YouVersion Logo
Search Icon

Travay 6

6
Yo chwazi sèt gason pou ede apòt yo
1Lè sa a, te vin gen anpil anpil disip. #Tra 4.35 Ladan yo, jwif ki te fèt nan peyi etranje yo epi ki te pale grèk yo vin gen kont ak jwif natif yo. Yo t'ap plenyen deske yo te neglije vèv pa yo nan ditribisyon yo t'ap fè chak jou yo. 2Douz apot yo rasanble tout disip yo, yo di:
— Li pa nòmal pou nou neglije preche pawòl la poutèt nou chita nan sèvi moun manje. 3Se #1 Tim 3.7,8 pou sa, frè m' yo, chwazi sèt nèg pami nou ki gen bon repitasyon, ki anba pouvwa Sentespri, ki gen bon konprann sou yo. N'a ba yo reskonsab sèvis sa a. 4Konsa nou menm, n'a toujou bay tout tan nou pou lapriyè, ak pou fè moun konnen pawòl Bondye a.
5Tout #Tra 8.5 gwoup la te dakò avèk lide sa a. Yo chwazi Etyèn, yon nonm ki te gen anpil konfyans nan Bondye epi ki te anba pouvwa Sentespri, Filip, Pwokò, Nikanò, Timon, Pamenas ak Nikola, yon nonm lavil Antyòch ki te konvèti nan relijyon jwif yo. 6Yo #Tra 1.24; 13.3; 14.23 mennen yo bay apòt yo. Apòt yo lapriyè epi yo mete men sou tèt yo. 7Pawòl #Tra 19.20 Bondye a t'ap gaye. Disip yo t'ap vin pi plis toujou nan Jerizalèm. Menm pami prèt yo, te gen anpil ki te asepte kwè pawòl la.
Yo arete Etyèn
8Etyèn te yon nonm Bondye te beni anpil, li te gen anpil pouvwa. Li t'ap fè gwo bèl bagay ak mirak nan mitan pèp la. 9Se konsa kèk moun leve dèyè li. Pami yo te gen manm sinagòg yo rele Sinagòg Ansyen Esklav yo. (Se jwif lavil Sirèn ak lavil Aleksandri ki te ladan l.) Yo menm ansanm ak lòt jwif ki sòti Silisi ak Lazi yo pran diskite ak Etyèn. 10Men, #Lik 21.15 yo pat kapab kenbe tèt avèk li: Etyèn t'ap pale avèk bon konprann Sentespri te ba li. 11#Mat 26.60-66 yo wè sa, yo peye kèk moun pou di:
— Nou tande l ap pale mal sou Moyiz ak sou Bondye.
12Se konsa, yo moute tèt pèp la ansanm ak chèf fanmi yo ak dirèktè lalwa yo. Y'al kot Etyèn, yo mete men sou li, yo trennen l devan Gran Konsèy la. 13Yo #Jer 26.11 mennen lòt moun tou pou fè manti sou li, yo t'ap di:
— Nonm sa a pa sispann pale mal sou tanp Bondye a ak sou lalwa Moyiz la. 14Nou tande l di konsa: Jezi, moun Nazarèt la, gen pou kraze tanp lan, l'ap chanje tout koutim Moyiz te kite pou nou yo.
15Tout moun ki te chita nan sal reyinyon Gran Konsèy la te gen je yo fikse sou Etyèn. Yo te wè figi l te sanble ak figi yon zanj Bondye.

Currently Selected:

Travay 6: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in

YouVersion uses cookies to personalize your experience. By using our website, you accept our use of cookies as described in our Privacy Policy