YouVersion Logo
Search Icon

2 Samyèl 17

17
Ouchayi mele Absalon
1Apre sa, Achitofèl di Absalon konsa:
— Kite m chwazi douzmil (12.000) sòlda. M'ap pati aswè a menm dèyè David. 2M'ap #2 Sam 16.14; 1 Wa 22.31; Jan 11.50 pwofite antan li tou bouke, tou dekouraje a, m'ap atake l, m'ap fè l pè. Lè sa a, tout moun ki avè l yo va kraze rak. Se wa a ase m'ap touye. 3Lèfini, m'ap mennen tout lòt moun yo vin jwenn ou, menm jan yon madanm marye tounen vin jwenn mari l. Se yon sèl moun ou vle yo touye, pa vre. Apre sa, repo pou tout moun.
4Koze a te fè Absalon ak tout chèf moun Izrayèl yo plezi. 5Absalon #2 Sam 15.34 di konsa:
— Rele Ouchayi, moun peyi Ak la. Ann tande sa li gen pou l di nou.
6Lè Ouchayi rive, Absalon di l konsa:
— Men konsèy Achitofèl ban nou. Eske se pou nou fè sa li di nou fè a? Si ou pa dakò, di nou sa pou nou fè.
7Ouchayi reponn li:
— Fwa sa a, konsèy Achitofèl bay la pa bon menm. 8Ou #Pwo 17.12; Oze 13.8 konnen jan papa ou ak tout moun pa li yo vanyan gason? Koulyeya, yo move kou chen nouris moun pwoche bò pitit li. Papa ou se sòlda ki gen anpil esperyans nan lagè. Li p'ap janm rete pase nwit lan menm kote ak moun li yo. 9Kounyeya li dwe kache nan yon gwòt osinon yon lòt kote. Premye atak David va fè sou moun ou yo, moun pral konn sa, y'a di: David bat patizan Absalon yo. 10Lè sa a, menm sòlda ki pi vanyan yo, sa ki tankou lyon, ki pa pè anyen yo, pral pèdi kouray, paske tout moun peyi Izrayèl yo konnen jan papa ou se sòlda ki konn goumen, jan moun pa l yo se brave danje. 11Men #2 Sam 3.10 konsèy mwen menm m'ap bay: Fè sanble dènye gason nan tout peyi Izrayèl la, dèpi lavil Dann jouk lavil Bècheba, pou yo tankou grenn sab bò lanmè. Lèfini, ou menm w'a mache alatèt yo. 12Nenpòt kote David ye, n'a vare sou li anvan li gentan konnen sa ki rive li. Nou p'ap kite pesonn chape, ni li, ni yonn nan moun pa li yo. 13Si l'al kache nan yon vil, tout moun pèp Izrayèl yo va pran kòd, y'a sentire vil la mare li, y'a trennen li lage l' nan falèz. Yo p'ap kite yon grenn wòch sou tèt mòn kote vil la te ye a.
14Absalon #2 Sam 15.31,34 ak tout moun peyi Izrayèl yo di:
— Konsèy Ouchayi, moun Ak la, pi bon pase pa Achitofèl la.
Sa te pase konsa, paske Senyè a te deside pou li pat kite yo swiv konsèy Achitofèl la pou malè te ka tonbe sou Absalon.
Yo avèti David
15Apre #2 Sam 15.35,36 sa, Ouchayi rele Zadòk ak Abyata, prèt yo, li di yo:
— Men konsèy Achitofèl te bay Absalon ak chèf fanmi moun Izrayèl yo. Men konsèy mwen menm mwen te ba yo. 16Kounyeya, prese #2 Sam 15.28 voye komisyon bay David. Di li pa rete pase nwit nan plenn dezè a. Se pou l al pi lwen toujou pou yo pa touye l ansanm ak moun pa li yo.
17Jonatan, #2 Sam 15.27,36 pitit Abyata a, ak Akimaz, pitit Zadòk la, te rete bò sous Lesivèz yo ap tann, paske yo pat ka antre nan lavil la pou moun pat wè yo. Se yon sèvant ki te konn al pote nouvèl sa k'ap pase ba yo pou yo te ka al avèti wa David. 18Men, yon ti gason bare yo, l'al di Absalon sa. De mesye yo kouri al kache lakay yon moun ki te rete lavil Bakourim. Nonm lan te gen yon pi nan lakou lakay li. Mesye yo desann al kache ladan l. 19Madanm #Joz 2.6 nonm lan pran yon gwo dra, li kouvri bouch pi a. Lèfini, li simen grenn pile sou li, konsa pèsonn pa wè sa ki anba dra a. 20Moun Absalon yo vini nan kay la, yo mande madanm lan:
— Kote Akimaz ak Jonatan?
Madanm lan reponn:
— Yo janbe lòt bò dlo a.
Mesye Absalon yo chache, men yo pa jwenn yo. Apre sa, yo tounen tounen yo lavil Jerizalèm. 21Lè yo fin ale, Akimaz ak Jonatan sòti nan pi a, y'al pote nouvèl bay wa David. Yo rakonte l ki konsèy Achitofèl te bay Absalon. Epi yo di l:
— Prese janbe lòt bò larivyè Jouden.
22Se konsa David leve ansanm ak tout moun ki te avè l yo, yo janbe lòt bò larivyè Jouden. Lè bajou kase, yo tout te gentan lòt bò larivyè a.
23#2 Sam 15.12; Mat 27.5 Achitofèl wè yo pat sòti pou swiv konsèy li te bay la, li sele bourik li, li tounen lakay li nan peyi l. Lè li fin regle tout zafè l, li pann tèt li. Se konsa li mouri. Apre sa, yo antere l nan kavo papa l.
David lavil Manayim
24#2 Sam 2.8 Absalon ansanm ak moun li yo rive pou yo janbe lòt bò larivyè Jouden an, David te gentan rive lavil Manayim. 25Absalon #2 Sam 19.13; 20.9,12; 1 Wa 2.5,32; 1 Kwo 2.13,16-17 te chwazi Amasa pou kòmande lame a nan plas Joab. Amasa sa a te pitit gason Jitra, yon moun fanmi Ismayèl. #17.25: Ismayèl: Dapre sa nou jwenn nan vèsyon grèk la epi ki koresponn ak 1 Kwonik 2.17. Men, nan tèks ebre a nou li Izrayèl. Manman l te rele Abigal, pitit fi Nach, sè Sewouya, manman Joab. 26Absalon ak moun peyi Izrayèl yo moute tant yo nan peyi Galarad.
27#2 Sam 9.4; 10.1,2; 12.26; 19.31,32; 1 Wa 2.7 David rive lavil Manayim, gen twa moun ki vin jwenn li. Se te Choni, pitit gason Nach, moun lavil Raba, kapital peyi Amon an, Maki, pitit gason Amyèl, moun lavil Lodeba, ak Bazilayi, moun lavil Wogelim nan peyi Galarad. 28-29Twa #2 Sam 16.2 mesye sa yo te pote bagay pou moun kouche, bòl, kaswòl ak manje pou David ak moun pa l yo. Te gen ble, lòj, farin, grenn griye, ti pwa ak gwo pwa tout kalite, siwo myèl, bè, fwonmaj lèt bèf, fwonmaj lèt mouton. Yonn te di lòt:
— Apre tout mache sa a nan dezè a, moun sa yo dwe grangou, yo dwe swaf, yo dwe bouke kont kò yo.

Currently Selected:

2 Samyèl 17: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in