26; Gal 3.19; Eb 2.2 nou menm ki te resevwa lalwa Moyiz nan men zanj Bondye yo, epi se nou menm ankò ki pa obeyi li.
Etyèn mouri
54#Tra 5.33 manm Gran Konsèy yo tande pawòl sa yo, yo fin pran chenn, yo manje dan yo sou Etyèn sitèlman yo te an kòlè. 55Men #Lik 22.69 Etyèn, anba pouvwa Sentespri, leve je l anlè, li gade syèl la. Li wè tout bèl pouvwa Bondye a ansanm ak Jezi kanpe sou bò dwat Bondye. 56Li di:
— Gade, men mwen wè syèl la louvri, ak Moun Bondye voye nan lachè a kanpe sou bò dwat Bondye.
57Moun yo pran rele byen fò, yo bouche zòrèy yo. Epi yo tout tonbe sou li ansanm. 58Yo #Tra 22.20 trennen l deyò lavil la. Yo touye l ak kout wòch. Moun ki t'ap akize Etyèn yo te mete rad yo nan pye yon jenn gason yo te rele Sòl.
59Pandan #Sòm 31.5; Lik 23.46 yo t'ap voye wòch sou Etyèn, Etyèn menm t'ap lapriyè, li t'ap di:
— Senyè Jezi, resevwa lespri mwen.
60Apre #Lik 23.34 sa, li tonbe ajenou, li rele byen fò:
— Senyè, pa mete peche sa a sou kont yo.
Lè l fin di sa, li mouri.

Currently Selected:

Travay 7: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy