YouVersion Logo
Search Icon

2 Samyèl 16

16
David ak Ziba
1David te fèk fin kite tèt mòn nan lè #1 Sam 25.18; 2 Sam 9.2-13 li wè Ziba, domestik Mefibochèt la, k'ap vin kontre li. Li te gen de bourik byen chaje ak desan pen, san grap rezen chèch, san pake fwi mi ak yon gwo galon plen diven. 2Wa #Jij 5.10; 10.4; 2 Sam 17.29 David mande l:
— Sa ou pral fè ak tout bagay sa yo?
Ziba reponn li:
— Bourik yo, se pou wa a ansanm ak fanmi li yo moute. Pen yo ak fwi yo, se pou moun ou yo manje, diven an pou yo bwè lè y'a santi yo bouke nan dezè a.
3Wa a #2 Sam 19.26,27 mande l:
— Kote mèt ou, Mefibochèt, pitit pitit Sayil la?
Ziba reponn:
— Li rete lavil Jerizalèm, paske li di li sèten moun peyi Izrayèl yo pral renmèt li baton kòmandman ki te nan men Sayil, granpapa l la.
4Wa a #2 Sam 19.29 di Ziba konsa:
— Depi jòdi a, tou sa ki te pou Mefibochèt se pou ou yo ye.
Ziba reponn li:
— Men mwen lage kò m nan pye ou, monwa. Mwen mande pou ou toujou kontan avè m.
David ak Chimeyi
5#2 Sam 19.16,21; 1 Wa 2.8,36-46 wa David rive bò lavil Bakourim, yon moun fanmi wa Sayil sòti lavil la vin kontre l. Se te Chimeyi, pitit gason Gera a. Antan l'ap vanse sou David, li t'ap joure l, li t'ap ba li madichon. 6Li konmanse voye wòch sou David ak sou moun pa l yo, atout pèp la ak sòlda yo t'ap mache sou bò dwat ak sou bò gòch wa a. 7Chimeyi #1 Sam 2.12; 2 Sam 19.21 t'ap bay David madichon, li t'ap di l:
— Ale ou vouzan! Ale ou vouzan! Vakabon! Ansasen! 8Ou #Jij 9.56,57; 2 Sam 3.1; 1 Wa 2.32,33 te pran plas wa Sayil la! Jòdi a Senyè a ap pini ou pou tout moun nan fanmi Sayil ou te sasinen yo. Senyè a renmèt gouvènman an nan men Absalon, pitit gason ou lan. Se konsa pou ou te fini, se ansasen ou ye!
9Abichayi, #Egz 22.28; 1 Sam 26.8 pitit gason Sewouya a, di wa a konsa:
— Monwa, poukisa pou ou kite chen mouri sa a ap madichonnen ou konsa? Kite m janbe lòt bò a al koupe tèt li!
10Wa a #2 Sam 2.18; 15.25,26; 19.22; Jòb 9.12; Lam 3.37,38 di Abichayi ansanm ak Joab, frè li a:
— Pa antre nan sa ki pa gade nou, tande. Si se Senyè a ki di l pou l ban m madichon, ki moun ki gendwa mande l poukisa l'ap fè sa?
11Apre #2 Sam 12.11 sa, David pale ak Abichayi ansanm ak tout moun pa l yo, li di yo:
— Gade! Pwòp pitit gason mwen, san mwen, deyò pou l touye m. Ale wè pou moun sa a ki sòti nan ras Benjamen yo! Kite l ban m madichon, si se Senyè a ki di l ban m madichon. 12Nou #Lam 3.28-33 pa janm konnen, Senyè a va wè nan ki mizè mwen ye. Lè sa a, l'a ban m benediksyon nan plas madichon l'ap ban m jòdi a.
13Se #2 Sam 19.21 konsa, David ale chemen l avèk tout moun li yo. Chimeyi menm t'ap mache dèyè yo sou flan mòn lan, li t'ap ba yo madichon, li t'ap voye wòch ak pousyè tè sou yo. 14Wa a ansanm ak tout pèp la te bouke jouk yo pat kapab ankò lè yo rive bò larivyè Jouden. #16.14: bò larivyè Jouden: Pa gen mo sa yo nan tèks ebre a. Se la yo rete pran souf.
Absalon antre Jerizalèm
15Absalon #2 Sam 15.37 antre lavil Jerizalèm ansanm ak tout moun peyi Izrayèl yo. Achitofèl te ansanm ak yo. 16#1 Sam 10.24; 2 Sam 15.37; 1 Wa 1.25,39; 2 Wa 11.12 Ouchayi, bon zanmi David la, kontre ak Absolon, li di:
— Viv wa a! Viv wa a!
17Absalon di l konsa:
— Se konsa ou te bon zanmi David la? Poukisa ou pat ale ansanm avè l?
18Ouchayi reponn li:
— Ki jan pou m ta fè sa? Se pou moun Senyè a ansanm ak moun sa yo ak tout moun peyi Izrayèl yo chwazi a mwen ye. Se avè l pou m rete. 19Lèfini, #2 Sam 15.34 ki moun pou m ta sèvi si se pa pitit mèt mwen an? Menm jan mwen te sèvi papa ou, konsa m'a sèvi ou tou.
20Apre sa, Absalon vire bò Achitofèl, li di l konsa:
— Ann antann nou sou sa nou pral fè kounyeya.
21Achitofèl #2 Sam 15.16; 20.3 reponn:
— Al kouche ak lòt fanm kay papa ou yo, sa li kite dèyè pou okipe palè a. Lè sa a, tout moun nan peyi Izrayèl la va konnen bagay la gate nèt ant ou menm ak papa ou. Konsa, moun ki avè ou yo ap vin pi ankouraje.
22Se #2 Sam 12.11,12 konsa yo moute yon tant pou Absalon sou teras do palè a. Epi la, devan je tout moun peyi Izrayèl yo, Absalon kouche tout mètrès papa li yo. 23#2 Sam 15.12 sa a, nenpòt konsèy Achitofèl te bay se tankou si se te pawòl Bondye. Ni David ni Absalon te toujou swiv konsèy li yo.

Currently Selected:

2 Samyèl 16: HAT98

Highlight

Share

Copy

None

Want to have your highlights saved across all your devices? Sign up or sign in